Español English French Kwéyol

Ayiti-Politik : Premye minis la nan palman an pou l reponn entèpelasyon Sena a

Depite yo ap tann premye minis la tou

Pὸtoprens, 18 mas 2019 [AlterPresse]--- Premye minis la nan palman an, lendi 18 mas 2019 lan, pou l bay sena a esplikasyon sou divès kesyon, espesyalman sou 8 moun lapolis te arete ak zam ilegal nan mwa fevriye 2019 lan, dapre sa AlterPresse aprann.

Sena a te avanse dat seyans entèpelasyon premye minis Jean Henry Céant pou lendi 18 mas la. Senatè yo te chanje dat seyans lan, yo te prevwa pou mèkredi 20 mas 2019 lan, nan lide pou double chanm depite a ki, limenm tou, ap tann Jean Henry Céant vin founi l esplikasyon menm lendi 18 mas la.

Premye minis lan, ki te twouve l nan peyi Mawòk, kote l t al patisipe nan yon fowὸm entènasyonal, rantre nan peyi a dimanch 17 mas 2019 la, olye madi 19 mas 2019 la, jan biwo premye minis lan te anonse sa.

Biwo sena a te bay Jean Henry Céant pou l chwazi lendi 18, madi 19, mèkredi 20 oubyen jedi 21 mas 2019, pou vin defann tèt li nan palman an.

Tankou yon kous k ap fèt, senatè ak depite yo ap batay antre yo pou yo tande premye minis lan an premye.

Aprè yon gwoup 70 depite te voye yon lèt bay prezidan chanm depite a, Gary Bodeau, pou mande li entèpele premye minis la ansanm ak tout gouvènman li an lendi 18 mas la, senatè yo te deside pase nan yon lὸt vitès.

Pou jistifye dispozisyon yo a, depite yo fè kwè pandan peryòd gouvènman Jean Henry Céant an, peyi a vin gen plis pwoblèm ensekirite, latwoublay ak plis lamizè.

Se tout gouvènman Jean Henry Ceant an ki pou ale, paske li pa bay rezilta, daprè youn nan depite ki siyen dokiman entèpelasyon an.

Nan kad seyans esplikasyon sa a, premye minis la, Jean Henry Céant, minis jistis la ak minis enteryè a ta dwe vin bay senatè yo esplikasyon sou 7 mèsenè etranje lapolis te arete, dimanche 17 fevriye 2019, anba lavil Pòtoprens, ak gwo zam nan men yo, men ministè lajistis te deside transfere nan peyi Etazini, nan dat mèkredi 20 fevriye 2019 lan. [emb gp apr 18/03/2019 9:35]