Moso nan yon dokiman Jistis ak Lapè
AlterPresse resevwa dokiman sa a 16 mas 2005
• Nan 2 mwa sa yo anpil moun mouri anba bal lapolis: 38 nan janvye sou 63 moun nou anrejistre ak 28 sou 68 nan mwa fevriye. Anpil fwa, deklarasyon ofisyèl lapolis fè konnen se bandi ki mouri nan afwontman ak lapolis. Kèk fwa, se plizyè moun ki tonbe ansanm. Se nan katye popilè yo plis viktim tonbe.
• Plizyè temwayaj ta fè konprann te genyen egzekisyon sòmè k ap fèt. Men kèk egzanp nan rapò sa a: sa k te rive nan Vilaj de Dye jou ki 14 janvye 2005, ak nan zòn Malson 13 janvye 2005.
• Lòt temwen toujou te fè n konnen divès zak vyolans lapolis t ap fè sou inosan oswa sou moun yo te fin metrize. Kèk egzanp: jou ki samdi 5 fevriye sou wout ayopò, yon chofè taksi te resevwa kalòt nan men yon polisye. Jou ki 28 fevriye nan apremidi, polisye t ap frape ak kout kwòs fizi yon moun yo te fin metrize e ki te kouche nan bak machin yo devan biwo migrasyon sou wout Lali.
Tout sa fè n poze tèt nou kesyon: Eske lapolis mezire fòs li kòmsadwa? Eske inosan pa viktim? Eske genyen respè pou dwa moun tout bon?
Devwa lapolis se asire sekirite nan sosyete a ak tout mwayen lalwa ba li, se konbat vyolans sitwayen ap fè sou sitwayen parèy yo. Men, sèvi ak vyolans pou fini ak vyolans pa kab fèt nenpòt jan. Gen egzijans lalwa ak reskonsablite lalwa mete. Inosan pa janm dwe viktim. Epitou, otorite yo dwe konnen pwoblèm vyolans nan sosyete a pa p janm fini ak sèl represyon.
Vyolans konn nesesè pou jere yon sityasyon kote vyolans ap fèt, men, an jeneral, vyolans ap nouri santiman revòlt, fristrasyon, lahèn ak anvi vanjans, sitou lè inosan viktim tou. Yon sosyete pa kab egziste sou santiman sa yo. Poutèt sa, peyi a bezwen yon polis pwofesyonèl, ki jere vyolans la ak anpil prekosyon, epi ki konsyan gwo reskonsablite l genyen pou mèt lapè ak kondisyon byen viv ansanm nan peyi a.
Evènman ki te pase sou Belè jou ki 28 fevriye 2005 la mande refleksyon nan sans sa a. Moun gen dwa manifeste santiman ak lide yo depi l fèt san pa gen vyolans, san pa gen zam, epi yo òbsève sa lalwa mande. Divès temwayaj nou jwenn ta montre aklè: de (2) ou twa (3) moun ta tonbe anba zam lapolis. Deklarasyon lapolis depaman ak sa temwen dirèk yo fè n konnen.
Komisyon an kondane tout zak vyolans k ap fèt nan peyi a epi ki pa kadre ak sa lalwa admèt. Li prezante senpati l bay tout fanmi viktim inosan yo, tout viktim vanjans tankou nan Vilaj de Dye, tout viktim entimidasyon ak represyon k ap fèt sou ti machann pou pran lajan sou yo, pou fè abi sou yo oswa pou fè politik ak yo. Paske, moun nan katye popilè yo viktim anba tout kalite vyolans.
Lit pou enterè ak pouvwa pa dwe fèt yon fason k ap detwi fondman moral sosyete a. N ap viv yon moman kote pi bèl tradisyon ak respè pou lavi ak kò moun ap depafini, ansanm avèk malsite k ap grandi pi plis. Konbyen tan sa ap dire pou rekonstwi yon mantalite respè ki depafini nan kondisyon konsa ?
