Mesaj Fondasyon Janmari Vensan nan okazyon vennsenkyèm anivèsè asasina Pè Janmari Vensan
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 28 out 2019
Jodi a, 28 dawout 2019, nan jou ki koresponn ak vennsenkyèm anivèsè asasina Pè Janmari Vensan, nou tout, manm Fondasyon Janmari Vensan an, nou vle kole rèl nou ak rèĺ tout òganizasyon sosyo- pwofesyonèl, kiltirèl, ekonomik e politik k ap mande pou nou chanje sistèm gouvènman peyi a. Janmari ansanm ak Pè Tijan Pyèlwi te fè pati, onon Bondye renmen an, yon kolonn militan kretyen revolisyonè, ki te deside bay vi yo pou sa chanje, pou pòv yo retounen gen lespwa. Byen avan li te òdone kòm prèt nan Kongregasyon Pè Monfòten yo, Janboul te bay akò li ak Levanjil Jezi Kri a nan lane 1971 la. Li fè kò avèk plizyè kanmarad pou l pran avèk yo yon angajman pwofetik radikal pou l denonse kontradiksyon ki genyen nan legliz yo, nan relijyon yo ak nan Leta a sou pouvwa diktatoryal divalyeris makout la. An menm tan, li t ap motive konsyantize epi mobilize jenès peyi a ak fòs rezistans ki gen nan tout mouvman sosyal rebèl yo, pou yo tounen rasin k ap fè Mapou Libète ak Jistis la repouse byen dwat sou tè zansèt nou yo.
Jounen jodi a, nou wè nan ki tyouboum lidè pouvwa egzekitf yo, pouvwa lejislatif ak pouvwa jidisyè a jete tout enstitisyon peyi a. Nou konstate mizè ekstrèm 90 pou san nan popilasyon an. Nou tande moun k ap tonbe anba bal nan katye popilè yo, nan bidonvil yo ak nan depatman yo. Aba bandi legal yo ak gang ame yo pouvwa politik yo remèt gwo zam fann fwa pou teworize popilason an !
Nou denonse ak tout fòs nou degradasyon ekonomi peyi a k ap lakòz gwo puisans kapitalis yo fè tantativ, pou yo mete nasyon an anba titèl, pou yo gen tan fè dappiyanp sou kolosal richès ki gen anba tè peyi a. Nan sitiyasyon sosyo politik difisil sa a kote pèp la ap fè fas ak yon vyolans kote Leta parèt konplis e yon prekarite ekonomik san parèy, n ap rele bare epi jije tout moun ki patisipe nan tout kalite krim kont pèp ayisyen an. Nou vle pou tout sitwayen ak òganizasyon konsekan, tout legliz yo ak tout relijyon yo met tèt yo ansanm nan linyon ki fè lafòs la pou yo refonde peyi a sou baz transparans, inite, onètete, jistis ak patisipasyon.
Ann fè pwojè Levanjil la ki se rèv Janmari ak Tijan an tounen yon reyalite.
Pòtoprens jou ki 28 daou 2019
Pè Frantz Grandoit
Kòdinatè kòdinasyon Fondasyon Janmari Vensan