Español English French Kwéyol

Ayiti-Ekonomi : Leta ayisyen pèdi 19 milya goud pandan egzèsis fiskal 2017-2018 lan, daprè administrasyon jeneral ladwàn

Pὸtoprens, 29 novanm 2018 [AlterPresse]--- Leta ayisyen pèdi 19 milya goud pandan egzèsis fiskal 2017-2018 lan, dapre sa Direktè jeneral Administrasyon jeneral ladwàn, Romel Bell, fè konnen.

Leta ta fè pèt sa yo, akὸz franchiz li bay sektè prive a ak òganizasyon ki pa sou lobedyans gouvènman an, dapre administrasyon jeneral ladwàn nan.

Prezidan komisyon etik ak kont kòripsyon nan sena repiblik la, Youri Latortue, denonse kantite franchiz, ki ogmante anpil, Leta bay òganizasyon ki pa sou lobedyans gouvènman an.

Pandan egzèsis fiskal 2016-2017 lan, franchiz sa yo te vo apeprè 1 milya 57 milyon goud. Pou egzèsis 2017-2018 lan, franchiz yo rive nan nivo 6 milya 3 milyon goud.

Ladwàn pwomèt gouvènman pral travay, pou l pi byen kontwole zafè franchiz yo.

Se ministè planifikasyon ak ministè finans ki anchaje dosye franchiz yo, bay sektè prive ak òganizasyon ki pa sou lobedyans gouvènman an. [apr 29/11/2018 11:25]