P-au-P., 24 out 2018 [AlterPresse] --- Jan yo te anonse l la, anviwon yon milye jèn fanm ak jèn gason te leve vwa byen fò, vandredi 24 out la, devan Lakou dèkont pou mande kote kob petrocaribe a pase ?
Yon foul kite gen ladanl atis, animatè kiltirèl, jounalis, etidyan, pwofesyonèl, elatriye, ak pankat nan men yo ki ekri revandikasyon kap mande kote 3.8 milya dola ameriken lajan fon PetroCaribe a pase, dapre sa AlterPresse ak AlterRadio konstate.
Youn nan moun ki tap bay sit-in lan jarèt, komedyen Gaelle Bien-Aimé, pwofite montre enpòtans pou atis yo enplike yo pi plis nan batay pou chanje peyi- a. Li denonse fason Leta ap trete atis yo.
Bò kote pa li, aktè Jean Samuel tout moun konnen sou non Jasmuel, di kòm sitwayen li te fondamantal pou l te prezan nan kokenn chenn sit-in sa akoz revandikasyon jis.
Pou doktè Stephane Michel, moman an rive pou tout moun angaje yo nan batay kont korisyon an.
Pwofesè dwa konstitisyonèl, mèt Jacquenet Oxilus, di sit-in plizyè sitwayen òganize devan Lakou dèkont la, vandredi 24 out, marande ak tout prensip demokratik yo. Li nòmal pou popilasyon an mande eksplikasyon sou kouman Leta ap jere lajan taks li pran sou pèp la, daprè presizyon mèt Oxilus.
Mèt Jacquenet Oxilus di dosye petrocaribe gentan nan kabinè enstriksyon, Lakou dèkont paka transfome l kom tribinal pou jije dosye a.
Se Sena ayisyen an ki te remèt dosye a bay Lakou dèkont apre 2 komisyon senatoryal te fin ankete sou kesyon an. [apr 24/08/2018 17 :00]