Rekòmandasyon
Komisyon an repete, genyen plizyè travay ki dwe fèt pou lapè etabli nan peyi a:
• Lajistis dwe alawotè travay li. Li pa nòmal pou jij kòwonpi lage pou lajan moun lapolis te arete yo, san pa gen ankèt k ap fèt kòmsadwa. Menm jan tou, li pa nòmal pou moun bezwen rete nan prizon nan detansyon pwolonje. Sèl yon lajistis konpetan e kòrèk kapab mete tout moun alèz, ni sitwayen yo ni lapolis tou ki pa bezwen pè y ap lage bandi yo te arete yo pou vin tire vanjans sou yo.
• Tout zam ilegal se danje yo ye pou sosyete a, nenpòt nan men kilès gwoup yo ye. Yon dezameman konsekan dwe fèt san pèdi tan.
• Gouvènman an ak otorite lapolis yo dwe pran reskonsablite yo ak respekte dwa tout moun, sitou sa k pi fèb yo nan katye popilè yo. Chanjman nou vle a, se reyalize yon Eta dedwa.
• Tout ankèt yo anonse yo dwe abouti. N ap tann rezilta yo. Se reskonsablite gouvènman an pou fè mennen yo jiskobou, pou laverite parèt, pou enpinite fè bak. Plizyè ankèt vin ajoute sou lis ki deja byen long: tankou evènman nan penitansye nasyonal la jou ki 19 fevriye 2005 la, ak lanmò 4 polisye sou wout Klèsin jou ki 6 fevriye 2005.
Ensekirite se pa menas ki gen ak zam sèlman. Ensekirite sòti tou nan grangou, chomaj ak move sèvis Leta. Ensekirite se rezilta kondisyon sanzespwa anpil moun blije viv ladan l. Kidonk, konbat ensekirite pa kapab yon kesyon represyon sèlman. Lit kont ensekirite a mande pou kreye travay, pou òganize swen lasante ak bon lekòl. Nou ankouraje Gouvènman an pou li pa rete nan bèl pwomès sèlman, men pou l òganize sèvis Leta yo kòmsadwa. Kilè Leta ap prezan nan katye popilè yo ak pwogram sosyal ki byen chita pou bay jèn yo espwa chanjman, olye se sèl represyon ka p fèt ? Nou ankouraje sektè prive a tou pou l angaje tèt li toutbon nan tranzisyon sa a. Yo menm tou reskonsab si lavi chè konsa, si gen travay ou pa, si ap genyen lavi pou malere.
Kominote entènasyonal la pa kab rete nan repete bèl pwomès sèlman. Ansèyman sosyal Legliz la fè n wè : tout kontra ak pwomès fèt pou yo respekte yo, sitou lè yo fè yo ak moun oswa peyi ki nan gwo bezwen. Pa kenbe pwomès yo poze yon gwo pwoblèm moral, li mete aklè kalite enjistis ki genyen ant peyi rich ak pòv yo, li fè soufrans moun pòv yo vin pi plis, epi li fè yo pèdi espwa ak konfyans. (Mesaj pou jounen Lapè, 1 janvye 2003, n. 8).
Fini ak rèy enpinite a
Pou fini, nou repete, sèl fason pou konbat vyolans epi fè popilasyon an pa fin viktim, se fè koupab yo pran reskonsablite pou zak yo poze yo. Se konbat enpinite a. Se nou menm otorite yo ki la pou sa. Nan pozisyon nou ye a, nou reskonsab pou òganize yon Leta ki alawotè reskonsablite li. Nou gadyen sa k nan enterè tout sitwayen yo nan yon peyi. Nou pa mande okenn favè. Nou sèlman mande pou sa k nan pozisyon otorite fè devwa yo kòmsadwa.
Referans : P. Jean Hanssens
Direktè Jistis ak Lapè