Pòtop. 11 jen 2018 [AlterPresse] --- Moun sou wout ray, nan lakomin Kafou (sid kapital la), bloke zòn nan depi byen bonè lendi maten 11 jen 2018 pou ekzije dispozisyon leta. Machin te gen difikilte pou pase, nan anviwon bizoton 6, pou rive zòn lamarin ayisyen. Manifestan yo te limen kawotchou epi voye kout wòch pou fè tande vwa yo.
Gen yon gwo twou depi plizyè mwa, ministè travo piblik poko janm repare. Anplis, gen fatra k ap fè moun yo esplikasyon. Rèl fanm ak gason, sou wout ray, lakomin kafou, se pou enstitisyon leta yo fè jefò pou chanje figi zòn nan.
Depi apeprè 2 semenn, moun konstate yo rekoumanse travay pou fini rès wout Lilavwa a, Bon Repo, pa twò lwen Kwadèboukè, apati Seslès, zòn estasyon kamyonèt lan. Moun nan zòn nan di y ap tann pou wè ki lè wout lilavwa a, soti pòs polis Bon Repo an (sou woutnasyonal nimewo 1 an) , pou rive bòk Lopital Bedèt lan (sou woutnasyonal nimewo 3 an) ap fini tout bon. Sa gen kèk mwa, moun nan Lilavwa te leve kanpe, mete barikad, gwo wòck ak lòt debri, avèk limen kawotchou. Objektif lan, se te pouse enstitisyon leta yo, espesyalman travo piblik, rive fini travay mete beton sou wout lilavwa a, ak twotwa toudebò wout lan, san n pa bliye ranje kanivo yo.
Depi plizyè semenn, gen yon gwo wounou divès kote pou mande Leta ba yo sèvis sosyal tout bon.
Gen posiblite leve kanpe, finisman mwa jen 2018 lan, dapre divès sektè, sizoka gouvènman an ta deside monte pri gaz lan sou mache nasyonal lan.
Tout moun konnen, depi gaz monte, komèsan yo konnn deside monte pri tout lòt byen ak machandiz yo. [rc apr 11/06/2018 20:00]