Español English French Kwéyol

Kowonaviris : Asosyasyon pwoprietè ak chofè Ayiti yo pran dispozisyon pou diminye kantite pasaje nan machin yo

Pòtoprens, 24 mas 2020 [AlterPresse] --- Asosyasyon pwoprietè ak chofè Ayiti yo fè konnen li koumanse pran dispozisyon pou fè chofè yo pran mwens moun pase kantite yo te konn pote nan machin yo.

Machin ki te konn pote 18 moun ap pote kounye a 14 moun. Sa k te konn pote 65 moun, ap pran sèlman 45 moun jodi a, daprè kowòdonatè Asosyasyon pwoprietè ak chofè Ayiti yo, Mehu Changeux, ki t ap reponn kesyon jounalis AlterPresse ak AlterRadio.

Dispozisyon sa yo, se yon fason pou pote kole nan batay pou anpeche epidemi nouvo kowonaviris lan gaye sou teritwa nasyonal, peyi d Ayiti an.

Asosyasyon pwoprietè ak chofè Ayiti yo ta koumanse suiv nouvo prensip sa yo, nan kèk zòn, tankou Miragwan ak Mibalè.

Mete sou sa, yo gen tan bay fè mil ti bokit, ki tou genyen tiyo ladan yo, pou mete nan estasyon machin yo.

Se yon fason pou pasaje yo lave men yo, anvan yo monte machin tranpò yo, dapre Asosyasyon pwoprietè ak chofè Ayiti yo. [jep emb rc apr 24/03/2020 13:30]