Jane Regan
Vesyon kreyòl yon atik ki te parèt nan Fairness & Accuracy in Reporting (FAIR) ak sou AlterPresse
Plizyè milye moun pran lari atravè peyi a pou denonse koripsyon gouvènman patripòch. Envestigasyon rive montre voylans lapolis ak gang kriminèl ap fè. Ekonomi an pa sispann vin pi mal. Moun ap mande prezidan an demisyone.
Si nou t ap pale sou peyi Venezuela, jan analiz FAIR montre sa deja, jounalis meriken nan gwo medya “mainstream,” ki vle di, ki nan men gwo enterè ekonomik, ansanm ak moun ki konn fè komantè nan laprès, t ap kleronnen fòk gen « regime change » – fòk rejim nan chanje. Jan nou konnen, depi 10 zan, gwo medya meriken yo te toujou byen wè entèvansyon enperyalis Wasington nan peyi Venezuela.
Sepandan, nou p ap pale sou Venezuela. N ap pale sou Ayiti. Ki vle di, Washington pa dakò pou gouvènman an chanje.
Sa pa vle di Washington te toujou pa dakò ak koudeta ak lòt fòmil pou fè yon rejim kite Pale Nasyonal la ! An nou pa bliye jan toulède prezidan Bush yo – papa ak pitit – te bay aval yo epi apiye 2 koudeta kont prezidan Jean Bertrand Aristide nan lane 1991 epi nan lane 2004, jan Amy Wilentz te byen dekri nan jounal pwogresis The Nation epi jan FAIR te fè n sonje.
Menm jan ak sitiyasyon nan peyi Iran ak Venezuela aktyèlman, « regime change » kont Aristide yo te sa jounalis Jeremy Scahill te rele « Regime Change We Can Live With » oswa chanjman nan rejim nou renmen na. Scahill travay nan yon lòt medya pwogresis, The Intercept, epi denyeman li fè yon bon pwogram odyo ki pale sou sitiyasyon sa yo.
Sepandan, sityasyon nan Venezuela ak Ayiti jounen jodi a pa sanble ak sitiyasyon Ayiti pandan epòk Aristide yo. Paske ni Prezidan Maduro, ni Prezidan Aristide, pa sanble Jovenel Moyiz, ki fè sa Washington vle. Se pa etonnan. Se moun sa a Martelly, yon lòt popetwèl meriken, te chwazi pou kontinye fè politik “louvri pou biznis.”
Se pou sa gwo medya meriken pa mande Moyiz demisyone ?
De tout fason, yo pa fè bon travay nan bay pèp meriken bon jan enfòmasyon sou kriz ayisyen ki pa janm sispann vin pi grav, epi gen kòm yonn nan prensipal kòz li 2 koudeta kont Aristide ak yon seri politik ekonomik neyoliberal brital gouvènman meriken te pouse depi lane 1980 yo.
Ki mele yo si plizyè milye moun nan lari. Moyiz ap rete.
Menmsi eleksyon 2016 pa t gen kredibilite. Selman 21 pousan pèp la vote, ki se “yon patisipasyon nan yon elèksyon nasyonal ki pi ba pase tout lòt peyi nan lemisfè Lwès depi 1945,” dapre yon rapò IJDH-BAI.
Malgre sa, Moyiz ap rete.
Menmsi Depatman Deta meriken di tout moun ki panse yo ta renmen vizite peyi a, gen “krim, manifestasyon ak dappiyanp” ; menmsi Moyiz anba akizasyon pwòp Koudèkont ayisyen pou vòl ak koripsyon lajan Petwokaribe ; menmsi ekonomi peyi a pa sipann vin pi mal ; menmsi plizyè enstitisyon Leta te fèmen pandan yon semèn epi gen anpil anplwaye Leta ki pa touche depi yon mwa ; menm si ONI di peyi a ap viv yon « kriz imanitè » ; menmsi vyolans ak ensekirite pa sispann monte (yon rapò Nasyon Zini di yo konprann lapolis te prezan pandan Masak Lasalin kote omwens 26 moun mouri, epi te gen 2 ka vyòl plizyè gason fè sou menm fanm), epi menmsi gwo manifestasyon atravè peyi a kont koripsyon pa sèlman manifestasyon yo ye, se yon soulèvman, jan mwen ekri sa ane pase.
