Kominike GRALIP
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 3 me 2005
Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès (GRALIP) ap salye konsè ak konfrè jounalis Laprès ki granmoun tèt li a, nan okazyon 3 me 2005 la ki se 15 zyèm fwa depi y ap fete Jounen Entènasyonal Libète Laprès. Se à’ganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Lasyans ak Lakilti (UNESCO) ki te deside chwazi dat sa a pou fè chonje wòl Libète Laprès genyen sou latè.
GRALIP kwè jounen 3 me a ta dwe, toupatou sou latè, espesyalman nan peyi nou an Ayiti, yon moman pou nou reflechi, fè bilan ak brase lide sou sitiyasyon metye jounalis la, sou defi tou nèf k ap tann medya yo ak sosyete a, sou ganj ak valè nou dwe ranfòse.
GRALIP vle wete chapo l devan tout jounalis ayisyen, fanm kou gason, k ap fè gwo sakrifis, malgre feblès mwayen, malgre tantativ koripsyon, tout sila k ap fè jefò pou kenbe yon liy pwofesyonèl san foub ni manke melanj, men pou pwoteje ak fè pwomosyon pou yon enfòmasyon lib, san baboukèt, ki chita sou règ jwèt demokrasi, sou respè lalwa, sou jistis soysal ak enterè piblik la an jeneral.
Men, GRALIP ta vle fè konsè ak konfrè jounalis yo chonje, yo gen responsablite pou kontinye ranfòse kapasite pwofesyonèl yo kòmsadwa, detan y ap evite genyen konpòtman k ap voye monte pou vyolans, k ap lage vèni sou moun, k ap tòdye enfòmasyon oswa k ap mete pase genyen. Li nesesè pou konsè ak konfrè jounalis yo redi kare bare konviksyon yo genyen pou respekte bon jan prensip ak moralite nan ekzèsis metye jounalis la.
GRALIP ap envite konsè ak konfrè jounalis, k ap feraye an Ayiti yo, pou yo pran kouray yo ak 2 men, kontinye san gade dèyè, ansanm ak medya kote y ap travay yo, konsidere tout sa k ap jwe nan moman nan viv koulye a ak tout defi estrikti peyi a dwe leve nan peryòd n ap viv la a.
Anplis jefò òganizasyon nan mitan nou, pou nou mete pi bon estrikti nan metye jounalis la, GRALIP kwè tou, li enpòtan jodia pou Laprès fouye pi plis toujou reyalite chak jou yo, yon fason pou nou ka rive pran bon jan dispozisyon pwofesyonèl sou : kesyon edikasyon sou anviwonman ak konpòtman moun dwe genyen nan sosyete a, sou edikasyon sivik, sou fason chak moun dwe angaje tèt yo nan batay pou chanje sosyete a nètalkole, sou kesyon koripsyon k ap minen yon seri medya, sou fòmasyon pou jèn jounalis yo, sou fason pou yo remèt kat Laprès bay fanm ak gason k ap antre nan metye jounalis la, sou kesyon lajan jounalis yo ap touche, sou kesyon avantaj sosyal yo dwe genyen, sou plan karyè nou ta dwe tabli nan metye jounalis la, pami tout gwo sousi k ap brase bil nou kòm pwofesyonèl.
Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès ap pwofite de dat senbòl 3 me 2005 la, pou salye memwa jounalis Radyo Kontak FM, Robenson Laraque, ki mouri ak 25 an sou tèt li nan dat 4 avril 2005 la nan peyi Kiba, kote yo t al eseye wè si yo ka sove lavi l apre l te pran 2 bal nan moman lese frape ant militè Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon an Ayiti (MINUSTAH) ak ansyen militè ayisyen jou ki te 20 mas 2005 nan vil Tigwav, ki chita sou yon distans 68 kilomèt nan sid Pòtoprens.
Menm jan ak Jan Dominik, yo te asasinen nan dat 3 avril 2000, ak Briyòl Lendò yo te touye ak kout manchèt nan dat 3 desanm 2001, konfrè jounalis Robenson Larak merite jwenn jistis tou, dapre GRALIP.
Pou GRALIP,
Vario Sérant, Kowòdonatè prensipal
Stéphane Pierre-Paul, Asistan Kowòdonatè
Ronald Colbert, Administratè