Español English French Kwéyol

Ayiti-Medya : Ajh gen gwo kè sote sou kriz politik k ap brase bil peyi a

Potὸprens, 28 nov. 2018 [AlterPresse] --- Asosyasyon jounalis ayisyen yo (Ajh) di li gen gwo kè sote pou kriz politik peyi a ap viv la, epi ki divize laprès, nan yon nὸt li mete deyὸ nan dat madi 27 novanm 2018 la.

Asosyasyon an espere kriz sa pa divize laprès menm jan sa te ye nan lane 2004.

Sekretè jeneral Ajh la, Jacques Desrosiers, eksplike asosyasyon an soti nòt sila pou mande tout jounalis fè travay yo ak plis sans pwofesyonèl.

Desrosiers pwofite mande otorite yo ak patizan kèlkeswa gwoup politik la pou yo pwoteje epi respekte travayè laprès yo.

Sou bὸ pa l, jounalis-repòte radyo melodie fm, Raynald Petit-frère, denonse zak vyolans li di li viktim anba men plizyè moun ki di yo se sipòtè Pati ayisyen tèt kale (Phtk), vandredi 23 novanm lan, nan zòn mòn laza, Petyonvil.

Raynald Petit-frère fè konnen yon gwoup moun ki maske figi yo mete l nan mitan epi frape l sou pretèks li se jounalis kap pouse popilasyon an al fè vyolans.

Li di li sibi agresyon sa pandan li tap soti kouvri manifestasyon opozisyon an jou vandredi 23 novanm la.

Gen plizyè jou depi jounalis radyo Zenith FM, Lunie Joseph, te denonse zak entimidasyon kèk moun ap fè kont li.

Li kritike moun tou li di k ap sal non li sou rezo sosyal yo. [apr 28/11/2018 10:00]