Yon atik Ronald Colbert
Pòtoprens, 8 mas 05 [AltePresse].- Devan pil mannèv k ap fèt pou anpeche peyi d Ayiti woule sou bon jan wout, kote dwa grandèt majè li respekte, divès vwa ap leve pou mande òganizasyon ak sitwayèn / sitwayen peyi a bay dèyè yo 3 tap pou pa mete ipotèk sou avni timoun k ap vini yo.
Sitiyasyon ki ekziste nan koumansman mwa mas 2005 la montre peyi d Ayiti pa gen direksyon. Se kominote entènasyonal la, avèk yon seri otorite ameriken nan tèt, k ap fè lalwa, k ap pase lòd pou di ki pye peyi a dwe met devan, ki pye li dwe met dèyè.
Estrateji Pati lavalas la mache. Pati sa a, ki gen nan tèt li yon prezidan avi, konn ki jan pou l satiyèt kominote entènasyonal la pou fè l mache nan sans pa l.
Apre tout mannigans pou fè konprann sitiyasyon dwa moun nan ta pi mal pase sou reny diktati a, pati lavalas la rive fè Laprès toujou pale de li chak jou nan aktyalite a.
Jodia, yo sanse jwenn sipò fòs okipasyon an ki kwè se san bri san kont manm pati sa a vle pran lari.
Se nan menm moman an, yon depite fanm ameriken panse li gen dwa vin mande lage nan prizon gwo chabrak lavalas lajistis sispèk ki mele nan krim.
Nan ki peyi moun konn wè sitwayen lòt peyi deside vin fè presyon sou lajistis pou retire nan prizon ansyen otorite ki ta mele nan move zak ? Ki sa k bay yon depite ameriken dwa pou vin foure bouch li konsa nan zafè lajistis peyi d Ayiti ? Ki kalte derespektan sa a, apre peyi manm KARIKà’M te vle fè konprann se yomenm ki kapab deside ki wout peyi d Ayiti dwe suiv?
Antouka, apre Premye Minis Jera Latòti te frape pye l ane pase (an 2004) sou otorite peyi Jamayik ki te montre yo te nan konfyolo ak ansyen diktatè a Jan Bètran Aritid, gouvènman tranzisyon an pa asepte Ira Kurzban, avoka Aristid la, antre nan peyi a pou vin pale ak Neptin. Kurzban oblije repran menm avyon ki te mennen l vini lendi 7 mas la.
Chonje se nan menm peyi Jamayik sa a prezidan Afrik disid Tabo Beki te voye yon chajman gwo zam ki pa t gen tan debake nan peyi d Ayiti pou al tonbe nan men patizan lavalas yo. Malgre tou, depi 30 septanm 2004, patizan lavalas yo santi yo pran plis fòs, yo toujou gen zam ak katouch nan men yo, pou pèsekite popilasyon an.
Antretan, MINISTA ap fonse tèt kale nan mannèv okipasyon rèd mare a. Dezòmè, se fòs okipasyon an k ap pase lòd pou di ki sa k bon ak sa k mal nan konpòtman Lapolis Nasyonal d Ayiti sou teren an.
Se menm MINISTA sa a ki te vle, sa gen 2 semenn, pou sitwayen yon katye nan Pòtoprens, mache tèt bese devan militè nasyon zini yo, bay esplikasyon sou antre soti k ap fèt lakay sitwayen ayisyen sa yo, sou pretès sekirite twoup la. Alafen, devan pwotestasyon, MINISTA te blije rale bak sou desizyon sa a.
Petèt, nan jou k ap vini yo, yo kapab vini ak lòt dispozisyon pou pile dwa ayisyen anba pye toujou.
àˆske sitwayèn ak sitwayen yo kapab kontinye rete ap founi je yo gade san yo pa di anyen, san yo pa leve kanpe kont operasyon bloke peyi d Ayiti a ?
Gen gwo malè ki pandye.
Radiyès yon depite fanm ameriken
Eske yon sitwayen yon lòt peyi kapab ale Ozetazini al fè presyon sou lajistis ameriken pou mande lage yon moun yo sispèk ki ta mele nan krim ?
Se kesyon sa a k ap poze an Ayiti semenn sa a apre vizit lendi 7 mas yon depite fanm ameriken, lavèy jounen entènasyonal fanm yo.
Madan Maxime Waters, ki se patizan ansyen diktatè Ayiti a Jan Bètran Aristid, ekzije gouvènman tranzisyon an lage tousuit, san kondisyon, ansyen Premye Minis Ivon Neptin, ansyen minis enteryè Joslèm Privè ak tout lòt moun depite ameriken an konsidere kòm prizonye politik.
Neptin ak Privè ap fè yon grèv grangou depi yo fin retounen nan selil yo nan dat 19 fevriye 2005, apre yo te sove kite prizon sivil Pòtoprens ansanm ak pase 400 lòt prizonye.
