Nòt pou Laprès òganizasyon zanmi Sant Rechèch, Refleksyon, Fòmasyon ak Aksyon Sosyal (Cerfas) youn nan Institisyon Pè Jezuit yo nan Peyi Dayiti
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 26 oktòb 2019
Nou menm reskonsab ak manm Òganizasyon kominotè, patnè CERFAS, (ki se Sant Rechèch, Refleksyon, Fómasyon ak Aksyon Sosyal - youn nan Institisyon Pè Jezuit yo nan Peyi Dayiti-), salye tout moun nan divès sektè nan peyi a ak aletranje. Nou soti nan zantray mas pèp la e n ap travay nan mitan plizyè katye popilè nan kapital la, kote lanmizè ak ensekirite ap taye banda.
Nou pwofite voye senpati nou e nou salye memwa tout moun ki viktim yo, sitou nan kad mobilisasyon yo pou mande yon chanjman reyèl nan kondisyon lavi pèp Ayisyen an.
Nap voye senpati nou bay tout manm laprès an jeneral ki viktim, yon fason oubyen yon lòt, nan egzèsis fonksyon yo, espesyalman Rospide Petion ak Néhémie Joseph ki tonbe.
Depi plis pase 15 mwa, soti 6-7 jiyè 2018, jouk jounen Jodi a, nou konstate peyi a ap viv yon sitiasyon enstabilite, ki kòmanse ak divès desizyon degrenn gòch otorite yo nan leta a ap pran, soti nan ogmatasyon pri pwodwi petwolye yo, mete sou premye bidjè administrasyon Moïse/Lafontant an, kite vize toupizi mas defavorize a, kote nan dènye konferans pou laprès Prezidan Repiblik la te bay la, nan Palè Nasyonal, nan jou ki te madi 15 oktòb 2019 la, li rekonèt tankou plizyè sektè nan lavi nasyonal la te kalifyel ‘’ Bidjè kriminèl ’’.
Nou konstate sou administrasyon Moïse la, koripsyon an reprezante youn nan pi gwo gangrèn k ap fini ak sosyete a; poutan prezidan an te pwomèt administrasyon li an ta pral goumen kont 5 pi gwo pwoblèm ki, daprè li, ap boulvèse peyi a. Tout 5 gwo pwoblèm sa yo se koripsyon.
Nou ka site kòm egzanp :
Kontra eskandal dèmalòg la, ki enplike dirèkteman Madanm Prezidan an, Martine Moïse, epi ki fèt andeyò Prensip Kou Siperyè Dè Kont Ak Kontansye Administratif (CSCCA) yo.
Fim Prezidan Repiblik la, Agritrans ki enplike nan detounman fon petwokaribe, daprè rapò (CSCCA ), epi ki transfòme an Sofiday, pou al kontinye fini ak kès leta a, epi lajan ak pòs k ap distribiye bay Senatè ak Depite pou ratifye Premye Minis.
Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, te di li pral travay pou etabli yon Leta de dwa pandan l ap ranfòse aparèy jistis peyi a; poutan nou konstate depi Jovenel Moïse rive sou pouvwa a , li fè aparèy jistis la vin pi fèb; enpinite ap vale teren sou tout fòm. Kòm egzanp, prezidan deklare nan laprès fransèz ke yo fè l nome 50 jij kowonpi nan aparèy jistis la, san nou pa bliye lajan transfè ayisyen k ap viv lot bò dlo; gouvènman an lage 7 Mèsenè etranje lapolis te arête ak gwo zam lagè sou sòl nasyonal la, andeyò lalwa elatriye.
Kidonk, nou konstate peyi a pap dirije.
Ensekirite ap vale teren, kote se bandi k ap dirije nan divès katye popilè nan vil yo, nan bouk yo ak nan seksyon kominal yo. Peyi a divize an divès moso, kote transpò piblik la paralize, ant kapital la ak rès depatman yo.
Pandan 2 dènye mwa sa yo, sitiasyon an vin pi katastrofik, kote :
Timoun pa ka ale lekòl, enstitisyon piblik tankou prive pa ka bay sèvis, jan sa ta dwe fèt, pri pwodwi premye nesesite yo ap vin pi chè chak jou pi plis epi to enflasyon an ogmate plis pase 19%.
Sitiasyon sa a lakoz popilasyon an pran lari, chak jou Bondye mete, pou manifeste mekontantman l epi egzije demisyon Prezidan Repiblik la Jovenel Moïse, pwosè petrokaribe a ak chanjman sistèm peze souse sa a.
Lè nou konsidere pa manke anyen pou peyi a tonbe nan yon gè sivil e nan tèt ansanm ak tout lòt fòs pwogrésis, ki fè tande vwa yo deja sou kriz la, nou mande Prezidan Repiblik la pran yon desizyon sajès, remèt demisyon l san bri san kont, pou evite peyi nou an konnen yon demen katastrofik. Lè sa a, listwa va pale de li.
Nou menm mas pèp k ap soufri a ak tout tout òganizasyon ak alyé nou yo, lè Prezidan fin ale, n ap fenk kare moblilize pou nou jwenn yon bon pwosè petrokaribe e pou nou chanje, tout bon vre, sistèm san manman sa a, ki bloke devlopman peyi a e ki reskonsab tout kalite malè sa yo, ki tonbe sou sosyete nou an.
Pami mounn ak òganizasyon ki siyen nòt sa a :