Español English French Kwéyol

Jounalis ak Medya yo, An n kontinye louvri je n sou malè k ap pandye sou tèt nou

Pozisyon GRALIP

Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès (GRALIP)
ap mande konsè ak konfrè jounalis yo, menm jan ak tout
medya endepandan an Ayiti yo, rete pi veyatif toujou
pou pa disparèt nan mitan van tanpèt kraze brize, yon
seri luijanboje ki swaf san ak pouvwa, vle pran yo.

Jounen jodia, plis pase ayè, se pou n kontinye veye
san rete sou danje ki genyen pou nou ta retounen nan
reny pwenn fè pa tan lontan yo. Noumenm jounalis, nou
pa dwe rete bèkèkè devan pwojè lanmò ki nan tèt yon
ekip brigan, ki jwenn sitirans enstitisyon ki ta dwe
pwoteje lavi ak byen moun.

Pou kore sa l sot di yo, GRALIP ap pran ekzanp ka sa
yo: enfòmasyon li genyen sou yon reyinyon mannigans ki
fèt jedi 26 septanm 2002, nan bi pou y al boule Radyo
Kiskeya ; machin ak moun sispèk ki t al estannbay, nan
menm dat lan, arebò Radyo Kiskeya ak Radyo Siyal FM ;
menas 3 nèg ak zam t al fè maten vandredi 27 septanm
nan sou Radyo Ibo ; trak ak lèt ki pa siyen yo voye
bay plizyè jounalis, kote yon seri moun ki santi yo
gen pouvwa anonse yo pral atake jounalis Radyo
Karayib, Radyo Metwopòl ak Radyo Vizyon 2000 ; kanpay
manti y ap mennen anba anba, pou lage vèni sou Laprès
epi pou asosye Laprès nan mannèv pou destabilize yon
pouvwa ki pèdi lakat devan wounou wounou k ap monte
nan sosyete a ; divès zak agresyon manm òganizasyon
popilè ak polisye fè, nan dènye semenn sa yo, sou
jounalis nan Pòtoprens ak nan vil pwovens yo ;
akizasyon ak pawòl malveyan patizan ak ofisyèl Lavalas
yo ap fè sou Laprès ; ak yon latriye lòt ka ankò.

GRALIP envite tout Près la kenbe kouraj li ak 2 men,
pote kole youn ak lòt, devan nouvo zak briganday sa yo
k ap frape l. Malgre pwomès ofisyèl yo, GRALIP
konstate jounalis yo toujou ap sibi anba yon sistèm
pouvwa gwoponyèt, ki pa janm vle wè ni tolere Libète
Laprès ak Libète Lapawòl lakay popilasyon an ki vle
defann dwa natirèl ak dwa lejitim li genyen pou viv
kòmsadwa epi pou pa asepte reny baboukèt.

Pou GRALIP, se vre, moman terib n ap viv jodia mande
solidarite. Men tou, moman an mande pou nou reflechi
ak sere kole sou ki kalite batay ak aksyon n ap mennen
pou defann Libète demokratik, tankou Libète Laprès ak
Libète Lapawòl. Pou GRALIP, moman terib sa a mande
tou, pou n gade ak ki kalite zouti n ap feraye pou n
pa pe bouch nou devan sa k ap pase yo.

Pilonnen ak toufonnen rèd mare dwa konstitisyon an bay
peyi a, se anpeche nou rive tabli yon sosyete ki chita
prensip diyite moun, konpòtman onèt ak moral, avèk
prensip pou respekte libète fondamantal ki makònen ak
lavi chak jou tout kretyen vivan, pou noumenm nan
GRALIP.

Pòtoprens, 27 septanm 2002