Español English French Kwéyol

Ayiti-Sekirite : Sena ap rankontre Konsèy siperyè polis nasyonal la, madi 4 desanm 2018 la

Pὸtoprens, 4 desanm 2018 [AlterPresse]--- Prezidan sena a, Joseph Lambert, anonse Sena repiblik la ap rankontre Konsèy siperyè polis nasyonal la, madi 4 desanm 2018 la, sou dosye ensekirite k ap vale teren nan peyi Dayiti depi kèk tan.

Konsèy siperyè polis nasyonal la dwe prezante ak tout manm li yo, nan sena, pou l di ki kalte dispozisyon y ap pran pou kwape ensekirite a, dapre sa Lambert (ki se youn nan reprezantan depatman sidès la nan sena an) eksplike.

Konsèy siperyè polis nasyonal la dwe tou bay eksplikasyon sou divès zak vyolans k ap fèt nan peyi a.

Nan menm dat madi 4 desanm 2018 lan, anvan chita pale ak Konsèy siperyè polis nasyonal la, sena a ap gen pou l rankontre ak direktè ofis nasyonal idantifikasyon (Oni) ak responsab fon nasyonal pou edikasyon an, daprè Joseph Lambert. [emb rc apr 04/12/2018 11:00]