Pὸtὸprens, 21 janvye 2019 [AlterPresse] --- Patenarya mondyal pou edikasyon (Pme) ap debloke 16,5 milyon dola pou pou kapab bay sektè edikasyon an jarèt, dapre anons enstitisyon an fè.
Lajan a a ta dwe finanse yon plan edikasyon ak fòmasyon pou 10 an.
Sou inisyativ Pme, Ministè edikasyon nasyonal ak fomasyon pwofesyonèl (Menfp) te patisipe, soti lendi 14 rive mèkredi 16 janvye 2019 lan, nan syèj Bank mondyal, nan Washington, nan yon atelye teknik sou pèspektiv koperasyon ak patenarya nan edikasyon.
Minis edikayson nasyonal la, Pierre Josué Agenor Cadet, bat bravo lakontantman, dèske responsab Pme yo wè nesesite pou kontinye apiye jefὸ Ayiti ap fè nan kesyon edikasyon. [apr 21/01/2019 16:50]