Español English French Kwéyol

Ayiti-Ensekirite : Bandi ak zam touye Betty Laurent, apre yon transaksyon li te sot fè Labank

Pòtoprens, 29 dawout 2019 [AlterPresse] --- Bandi ak zam, yo pa idantifye, ansasinen, mèkredi 28 dawout 2019 la, nan Delmas 57, Betty Laurent, apre li te sot fè yon transaksyon nan yon bank sou Delma.

Mari dam lan, Paul Marie Calixte, ki te gen avek li pitit gason yo, ki gen 5 lane, fè konnen se yon kob yo t al chache nan bank lan,pou peye lwaye kay yo.

Men, Paul Marie Calixte, ki se yon jij depè nan Tigwav, deklare li pa t prè viktim nan, nan moman atak la. [db emb rc apr 28/08/2019 15:45]