Español English French Kwéyol

Ayiti : Sofa ofiske devan eskandal seksyèl Oxfam nan

Kominike Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 19 fevriye 2018

Solidarite Fanm Ayisyèn.- Sofa ofiske pou l aprann kouman ansyen direktè Oxfam peyi D Ayiti Roland Van Hauwermeiren, t ap pwofite sèvi ak kò fanm ayisyèn nan kad misyon li nan peyi a. Mesye Van Hauwermeiren ki te sipoze vin pote solidarite, konpati ak tribilasyon fanm, sitou sila yo ki anba gwo twomatis apre tranblemanntè12 janvye 2010 la; Direktè a te, prefere pwofite de pwoblèm fanm yo ak mizè yo pou antre nan echanj sèks pou lajan ak yo. Koze moun ki t ap pwofite pozisyon yo ak sitiyasyon tèt chaje katastwòf 12 janvye 2010 la pou fè oswa ankouraje machanday seksyèl, se youn nan move pratik Sofa ak anpil lòt òganizasyon pat sipann denonse oswa bay pinga sou yo nan moman sa a.

Sofa kòm ansyen patnè Oxfam patikilyèman sou dosye vyolans sou fanm, byen sezi aprann Mesye Van Hauwermeiren te gen menm vye pratik seksyèl sa yo nan peyi Tchad anvan li te vin direktè ann Ayiti. Anmenmtan n ap poze tèt nou kesyon pou ki rezon se 8 lane apre kalte zak grav sa yo pase, koze a pran lari. Sofa pran pozisyon piblik pou denonse epi kondane kalte zak sa yo ki lèt ak sitwon ak tout prensip n ap defann depi plis pase 30 lane nan sosyete a pou trete moun ak fanm nan diyite.

Sofa pwofite denonse tout sistèm ki bije fanm rantre nan rapò ak gason pou lajan yon fason pou yo kab siviv. SOFA denonse tou pratik trafik tifi ak fanm k ap develope nan peyi a pandan l ap fè sonje zafè fanm k ap vann kò yo, se rezilta fason richès ak byen pataje nan yon sosyete kote kondisyon fanm yo lakòz se yo ki pi plis pami moun ki pi pòv yo. Menmjan an tou, pratik sa yo gen rasin yo patriyaka a, sistèm dominasyon gason sou fanm. Anpil gason ki nan pozisyon pouvwa itilize pouvwa sa a pou jwi kò fanm yo.

Sofa rete kwè responsab Oxfam-Ayiti yo gen enterè pou mete rapò ankèt yo te fè a disponib yon fason pou lajistis kapab fè travay li. Nou ankouraje òganizasyon an, ak tout lòt enstans k ap entèvni nan dosye sa a, pou yo respekte prensip anonima ki egzije pou pwoteje idantite medam yo nan fè non pa vin piblik.

Sofa pwofite denonse deriv ONG yo ki depi kèk ane patikilyèman pandan tranblemandtè, pran plas òganizasyon lokal yo epi ap fèredefè san konsidere reyalite teren an, esperyans ki fèt deja, valè kiltirèl ak konpetans lokal yo.

Eskandal ki pete nan OXFAM nan se yon egzanp ki montre klè kouman èd imanitè a t ap jere kote etranje yo sèl kòk chante epi tabli dominasyon yo sou Ayisyen ak Ayisyèn.

Sofa pwofite atire atansyon leta peyi a sou responsablite li genyen pou pwoteje pitit nasyon an kont tout kalte move pratik ki kab atenn diyite yo. Sa mande pou leta sispann ankouraje enpinite nan fèmen je sou zak kadejakè etranje menm jan leta te konpote l nan dosye vyolans seksyèl yon santèn sòlda ak ofisye nan kontenjan Sri Lankè MINUSTAH yo te fè sou yon santèn fanm ak tifi nan peyi a. Epitou nou pwofite youn nan milye fwa ankò, egzije pou Leta ayisyen kase chenn lenpinite, pou pini kadejakè Ayisyen yo tou, pou sispann tolere kadejakè ak fonksyonè k ap fè dwadkwisaj yo. lè li nesesè. Leta dwe sispann rekonpanse batè fanm ak kadejakè Ayisyen nan ba yo okipe gwo pòs nan Leta. Leta dwe sispann ankouraje delikan k ap fè pwomosyon rayisman fanm "misogynie affirmee".

Sofa ap fè sonje, prezans ONG ki gaye kou djondjon nan peyi d Ayiti, se rezilta feblès leta ki pa pran responsablite l. Depi kèk lane, nou konstate leta pa sispann fè bek atè devan ONG k ap travay nan domen tankou lasante, ledikasyon, lagrikilti e latriye.

Men toutjan toutmannyè, Leta ayisyen dwe ranmase karaktè li, pran tout dispozisyon pou limyè fèt sou eskandal seksyèl nan OXFAM nan lane 2010 pou fanm ayisyèn yo jwenn jistis. Pou popilasyon an jwenn enfòmasyon epi konnen ki suivi k ap fèt sou dosye sa a.

Sofa mande Ministè Planifikasyon mete bon jan mekanis anplas pou kontwole travay ak fonksyonman ONG yo nan peyi a san demagoji epi nan transparans. Epi pou gen dispozisyon ki pran aklè pou prevni mòd pratik sa yo tankou jan eskandal ansyen direktè OXFAM la pete a. Konsa Leta va pwoteje dwa fanm ak tifi yo ak respè diyite yo.

LIT FANM NAN SE LIT TOUT MAS PEP LA

Pòtoprens, 19 fevriye 2018

Sabine LAMOUR
Kodonatris Jeneral Sofa