Español English French Kwéyol

Zòn Franch : Pou fè respekte akò ant KODEVI ak SOKOWA

Tèks Batay Ouvriye

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 12 fevriye 2004

N ap salye tout manm laprès ki la avè nou jodi a pou nou bay dènye done sou dènye devlopman sou dosye zòn franch CODEVI nan Wanament. N ap remèsye nou tou pou enterè nou toujou pote pou dosye sila a ki te rive kenbe aktyalite a pandan tout ane ki sot pase a. N ap mande nou kontinye kenbe menm enterè a paske batay la ap kontinye mennen toujou. Gen divès lòt aks lit ouvriye yo genyen nan ponyèt yo pou fè bese esplwatasyon y ap fè fas a li menm anndan zòn franch la.

Kontrèman a sa nou tande, asavwa konfli yo rezoud ant ouvriye, sendika ki reprezante yo ak patwon zòn franch CODEVI, nou panse gen yon avansman ki fèt nan dosye a paske gen de aki ki tabli nan 2 jou negosyasyon ki sot pase ak antrepriz la, men sa pa vle di tout konfli fini. Nou panse se apre siyati pwotokòl d akò a, lit la ap pi rèd. Se yon lòt moman pou ouvriye veyatif vijilan pou sa ki ekri sou papye aplike tout bon vre. Nan peryòd sa a, nenpòt bagay ka rive. Fòk sendika SOCOWA ansanm ak tout ouvriye yo rete bande alaryè pou akò a respekte epi sèvi ak li pou rache plis dwa epi fè dòt aki. Se konsa nou wè siyati akò ki sòt fèt nan dat 5 fevriye 2005 la, 2 jou avan anivèsè yon lane depi SOCOWA te fonde. Nan sans sa a, nou ka di ak siyati akò sa a SOCOWA gen yon zouti pou li sèvi ak li pou li vanse nan yon lòt ane tou nèf. Se yon pwogrè, yon pa ann avan, pa rapò a ane pase.

Pou nou menm Batay Ouvriye ki te bò kote SOCOWA pandan 2 jounen negosyasyon 4 ak 5 fevriye yo anfas reprezantan patwon CODEVI yo, nou ka di gen de aspe pozitif ki jwenn nan akò a. Nou ka site :

• Rekonesans antrepriz la de libète sendikal la, sa vle di patwon yo gen pou respekte dwa sendika SOCOWA genyen pou li fonksyone lib e libè nan zòn franch la. Se nan kad sa a nou konprann akò yo pou reentegre 5 manm direksyon sendika a jodi a, kèk jou apre siyati akò a. Dayè nan moman n ap pale a, ouvriye sa yo sanse rantre ap travay. Se youn nan premye prèv ke patwon CODEVI yo rekonèt prezans SOCOWA nan antrepriz la nan aksepte pou tout direksyon sendika a reentegre epi ap travay anndan an. Mete sou sa, gen akò pou plis pase 150 ouvriye ki te revoke ant 11 ak 20 jen 2004 reprann travay yo ofiamezi travay komann konpayi Levi-Strauss ak Sara Lee ap rantre nan zòn franch la. Se 151 ouvriye sa yo k ap gen priyorite pou reanboche. Fòk nou di se 40 ouvriye sèlman CODEVI te wè reanboche epi yo te mande pou ouvriye sa yo ta siyen yon papye kòmkwa yo ta ap renonse a yon swadizan vyolans. Sa pat pase. Kidonk nou rive fè gen plis ke 150 ouvriye k ap reanboche e pèsonn pap gen yon fichye ki di yo ta rekonèt pyès vyolans. Kesyon vyolans konpayi a pale a, yo pat ka pwouve l e dayè se te yon lisansiman masif ki fèt nan 11 jen an ak jou ki vin apre yo, pou te kraze sendika a. Byen okontrè, yon lòt pwen enpòtan nan akò ki rive jwenn la, se pinga fòmèl ki tabli sou itilizasyon lame oswa fòs sekirite nan konfli travay yo anndan izin la.

