Pòtoprens, 27 septanm 2019 [AlterPresse] --- Plis pase 7 moun mouri, pami yo 4 ki te nan twoke kòn ak Lapolis nasyonal d Ayiti, nan moman latwoublay, soti lendi 16 pou rive mekredi 25 septanm 2019 lan.
Gen plis pase 20 manifestan ki blese, dapre Lapolis nasyonal la, ki di li arete plis pase 60 moun, sou teritwa nasyonal lan.
Se moso bilan, pòtvwa an apre nan Lapolis nasyonal d Ayiti an, Gary Desrosiers, bay Laprès.
Depi dat lendi 16 septanm 2019, manifestasyon ap rapousuiv san gade dèyè, kont Jovnèl Moyiz, manifestan yo lonje dwèt sou li pou zak fè wout kwochi ak lajan leta, daprè yon rapò Lakoudèkont sou program Petwokaribe an. [emb rc apr 27/09/2019 10:30]