Fòk nou admèt, kèk nan gwoup medya yo, tankou Miami Herald (4-6-2019) ak NPR (11-6-2019) konn bay repotaj sou manifestasyon yo, eskandal Petwokaribe ak masak la ki pa mal.
Sepandan, majorite gwo medya meriken pa menm transmèt atik Associated Press yo, epi apa kèk bon atik opinyon, okenn nan repotaj nan gwo medya yo pa fouye zo nan kalalou, jan nou te konn di nan Ayiti Kale Je.
Sa k pi mal, yon atik Miami Herald te soti jou 19 jen an sou delegasyon OEA, yon atik ki bay tèt li non « fact-finding », ki vle di rechèch sou sa k pase, te fè pi mal pase reyalize yon repòtaj ki pa fouye. Jounalis Jacqueline Charles te jwe wòl tapi woulant pou enperyalis meriken an lè l te site yon ofisyèl OEA ki pa t bay non li, epi ki setènman t ap fè plis pase chèche konnen sa k pase.
Atik la – ki te gen tit “OEA di opozisyon an fè bak” – te site moun sa a 7 fwa epi fasilite moun sa a pase opozisyon an lòd ansanm ak manm mouvman pwotestasyon an. “Si ou pa renmen Moyiz, solisyon an se bat li nan pwochen eleksyon yo,” Charles te di moun nan te di. “Nou p ap mande l demisyon.”
Sa te fè m ri, paske sa pa fè lontan, OEA te mande yon lòt prezidan demisyone.
Se te nan Venezuela.
OEA te pran yon vòt (19-1-2019) kote yo te di yo pa t rekonèt Maduro kom prezidan peyi sa a (Ayiti te vote ak Wachintonn, epi kont ansyen byenfetè a). OEA te di eleksyon yo pa t bon, epi li te di tou, li te preokipe anpil sou “sitiyasyon politik, ekonomik, sosyal ak kriz imanitè k ap vin pi grav akòz kriz nan lòd demokratik ak gwo vyolasyon dwa moun.”
Lis sa a fè m sonje sitiyasyon an Ayiti, plis pase Venezuela. Sepandan, mesaj OEA te voye atravè Miami Herald te lekontrè.
Kesyon – Eske se te vrèman yon mesaj OEA ? Oswa, èske se te yon mesaj pouvwa ejemonik emisfè a ?
Omwens youn nan ambasadè OEA yo, Sir Ronald Sanders, ki reprezante zile Antiga ak Babad, te denonse delegasyon sa a. Li te ekri se pa t yon delegasyon ofisyèl epi li pa t gen okenn manda nan men OEA. Li di tou delegasyon sa a se te yon « lòt egzanp moun OEA ki bay règleman ak otorite òganizasyon an vag. »
Se pa etonnan se te ambasadè meriken Carlos Trujillo ki te alatèt delegasyon ki te rete deyè pòt pandan tout vizit li, epi ki pa t janm bay okenn konferans pou laprès.
Gòl pou enperyalis ?
Lèt Sanders la te rive nan laprès aysiyen, men se apre jounal ak radyo te gen tan bay vesyon franse oswa kreyòl “scoop” Miami Herald la, atravè peyi a.
Lektè ak oditè ayisyen kou entranje t ap jwenn pi bon sèvis nan men gwo medya meriken si medya sa yo te suiv konsey pwòp kòd deyonoloji pa yo nan Society for Professional Journalists (vesyon franse a), ki di “chèche laverite ak fè repòtaj sou li,” “pa fè okenn domaj,” epi – sa k pi enpotan nan ka sa a – “reflechi byen sou motivasyon sous ou anvan ou pwomèt yo ka rete anonim.”