Analiz sou pri pwodwi petwolye yo k ap ogmante san rete

Kominike Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)

AlterPresse jwenn dokiman sa a 6 me 2005

Jan sa parèt nan tablo sa a sou evolisyon pri pwodui petwolye yo, pri pwodwi sa yo pa janm sispann ogmante depi septanm ane 2000 la jouk jounen jodia a, dènye ogmantasyon an fèt jou ki te 9 avril 2005 la. Pri gazolin 95 ak gazolin 91, gazòy la depase twa fwa pri yo te ye nan dat sa a, yo te nan 37 ak 33 goud 50, 22 goud 50, yo vin fè 135, 131 ak 87 goud. Pri kewozèn nan ogmante plis pase 4 fwa, li te 18 goud li pase nan 84 goud.

Nou tout nou konnen wòl istorik pwodwi petwolye yo nan lavichè nan peyi Dayiti. Chak fwa pri pwodwi sa yo ogmante, li fè pri transpò a ogmante. Ogmantasyon sa a trennen dèyè l tout lòt pwodwi konsomasyon tankou manje, rad, soulye, dlo, ak sèvis yo tankou sèvis sante, chak fwa doktè yo ogmante pri konsiltasyon yo, pri medikaman ogmante, sèvis edikasyon tankou pri lekòl ak ekipman eskolè monte tou.

Se kouch moun ki pi defavorize yo tankou chofè, peyizan, ouvriye, pwofesè lekòl, elèv lekòl k ap viv nan katye popilè yo ki plis sibi sitiyasyon sa a.

Gouvènman Bonifas/Latòti a fè konprann li ogmante pri gaz yo paske pri yo ap pran lonn sou mache entènasyonal la. Men sa li pa di sèke se politik baryè lib la ki fè valè goud la ap bese pa rapò ak dola a ki lakoz nou bezwen plis goud pou achte yon dola jounen jodi a. Li derefize sibvansyone pwodwi sa yo, pandan l ap reyalize 50 goud sou chak galon gazolin ki antre nan peyi a. Pandan li pa vle bay bourad lajan pou pri gaz la bese a, li pa chich ditou ak bizismann ki nan komès pwodwi sa yo (Konpayi petwolyè yo ak Distribitè yo): ansanm yo fè 20 goud sou chak galon gazolin 95, 16 goud sou chak galon gazolin 91, 14 goud sou chak galon gazòy ak 13 goud sou chak galon kewozèn epi tanzantan li ba yo yon lòsyè. Pa ekzanp lè gouvènman sa a monte sou pouvwa a, li mete 2 santim 73 anplis sou chak galon pwodwi petwolye yo pou distribitè pwodwi sa yo [1]. Konsa maj pwofi yo anplis ogmante rive trant nèf milyon sèt san uit mil desan karant uit mil (39 708 248) goud pou gazolin nan, katreven trèz milyon uit san swasant twa mil twa san vent nèf (93 863 329) goud pou gazòy la [2]. Resèt total anplis sou 2 pwodwi yo san nou pa konte kewozèn nan monte san trant twa milyon senk san swasant onz mil senk san swasant disèt (133 571 577) goud pou yon lane.

Se pa sèl avantaj gouvènman an deside bay moun k ap fè biznis nan peyi a. Li otorize boujwazi revandèz la pou l pa peye taks pandan twazan apre chimè Aristid yo te fin sakaje bòdmè a lè misye kite peyi a. Li kite l ak tout avantaj yo te jwenn nan men pouvwa lavalas la an 1995 ki te retire yon bann taks ladwann pou yo te ka fè machandiz antre libelibè nan peyi a. Konsa yo reyalize 4 milya goud pou pi piti chak ane. Konsa gouvènman an gen anpil posiblite pou sibvansyone pri pwodwi petwolye yo. Konbyen kòb li antre: li fè yon milya nèf san trèz milyon uit san trant senk mil (1 913 835 000) goud sou gazolin nan [3], yon milya katreven senk milyon sèt san senkant de mil uit san (1 085 752 800) goud sou gazòy la [4], nèf milyon desan venn sèt mil sèt san swasant (9 227 760) goud sou kewozèn nan. Sa fè yon total twa milya uit milyon twasan swasant senk mil senk san swasant (3 008 365 560) goud. Konsa gouvènman an gen anpil posiblite pou l fè pri pwodwi pwtwolye yo desann ra planche.

Sa gouvènman an fè sèke li chwazi peye Fon Monetè ak Bank Mondyal 2 milya goud kòm enterè pou dèt gouvènman anvan yo te fè nan resèt pwodwi petwolye nan kase bra pèp la pou boujwazi a ka konsève tout richès li.

Fòk mas popilè yo mobilize, goumen kont gouvènman an pou fòse l sibvansyone pwodwi sa yo pou fè lavichè a desann. Se sèl fason pou mas yo rale yon souf anba lavichè.

Pou MODEP

Iv Batèlmi