Kominike Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 20 avril 2005
Desizyon gouvènman Bonifas/Latòti a pran pou ogmante pri transpò a olye li sibvansyone pri pwodwi petwolye yo se yon desizyon sinik. Desizyon an parèt nan avantaj chofè yo men an reyalite li pa nan enterè yo, tankou li pa nan enterè tout lòt moun ki nan kouch ki pi defavorize nan popilasyon an piske li pral fè pri pwodwi premye nesesite yo, byen ak sèvis yo tankou manje, rad, soulye, dlo, sèvis sante, ekolaj lekòl pou nou site sa yo vin pi chè. Kidonk, pri lavi a pral pi di pou chofè yo tou tankou tankou tout lòt moun ki nan klas defavorize yo. Pifò moun ki te konn pran kamyonèt oswa taksi pral blije mache apye. Men èske se posiblite ki pa genyen pou gouvènman an soutni pri pwodwi petwolye yo?
Premye minis la fè konnen ogmantasyon pri pwodwi petwolye yo se rezilta ogmantasyon yo sibi sou mache entènasyonal la, kidonk li pa ka fè anyen. Se vre pri pwodwi sa yo sou mache entènasyonal la konte nan pri yo vann nan ponp lan men se pa sèl yo ki responsab. Gen lòt faktè ki jwe wòl pa yo ki lakoz sitiyasyon sa a: to dechanj goud/dola a, taks leta mete sou gaz la, maj pwofi konpayi petwolyè yo, maj pwofi distribitè yo:
Politik wete trip mete pay la: politik neyoliberal la, gouvènman Latòti a kontinye ap aplike a yon lòt absè nan mizè pèp la. Si pwodiksyon nasyonal la te ansante epi mache a pat louvri san kontwòl, to dechanj ant goud la ak dola a t ap pi ba. Gaz la tou t ap koute mwens lajan. Avèk yon to dechanj jodi a 38 goud pou yon dola meriken, yon barik petwòl koute 60 dola konsa sou mache entènasyonal la, yon galon koute 1.43 dola osnon 54 goud 35. Si to dechanj lan te 10 goud pou yon dola meriken, nan lajan ayisyen pri sou mache entènasyonal la t ap fè 14 goud 30. Pa mwayen sa a sèlman, 36 goud t ap ka soti sou pri gaz la: gazolin 95 lan t ap koute 99 goud, gazolin 91 lan t ap vin fè 95 goud, gazòy 48 goud. An nou imajine ki jan sa ta ye si nou pa tap achte 7 milya goud manje aletranje.
Gouvènman an fè konnen li pa ka bay bourad lajan (sibvansyon) pou pri pwodwi petwolye yo desann. Li chwazi fè tèt rèd ak chofè yo, men li pa chich ditou ak sektè prive a: maj pwofi distribitè yo pa galon pwodwi petwolye sou pouvwa sa a ogmante 2 santim 73 anplis. Sou enpòtasyon gazòy la ki se 95.000.000 galon pou yon lane, yo reyalize 98.553.000 goud anplis, sou gazolin 95 ak 91, yo reyalize 31.122.000 goud (sou yon enpòtasyon 30.000.000 galon pa ane).
Sa se pa anyen, gouvènman an prevwa anplis nan kad pwogram CCI a ede sektè prive a pou yon montan 29 milyon 100 mil dola ameriken, ki bay 1 milya 105 milyon goud pou 2 zan. Si kantite lajan sa a te sèvi pou soutni pri pwodwi petwolye yo, sa t ap pèmèt li retire ant 20 ak 40 goud sou gazolin 91 lan pa ekzanp.
Avantaj bab e moustach gouvènman an ap bay sektè prive a, koze koripsyon fè kenken nan administrasyon leta ak nan nivo pouvwa a: pa ekzanp ki sa ki jistifye yon fonksyonè leta ki an misyon aletranje gen 500 dola ameriken pa jou kòm lajan pòch pandan frè otèl pa sou kont li ! Ki sa ki eksplike 25 milyon 596 mil goud pral sòti nan bidjè a kòm bourad lajan bay sektè prive a (referans atik bidjetè 1216-2-14-)! San nou pa konte bann aktivite initil ki p ap mennen amelyorasyon nan kondisyon lavi mas popilè yo: Ki sa sa itil mas popilè yo gen yon biwo nan Ministè Komès pou jere zòn franch k ap rale 13 milyon goud nan bidjè nasyonal la ? Sa vle di si gouvènman an ap chèche kòb pou soutni pri petwolye yo, l ap jwenn.
Antouka se pa nan tann komisyon gouvènman an ap fòme pa si pa la k ap fè pri pwodwi yo bese. Li enpòtan pou mas popilè òganize yo nan tout nivo pou fè presyon sou pouvwa a pou fòse l pran desizyon ki ale nan sans enterè yo. Konsa MODEP panse akote asosyasyon chofè yo, fòk gen asosyasyon konsomatè ki fòme antre nan batay pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an jeneral annatadan yon batay pi konsekan pou transfòmasyon soyete a menm.
Pòtoprens 19 Avril 2005
Pou Kòdinasyon MODEP :
Yves Barthélemy
Samuel Regulus
Frantz Moise