Pὸtoprens, 3 desanm 2018 [AlterPresse] --- Yon polisye mouri ak yon lòt blese anba bal yon lòt polisye, ki te nan bouch louvri youn ak lòt, nan komin Miragwàn (depatman Nip).
Zak sa a rive nan lanwit samdi premye pou louvri dimanch 2 desanm 2018.
Pòt pawòl lapolis nan depatman Nip, Dieudonné François, di enstitisyon an lage koukouwouj dèyè polisye Enock Luma, ki ta gen men l tranpe nan zak sila a.
Enspeksyon jeneral polis nasyonal lan deja resevwa lòd pou louvri yon ankèt pou fè limyè sou sa k pase a, daprè sa Dieudonné François fè konnen. [emb rc apr 03/12/2018 10:45]