Pòtoprens, 15 mas 2020 [AltèPrès] --- Pou 2 semenn k ap vini yo, kidonk jis rive finisman mwa mas 2020 an, peyi d Ayiti p ap asepte resevwa okenn avyon, ki soti nan peyi Ewòp ak Amerik latin yo, akoz epidemi koronaviris lan, k ap gaye toupatou sou latè, dapre sa ajans sou entènèt AltèPrès aprann.
Se gouvènman premye minis Joseph Jouthe lan, ki monte 4 mas 2020 an yon fason depaman ak lalwa, ki fè konnen desizyon sa a, nan yon rankont ak laprès dimanch apremidi 15 mas 2020 an.
Men, avyon, ki soti nan peyi Etazini, ap kapab ateri nan peyi d Ayiti, sou baz yon antant avèk otorite ameriken yo. Fanm ak gason, k ap kite peyi Etazini, ap gen pou sibi yon tès, pou gade si yo pa gen jèm epidemi koronaviris lan nan san yo, anvan yo rive nan peyi d Ayiti.
Depi lendi 16 mas 2020 an tou, apati minui, moun p ap kapab vwayaje sou fontyè ak Repiblik Dominiken yo.
Se sèlman machandiz y ap kite pase sou fontyè yo. Otorite lasante 2 peyi, ki sou zile Ayiti an, ap gen pou fè tès sou tout machann, k ap fè alevini ak machandiz sou fontyè yo.
Men yo pa di anyen sou mache binasyonal yo, kote anpil anpil moun toujou ap fè laviwonndede, jou lendi ak vandredi, toulède bò sou fontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominiken yo.
Pandan tan sa a, gouvènman Jouthe lan sispann tout vwayaj ofisyèl leta yo, pou ale lòt bò dlo. Sizoka sa nesesè, prezidans lan, biwo premye minis lan ak ministè afè etranje kapab bay otorizasyon espesyal, pou vwayaj lòt bò dlo.
Jis rive nan dat dimanch 15 mas 2020 an, ministè sante piblik pa dekouvri okenn ka sispèk, ni jwenn okenn moun ki kontamine nan epidemi koronaviris lan.
Gouvènman an mande tout moun evite rasanble nan gwoup,, san li pa di ki kantite moun li swete pa rasanble ansanm.
Kesyon tout moun ap poze, èske, jan sa fèt nan anpil lòt peyi, peyi d Ayiti pral deside mete tout moun sou siveyans, pou yo pa soti kite lakay yo, fèmen lekòl ak inivèsite, sispann tout kalte aktivite yo, yon fason pou evite epidemi Koronaviris lan vin gaye sou teritwa nasyonal lan. [emb rc 15/03/2020 16:00]