Depite fanm ameriken an deklare l ap goumen pou evite Ivon Neptin ta mouri nan prizon. Pou limenm, kenbe gwo manm lavalas sa yo nan prizon p ap pèmèt tranzisyon an reyisi, ni p ap ankouraje bon jan eleksyon fèt nan finisman ane 2005 la.
Ala derespektan !
Anpil moun kwè se derespektan atitid depite fanm ameriken an ki panse li ka fòse lajistis ayisyen pran desizyon ki pa respekte lalwa pou lage Neptin, Privè ak lòt patizan lavalas yo, alòske pwosè yo poko fèt.
Neptin ak Privè gen akizasyon sou tèt yo pou masak ki te fèt nan katye Lasiri, nan vil Sen Mak, nan Nò Pòtoprens, nan dat 11 fevriye 2004 anvan diktati a te tonbe. Nan dat 11 fevriye 2004, patizan lavalas yo te masakre plizyè dizèn moun, pami yo manm Rasanbleman Militan Konsekan nan Senmak (RAMIKOS). Atoufè lavalas yo te menm voye nan dife moun tou vivan. Imaj masak sa a te pase nan divès medya sou latè.
Se Neptin ak Privè, ki gen chay sa a sou do yo, depite fanm ameriken an vle pou yo lage. Se Neptin ak Privè ki te deside yomenm rann tèt yo pandan lane 2004 la, apre lajistis te met manda dèyè yo pou krim sa a.
Otorite ayisyen yo fè konnen gen yon ekip doktè k ap suiv eta sante, espesyalman prizonye Neptin. Epi, yo p ap deside voye Neptin al pran swen deyò prizon an.
Depi finisman semenn pase a, gen gwo presyon k ap fèt pou yo ta lage Neptin nan prizon. Reprezantan espesyal Nasyon Zini a an Ayiti, Juan Gabriel Valdes, te pase anpil tan nan gran prizon Pòtoprens. Anplis, Nasyon Zini fè rapòtè espesyal li genyen sou zafè Dwa Moun an Ayiti, rantre nan peyi a espesyalman pou vin gade nan ki sitiyasyon prizonye Neptin ye.
Avoka ak fanmi viktim masak Lasiri yo presize y ap suiv sa k ap pase a, pou wè èske lajistis ayisyen an ap bat ba devan presyon kominote entènasyonal la. Si sa ta fèt, tout moun dwe konsidere afè lajistis pa ekziste nan peyi a, dapre sa yo di.
Yon demèplè resevwa monnen pyès li
Sèvis imigrasyon peyi d Ayiti pouse do, lendi 7 mas 2005 la, avoka ameriken Ira Kurzban, ki se defansè ansyen diktatè Aristid.
Yon ofisye imigrasyon ayisyen mennen Kurzban tounen nan avyon li te antre a lendi 7 mas, detan li te vini ansanm ak depite fanm ameriken an Maxime Waters.
Gouvènman ayisyen an konsidere avoka Aristid la kòm moun endezirab nan peyi a.
Pandan ane ki sot pase yo, se pa de lajan avoka meriken Kurzban manje sou do popilasyon ayisyen an pou eseye vann nan peyi Etazini imaj ansyen diktatè a Jan Bètran Aristid.
Kurzban toujou fè konprann Aristid se te yon inosan Ti Jezi nan po krab, kòmkwa li pa ta mele nan anpil move zak popilasyon an te repwoche rejim lavalas la. Kurzban, limenm tou, te deklare se dappiyanp yo ta dappiyanp Aristid lè li te pati an ekzil 29 fevriye 2004, alòske ansyen Premye Minis lavalas la, Ivon Neptin, te rekonèt se lèt demisyon l Aristid te ekri nan dat sa a.
àˆske popilasyon peyi d Ayiti dwe manje bliye, vag sou memwa sa l sibi yo ?
MINISTA sanse vle defann patizan lavalas yo
Patizan lavalas yo kontinye fè pale de yo toujou avèk konfli ki pete ant Lapolis Nasyonal d Ayiti ak Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon an Ayiti (MINISTA) depi lendi 28 fevriye 2005.
Nan dat sa a, ki te fè yon lane depi diktatè a te kite peyi a, patizan lavalas yo te fè yon manifestasyon sou Bèlè pou mande pou chèf yo Aristid retounen.
Gen pou piti yon moun yo te jwenn mouri nan okazyon an. Lapolis nasyonal deklare se yon mò lavalas yo te mennen vini pou lage akizasyon sou do yo. Anplis, te gen plizyè timoun ak gwo zam lou nan men yo andedan manifestasyon sa a, dapre sous lapolis. Lapolis nasyonal te tire gaz lakrimojèn pou gaye manifestasyon sa a ki pa t gen otorizasyon.
