Pòtoprens 26 oktòb 2018 [AlterPresse] --- Lapolis arete, nan apremidi vandredi 26 oktob 2018 la, ansyen direktè jeneral enstitisyon polisye a, Godson Orelus, nan kad ankèt sou chajman zam ki te debake Senmak (Latibonit, Nò) nan mwa septanm 2016, dapre sa AlterPresse aprann.
Se jij enstriksyon Dieunel Lumeran, youn nan jij enstriksyon tribinal sivil nan Sen-Mak, ki mande mete men nan pat kasav ansyen responsab Lapolis la.
Se apre l fin tande ansyen chef lapolis la, majistra a pase lòd pou ajan nan tribinal la mennen Godson Orelus nan yon espas kote l ap anba kontwòl lajistis.
Ajan lapolis nasyonal, ki te akonpanye Godson Orelus, te move kou kong, yo te menm tante kanpe desizyon majistra a te pran an.
Ansyen direktè jeneral lapolis nasyonal la, Godson Orelus, te antre nan enstitisyon Lapolis nan lane 1997. Li te dirije Lapolis nasyonal la la pandan prèske 4 lane, soti 2012 rive 2016.
Se nan mwa septanm 2016, otorite Lapolis, nan vil Senmak, te sezi yon chajman zam, ki te gen ladan 150 fizi 12 ak plizye lòt kalite zam.
Komisè gouvenman tribinal sivil vil Senmak la, Jean Claude Elancier, di li p ap ka reyaji sou dosye a, akoz se jij enstriksyon an ki arete ansyen direkte jeneral lapolis la, Godson Orelus. [apr 26/10/2018 18:00]