Pòtoprens, 27 mas 2020 [AltèPrès] --- Nan maten vandredi 27 mas 2020 an, moun yo pa rive idantifye dappiyanp, nan zòn Pèleren (sou anwo Petyonvil), doktè Jerry Bitard, ki se youn nan responsab Lopital Bernard Mevs.
Yon enfòmasyon, youn nan responsab Lopital Bernard Mevs yo konfime pou ajans sou entènèt AltèPrès.
Zak kidnaping sa a fèt, pandan doktè a t ap kite lakay li, pou l ale nan Lopital la.
Aprè zak kidnaping sa a, administrasyon Lopital Bernard Mevs la deside fèmen pòt li, jouk yo lage doktè Jerry Bitard.
Lopital Bernard Mews twouve l sou wout ayopò entènasyonal Pòtoprens lan, nan antre Vilaj solidarite an. [rf emb rc apr 27/03/2020 13:30]