MINISTA di limenm lapolis te tire sou manifestan lavalas yo ki t ap fè yon mouvman pasifik.
Kèk temwen rapòte yo te wè anpil timoun ak lòt patizan lavalas ki te gen gwo zam nan men yo nan kad manifestasyon 28 fevriye a.
MINISTA fè konnen li p ap tolere lapolis aji konsa pou l tire sou foul moun k ap manifeste nan lapè. Se tankou MINISTA vle fè konprann li posib pou l itilize lafòs kont Lapolis Nasyonal d Ayiti a, pou l ta antre nan afwontman ak lapolis nasyonal la, pou l pwoteje bandi lavalas yo k ap simen dèy nan kapital la depi 30 septanm 2004, nan kad sa yo rele operasyon Bagdad. MINISTA ekzije, pou dezòmè Lapolis Nasyonal fè tout operasyon li deside fè ansanm avè l.
Vandredi 4 mas ki sot pase a, MINISTA te anpeche lapolis nasyonal antre nan katye Bèlè, kote patizan lavalas yo t ap fè yon lòt manifestasyon. Patizan lavalas yo te anonse y ap tanmen depi semenn pase yon operasyon souke Pòtoprens pou mande retou fizik chèf yo Aristid.
Konfli sa a fè anpil responsab politik ak òganizasyon nan sosyete a leve lavwa kont atitid fòs nasyon zini yo, ki soti pou lage vèni sou Lapolis Nasyonal la.
Minis jistis ayisyen an Bèna Gous kritike atitid MINISTA a ki vle anpeche lapolis Nasyonal la ranpli misyon l ki se pwoteje ak sèvi.
Jodi a, an Ayiti, anpil moun, ki pa t vle pale de okipasyon teritwa a ki anba lobedyans twoup Nasyon Zini, koumanse wè klè : peyi d Ayiti retounen anba okipasyon tout bon nan menm ane ki te sipoze make 200 an endepandans peyi a.
Nan dènye semenn sa yo, MINISTA montre l prezan toupatou nan divès domèn ki ta dwe sou kont enstitisyon peyi a.
Se MINISTA k ap bay yon seri prizonye, tankou Neptin, sekirite nan prizon sivil Pòtoprens.
Reprezantan MINISTA yo fè reyinyon ak divès sektè nan peyi a. Lendi 7 mas, yo te òganize yon konferans deba nan okazyon jounen entènasyonal fanm 8 mas la.
Manm MINISTA yo deplase ale divès kote nan vil pwovens pou anonse yo pral tanmen aktivite ki an rapò ak devlopman peyi a.
Semenn pase, Juan Gabriel Valdès te nan sidwès peyi d Ayiti, kote l te anonse MINISTA pral pran dispozisyon pou repare pò vil Jeremi. Nan koumansman mwa fevriye 2005, yo debwaze yon teren pou tabli baz militè sou wout Okap / Limonad nan Nò Pòtoprens.
Chak jou k ap pase montre fòs okipasyon an sanble vle pran jarèt, sanble ap layite pou lontan ankò nan peyi d Ayiti. Dènye jou yo revele yo pran yon lòt vitès nan eseye fè otorite ayisyen yo obeyi lòd yo.
Gen moun ki panse gouvènman tranzisyon an ta fèt pou pote plent devan Konsèy Sekirite Nasyon Zini a, poutèt MINISTA pa respekte misyon yo te ba li.
Alòske li toujou ap repete li p ap itilize lafòs konsa konsa, jodia MINISTA sanble vle itilize lafòs li gen nan men l lan kont lapolis nasyonal la ki ta depase limit.
Ala kote w tande ! Sa l ye la a ?
Se nan peryòd sa a sineyas ayisyen Raoul Peck vin pase pou Laprès, vandredi 4 mas pase, epi pou MINISTA, samdi 5 mas 2005, yon fim sou masak ki te fèt nan peyi Wouanda, an avril 1994, anba je ak konplisite Nasyon Zini. Fim nan rele « Sometimes in April ».
Fim "Sometimes in April montre anpil aksyon ki sanble ak sa k ap pase jounen jodi a an Ayiti, avèk tolerans fòs entènasyonal yo anfavè chimè, patizan bandi lavalas yo, ki vle se yo ki pou di ki jan pou peyi a mache.
Imaj fim nan fè chonje zak chimè Lavalas yo t ap fè (ak zam lagè, manchèt, frenn, katyapika, elatriye) nan dènye ane sa yo kont tout moun ki pa t dakò ak rejim san manman yo a.
N ap fè chonje, nan okazyon premye lane depi diktati a te tonbe, televizyon nasyonal te pase fim sineyas Anòl Antonen, ki rele GNB kont Atila, yon fim ki eseye ranmase kèk nan pasay mouvman etidyan an kont rejim bout di lavalas la.[rc apr 08-03-05 18:20]