Tèks Weibert Arthus [1]
Dans la série d’interventions de collaborateurs réguliers ou occasionnels d’AlterPresse, à l’occasion de ses 3 ans le 28 janvier 2005
Se on senp aza ki fèm tonbe sou AlterPresse. Mwen kite Ayiti aprè 17 desanm 2001. Kòm mwen renmen ekri anpil, lè mwen fenk rive an Frans, nan koumansman lane 2002, mwen koumanse voye papye pou on ajans près an Ayiti. Mwen travay san 5 kòb. Se on move abitid mwen genyen, men mwen pa ka wè enfòmasyon ap soufri. Nan koumansman lane 2003, mwen vin malad. Mwen fè on bon tan mwen pa ekri pou ajans la ankò. Pèsòn pa janm voye on mèl ban mwen pou mande m ki mò ki touye lanperè. Pandan mwen ekri zanmi m yo pou m repwoche yo pou sa, yo pibliye atik ki te akonpaye mèl la, men yo pa reponn repwòch mwen an. Mwa ale, mwa vini, pèsonn pa mande m ki jan m ye. Mwen deside pa ekri ankò. Men, kèm ap rache paske enfomasyon ap gaspiye an Frans. Moun ap fè deklarasyon sou Ayiti e Ayisyen pa o kouran toutotan laprès fransèz -ki pa jan twò enterese ak Ayiti- pa bay yo.
Kòm mwen abitye li AlterPresse. On jou samdi pandan Vario fin bay on sikwi nan RFI -kote m ap travay tou- mwen pale li sou mwayen pou m ta kolabore ak Alterpresse. Li di mwen mesye yo t ap trè kontan. Li eksplike mwen li pral pale sa avèk yo. E lendi maten, mwen jwenn on mèl byen janti ki envite m kolabore ak ekip la. Depi lè sa, mwen bon ekip la bon nou fè bonbon.
Sa m ap ekri la enpòtan. Paske nan lavi se pa ni lajan ni bèl figi ki konte. Mesye, sa fè m plezi anpil paske lè nou pase an Frans nou chache wè mwen. Nou toujou fè pou pi piti 2zèd tan ap pale sou peyi a, sou lavi ak sou lemond. Nou pale tankou frè. Lè peryòd fèt, mwen jwenn on mèl ki sòti nan direksyon an. Si m fè kèk jou mwen pa ekri, mwen jwenn on mèl ki mande « sa k ap fèt ? »
Men sa ki eksplike prezans mwen kòm korespondan Alterpresse an Frans. Mwen pa menm pale de liy altènatif nou kenbe a. Sa enpòtan anpil tou.
Kontinye kenbe menm jan an. Nou pa gen rezon chanje on tanperaman ki ap genyen.
Ak tout kèm
Atis Webè
[1] Journaliste