Pozisyon Solidarite Fanm Ayisyen (Sofa)
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 6 fevriye 2018
Solidarite Fanm Ayisyen-Sofa espanta devan desizyon komite kanavalla pran pou otorize Gwoup Sweet Micky, Michel Martelly, defile nan Kanaval nasyonal k ap fet Potoprens la.
Konpotman debraye, vyolan Sweet Micky denyeman nan Henfrasa, oubyen nan yon estidyo yon radyo nan Kapital la, demontre Ii pa koupe fache ak fason li abitye aji nan kanaval oubyen an piblik. Jan tout moun kab konstate malerezman, estati Ii kom ansyen prezidan pa fe I chanje konpotman. Lane pase, se sa 1bliye li pa :fe nan kanaval nasyonal la Okay. Le nou konnen kanaval se manifestasyon kiltirel ki mobilize anpil moun, nou konprann mal pou Lameri Potoprens mete ak Komite kanaval nasyonal la pou deside kontinye espoze timoun nou yo ak lajenes peyi a nan kalite espektak sa yo konsa.
Nou konstate tou, desizyon sa a let ak sitwon ak mezi Lameri Potoprens te pran nan dat 14 janvye 2018 la pou sanksyone yon Didje pou move konpotman nan aktivite repetisyon kanaval. Kidonk sanksyon ki valab pou youn pa valab pou lot? Se de pwa de mezi!
N ap fè komite kanaval nasyonal la sonje, otorize Michel Martelly defile nan kanaval nasyonal la se ta yon rekonpans y ap bay Micky pou kalte diskou li genyen k ap ankouraje Vyol, tizonyay, jouman, epi mete mesye yo alez pou pa okipe pitit yo. Nou fe eksperyans depi 1986 nou menm nan SOFA, diskou rayisman kont fanm yo, fe chemen yo epi frajilize fanm yo plis devan vyolans. Kalte diskou sa yo kapab menm pwovoke krim kont fanm yo. Se pou sa leta gen obligasyon pwoteje sitwayen li ak sitwayen peyi a kont tout fom diskou saxo.
Nou menm nan Sofa nou espere komite a konprann libete ekspresyon mache kotakot avek yon lot prensip demokratik kle tou ki se prensip pou youn pa nwui lot.
Nou pa vle kwe manm komite kanaval la ap fe chwa pou yo konplis nan pilonen moun nan sosyete a, nan ranfose mepri ak diskriminasyon kont fanm epi travay pou ranfose rapo debalanse ki gen ant fanm ak gason nan sosyete a. Nou kwe pito komite kanaval nasyonal la pral pran respOIrsabilite pou li :fe yon chwa demokratik ki di tout sistwayen fanm kou gason gen menm dwa.
Sofa ap raple Leta Ayisyen siyen konvansyon Belem do para, konvansyon kont diskriminasyon sou fanm ak konvansyon sou dwa timoun. Kidonk komite kanaval nasyonal la gen anplis obligasyon moral, men legal tou ki egzije 1 entedi patisipasyon Michel Martely nan pakou kanaval nasyonalla, yon fason pou pwoteje dwa sitwayen ak sitwayen yo.
Sofa rete kwe kanaval se yon moman pou moun pran plezi yo. Men espas sa a pa dwe sevi preteks pou okenn gwoup mizikal pou fe pwomosyon yon seri vale ki pa danse kole ak lamoral repibliken jan Sweet Micky abitye fe li. Sofa denonse diskou Sweet Micky ki chita sou ankourajman kadejak sou fanm, denigreman fanm, oubyen rayisman, jouman fanm ak jounalis, atak pesonel sible e latriye.
Ajisman misye Martelly pa diy de yon sitwayen ki respekte nasyon an, ki respekte lot sitwayen ak sitwayen ayisyen, ni fonksyon Ii te rive okipe nan tet peyi a. Toutjan tout mannye nan je tout lot nasyon, se yon ansyen prezidan la repibIik k ap ofri espektak makawon sa yo.
Se pou tout rezon sa yo, Sofa salye mobilizasyon oganizasyon ak sitwayen ak sitwayen pran nan Jakmel ak Gonayiv ki lakoz Lameri Komin sa yo entedi Sweet Miky defile nan kanaval ViI sa yo. Sofa, salye otorite nan 2 vil sa yo, ki pran responsabilte yo. Anmentan tou, Sofa ap mele vwa li ak lot inisyativ ki soti nan dives sekte nan Potoprens, pou mande Komite kanaval nasyonal la pran kouraj li ak 2 men pou retire Sweet Micky nan defile kanaval la.
Nou pa dwe bliye, Miky te di ak bouch Ii se paske pat gen leta ki fe yo te tolere konpotman delenkan, imoral, vyolan li konn gen nan kanaval. Jodi a, se responsabilite manm komite kanaval yo pou montre sitwayen ak sitwayen se pa nan prije yo pran taks selman li egziste.
Nou menm nan Sofa nou konsyan nou nan moman istorik kote chak grenn sitwayen nan nivo responsabilite pa 1 gen pou pran responsabilite. Paske n ap gen youn mo poun di jenerasyon k ap vini yo. Silans okenn moun pap pwoteje 1 devan degradasyon sa nou ap konstate nan sosyete nou an! Nou pran pozisyon klè nan Sofa pou di NON Michel Martely pa dwe patisipe nan kanaval Potoprens la. Nou envite chak grenn sitwayenn ak sitwayen, chak manman ’ak papa pitit, elev, etidyan, ouvriyez, chome elatriye di NON. Sofa nvite tout moun antre nan won Non an pou kwape rayisman san konpleks nan peyi a. Se yon pozisyon prensip fanm yo kont, imilyasyon, avilisman, denigreman, ak lanmo sosyal ak politik nou kern Pep
Se responsablite nou tout pou fe leta a konnen gen sitwayen ak sitwayen ki renmen e ki respekte patri sa a, nasyon sa a zanset nou yo, fanm kou gasonte goumen pou kite pou nou kom eritay.
Sofa ap fè sonje, Kanaval la se yon gwo manifestasyon kiltjrel ki gen anpil enpotans an Ayiti; Kanaval ayisyen an te gen bon jan repitasyon nan anpil lot peyi. Kanaval la se yon patrimwan kiltirel nou pa kab kite 1 koule ni drive nan labou.
Se pousa Sofa ap fe Majistra Potoprens la, Komite kanaval la, sonje lalwa peyi a prevwa sanksyon pou tout moun, kelkanswa moun lan, kelkanswa kote 1 soti, ki mete palto delenkan li, k ap ankouraje Vyolans ak Rayiman. Leta, atrave Komite kanaval nasyonal la gen responsablite pou sanksyone Sweet Miky moralman le yo entedi li defile nan kanaval 2018. Se va yon mesaj pozitif pou jenes la, pou peyi a, ak pou memwa sa Nasyon nou an toujou reprezante nan lemonn.
LIT FANM NAN SE LIT TOUT MAS PÈP LA
Sabine Lamour
Kowòdonatris jeneral Sofa
Potoprens, 4 fevriye 2018