Ayiti / Dwa fanm : anpil chemen rete pou fèt

Deklarasyon Kòdinasyon Nasyonal k ap Plede kòz fanm yo (KONAP) nan okazyon 8 mas, jounen entènasyonal fanm

AlterPresse resevwa dokiman sa a 9 mas 2005

Diskriminasyon k ap fèt sou fanm yo egziste nan tout peyi, nan tout kilti. Batay fanm yo toupatou sou latè depi plizyè santèn lane mennen nou nan yon kafou kote dirijan yo bije adopte tout yon seri mezi pou garanti dwa fanm yo. Nou gen egzanp yon seri gwo desizyon ki pran anfavè dwa fanm yo tankou : 1975-1985, Nasyonzini te konsakre 10 lane mobilizasyon sou dwa fanm yo, tan y ap egzije pou responsab leta yo mennen aksyon konkrèt pou fanm yo rive jwi ak egzese dwa yo kòm sitwayèn. 30 lane apre, nan pèsistans, nan batay, fanm yo rive fè responsab yo kontinye adopte tout yon seri angajman ki pou fasilite leta nan divès peyi kreye kad ki kapab pèmèt dwa fanm yo respekte tout bon vre. Angajman sa yo chita nan yon seri zouti entènasyonal tankou : Konvansyon pou elimine tout fòm diskriminasyon sou fanm an 1979. Konvansyon sa a kondane tout fòm diskriminasyon sou fanm epi egzije Leta pran mezi ki apropriye pou garanti devlòpman, patisipasyon fanm egalego. Konvansyon sa a se yon gwo zouti legal sou kesyon Dwa fanm yo ki ranfòse lòt konvansyon ki te la anvan yo.

1995 gran Konferans Mondyal fanm ki te fèt Beijing, kote Reprezantan Leta, Reprezantant òganizasyon fanm yo t ap pouse pou pi lwen nan ranfòse estrateji ki te deja adopte nan konferans Mondyal fanm ki te fèt an Niairobi an 1985 ; konsa yo vin angaje yo nan Pwogram Aksyon Beijing lan ki se yon zouti pi fò, pi pratik pou pèmèt garanti egalite fanm ak gason epi respè dwa fanm yo. Menmjan an tou, sou kote divès Konvansyon Nasyonzini yo ak Pwogram Aksyon Beijing la, nou gen konvansyon OEA a, Konvansyon Belem do Para ki angaje Leta manm OEA yo mennen aksyon ki pou pèmèt yo fè prevansyon, pini epi derasinen vyolans sou fanm.

Nan peyi Dayiti Manman Lwa Peyi a garanti egalite fanm ak gason menmjan an tou li egzije pou dwa tout sitwayèn ak sitwayen respekte ; epi mande pou Leta garanti sitwayèn ak sitwayen pou yo viv nan yon anviwonman kote yo ankondisyon sante fizik ak mantal. Sou kote tout sa konstitisyon peyi a garanti fanm kòm sitwayèn nou gen tout Konvansyon, trete ayisyen siyen yo ki mande responsab nan leta pran dispozisyon pou fè respekte dwa fanm yo nan tout nivo. Nou konnen nou fè yon bout chemen sou kesyon respè dwa fanm yo kòm moun, kòm sitwayèn, kòm fanm. Sepandan anpil chemen rete pou fèt, nou sou wout.

8 mas 2005 la rive jwenn nou menm fanm Ayisyèn ak anpil kè sote. Andeyò pwoblèm kote nou pakab jwi tout dwa politik, sosyal ak ekonomik nou kòm moun, se chak jou pi plis n ap konstate :

Enpinite a kontinye pouse rasin, lakòz, fanm yo vin pi espoze ak tout fòm vyolans epi ap viktim kadejak. Kadejak nan men moun nan aviwonnman yo, kadejak nan men sivil ame, nan men militè fòs lokipasyon.

Chak jou piplis, nou anvayi ak yon seri mesaj ki chaje ak diskriminasyon sou fanm, yon seri mesaj k ap devalorize fanm yo kidonk ki vyole dwa yo. Imaj ki parèt sou fanm yo nan piblisite ak nan lòt kanal kominikasyon yo montre fanm yo nan wòl tradisyonèl sosyete fikse pou yo oswa prezante fanm yo kòm objè seksyèl, kòm kwa ki di fanm di bòbòt.

Se nan konsidere zouti nasyonal ak entènasyonal sa yo ki fè, nan okasyon 8 mas 2005 la, KONAP mande divès responsab nan Leta: Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, Minis Kilti ak Kominikasyon, Minis Edikasyon Nasyonal, Majistra Kominal yo pran dispozisyon konkrèt pou redrese sitiyasyon sa a ; Kontwole imaj ak mesaj k ap pase sou fanm, ki atake dwa fanm yo tan y ap ankouraje plis kadejak, plis lòt fòm vyolans sou fanm yo epi kanpe ankwa kont byennèt fizik ak mantal fanm. Aksyon Responsab yo ap mennen nan sans sa a antre dirèk dirèk nan kad responsablite yo parapòta angajman Leta Ayisyen pran pou ankouraje epi fè respekte Dwa Fanm yo an akò ak :

a) Pwogram Aksyon Beijing la nan chapit « J », sou kominkikasyon an ki egzije Responsab Leta yo, nan limit respè libète lapawòl,

 Pou anpeche medya ak tout lòt kanal kominikasyon yo prezante fanm kòm moun ki enferyè epi esplwate kò yo tankou objè seksyèl oswa machandiz. Men pou yo prezante imaj ki monte fanm kòm ajant ki dwe jwe gwo wòl nan tout chimen devlòpman, epi benefisye de devlòpman an.

 Fè konnen tout lide toufèt , tout lide seksis medya ak tout lòt kanal kominikasyon yo ap voye monte, se yon seri lide ki charye anpil diskriminasyon sou fanm, ki denigre fanm et ki derespekte yo

 Pran bonjan mezi epi adopte lwa ki koresponn kont pònografi ak kont vyolas sou fanm ak timoun

 Elabore estrateji epi mete anplas pwogram enfòmasyon, sansibilizasyon ak kominikasyon ki montre imaj pozitif sou fanm nan divès wòl yo jwe nan sosyete a.

b) Konvansyon Belem do Para mande sa nan nimewo 6 ak 8

 Dwa pou fanm pa sibi okenn zak prejije

 Ankouraje radyo, jounal ak televizyon bay enfòmasyon k ap ede nou fini ak tout kalite fòm zak vyolans sou fanm epi k ap fè moun plis respekte valè fanm yo genyen kòm moun

c) Ak Manman lwa peyi a nan atik 18 ak atik 19 ki garanti :

 egalite tout ayisyen fanm kou gason

 Leta dwe pwoteje tout ayisyen, fanm kou gason, timoun kou granmoun, jwenn lavi, lasante ak resp ètout moun gen dwa jwenn, jan sa pale nan deklarasyon sou dwa Moun.

Sitwayèn, Sitwayen, Leta Pran Responsablite W,

Pou n Konstwi Yon Sitwayènte Kote Yo Respekte Kò Fanm !

Pou KONAP,

Olga BENOIT