• Pou ouvriye yo kapab jwenn yon fòm konpansasyon, nou te aksepte konpwomi fon d apwi a tout ouvriye ki ann atant pou yo retounen travay. Nou te mande pou reentegrasyon san diskriminasyon ak tout konpansasyon, ki vle di kenbe ansyennte yo e touche yon montan lajan ki ekivalan a 7 mwa salè. Reprezantan CODEVI yo te montre antrepriz la te nan gwo difikilte ekonomik, yo pat kapab aksepte kou reentegrasyon an. Yo dakò reanboche ouvriye yo e yo aksepte lide pou 2 pati yo ta travay pou jwenn fon pou apiye ouvriye yo k ap tann pou retounen travay bò kote de fondasyon tankou Levi-Strauss ak Fondasyon Grupo M.

• Fòmasyon yon Komite Paritè k ap gen reprezantan 2 pati yo pou rete sou konfli ki ka parèt nan travay la ann atandan 2 pati yo jwenn yon antant sou pwosedi pou rezolisyon konfli yo. Pou nou menm, se yon espas de lit Komite Paritè sa a pral ye pou ouvriye yo pote divès revandikasyon yo epi chèche solisyon a konfli yo oswa make dòt aki nan devlopman lit yo.

• Lòt aspè ki ranfòse aspè rekonesans libète sendikal la, se youn nan fòm konkrè de aplikasyon dwa sendikal la, se : akò de prensip ki genyen pou nan peryòd 6 mwa apre siyati pwotokòl d akò a, sendika a chita ak patwon yo pou negosye yon kontra kolektif. Pwen sa a, pou nou, se yon aki enpòtan e se yon teren lit li ye pou ouvriye yo vanse nan revandikasyon ki pi pwofon yo, sòti nan kontra endividyèl ki mare pye yo pou rive pito antann sou yon kontra kolektif k ap pèmèt yo jwenn plis ke sa kòd travay la pèmèt.

• Yon dènye aspè nou panse ki enpòtan e k ap mande laprès kontinye swiv dosye sa a, se kesyon vaksen an. Sendika a ap gen pou resevwa tout dokiman ke konpayi CODEVI/Grupo M genyen pou chache fè limyè sou kesyon sa a. Konpayi a dakò pou li founi tout esplikasyon nesesè epi si apre sendika a panse gen baz pou li pote dosye a pi lwen onivo lajistis li kapab fè sa. Kidonk sendika SOCOWA a pral gen tout yon travay pou li fè pou le li jwenn materyèl siyantifik sa yo, ak èd lot moun oswa òganizasyon pou fè limyè sou kesyon sa a.

Se divès aspè sa yo nou panse ki pi enpòtan pou yo gade nan pwotokòl d akò ki rive siyen an. Nou panse se yon pa pozitif ki fèt men gwo travay la rete : batay la dwe kontinye mennen pou fè akò sa a respekte e aplike epi sèvi kòm baz pou vanse pou pi devan.

N ap salye tenasite ak konviksyon ouvriye sendika SOCOWA ki te rantre nan batay sa a depi plis pase 6 mwa. Tou sa an depi yo te anfas yon patwona gwo nèg e ki te jwenn soutyen tout ekip boujwa ayisyen ki nan ADIH ansanm ak konplisite divès enstans nan leta ayisyen sitou Ministè Kòmes ak Endistri ak Primati a. N ap pwofite siyale gen yon bann nan patwon sila yo k ap pale de kontra sosyal men ki pa menm aksepte ouvriye lakay yo gen sendika pou ka defann enterè yo. Konsa, y ap pale de kontra sosyal men yo pap aksepte negosye yon kontra travay kolektif ak ouvriye ki nan izin yo. Pou nou menm, se yon ekzanp pwotokòl d akò sa a ye pou tout ouvriye ki nan izin soutretans yo ki nan pak endistriyèl Pòtoprens yo sèvi ak li pou yo vanse nan batay pa yo. Se nan lite y ap jwenn solisyon a pwoblèm yo anndan izin yo. Se pa nan aksepte pito nou lèd nou la.

Nan Batay Ouvriye nou pral kontinye vanse nan vwa sa a pou mas travayè ayisyen yo, kit travayè agrikòl vann jounen, kit yo ti peyizan pòv demwatye, ak tout lòt travayè esplwate dominen jwenn solisyon a revandikasyon yo nan batay yo. Kòm nou toujou di : lavi nou menm, travayè, se batay san pran souf, san dezanpare.

Pòtoprens, 10 fevriye 2005

Yannick Etienne

Batay Ouvriye