Español English French Kwéyol

Sofa salye viktwa medam ekip foutbòl U20 Ayiti a

Nòt konpliman Sofa pou ekip feminen U20 ayisyen an

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 2 fevriye 2018

Solidarite Fanm Ayisyen (Sofa) retire mouchwa I byen ba pou fe seleksyon U20 feminin an konpliman pou bel pefomans li ki pemet Ayiti kalifye pou koup dimond foutbol feminen an ki pral fet nan peyi Lafrans nan mwa dawout 2018.

Jan seleksyon U20 feminen an deplotonen ladres li se yon premye pa ki franchi pou jenes peyi a reprann lespwa epi fe nou rejwenn konfyans nan tet nou kom Pep. Jen fi sa yo se model ki montre jen kou grandet, jefo ak travay se kle pou nou reyisi.

Anplis, viktwa ekip sa se youn egzanp pou montre jen fi yo li posib pou yo maton nan nenpot ki aktivite. Bravo Medam ! Nou franchi youn liy, youn liy istorik, ki enskri fanm yo nan istwa espo nan peyi a.

Sofa ankouraje tout sekte fe jan yo kapab pou sipote ekip la youn fason pou Ayiti kapab ranpote koup la. Sofa raple, chak otorite Leta nan sa ki konsene yo, dwe bay ekip feminin an tout ankadreman ak mwayen nesese pou yo byen antrene, youn fason pou jwen bonjan preparasyon pou yo patisipe nan konpetisyon mondyal sa.

Yon lòt fwa ankò, Sofa felisite ekip la, pandan l ap ankouraje l pou l kontinye fè zetwal la klere pou reflete imaj pozitif peyi a toupatou.

Sabine Lamour
Kowòdonatris Jeneral Sofa