Pὸtoprens, 22 fevriye 2019 [AlterPresse] --- Branch, nan peyi d Ayiti, Oganizason Nasyonzini pou timoun (Unicef) mande tout moun respekte dwa timoun yo, nan moman kriz nan peyi a, nan yon kominike ki rive jwenn AlterPresse.
Yon ti gason 14 lane pami plizyè moun, ki pèdi lavi yo, nan moman manifestasyon, ki t ap fèt sou teritwa nasyonal la, ant 7 fevriye pou rive 18 fevriye 2019.
Unicef mande respekte dwa fondamantal tout timoun ayisyen, jan sa parèt nan Akò sou dwa timoun, Ayiti te vin rekonèt nan lane 1995.
Timoun yo frajil, yo sibi anpil, douvan move konsekans kriz politik ak ekonomik yo ka trennen.
Timoun yo pa dwe patisipe nan manifestasyon.
Plas timoun yo, se chita sou ban lekὸl, daprè kominike branch Uinicef nan peyi d Ayiti. [emb rc apr 22/02/2019 09:36]