Deklarasyon SOFA nan okazyon 8 mas 2017
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 7 mas 2017
Soti 3 rive 5 mas 2017, Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA te reyini nan asanble delege pou diskite sou oryantasyon òganizasyon an vle bay tèt li pou 5 lane k ap vini yo epi diskite sou fason li pral òganize eleksyon pou renouvle dirijant yo nan tout nivo. Nan diskisyon ki fèt nan mitan 58 manm SOFA ki soti nan depatman Grandans, Sidès, Latibonit, Lwès, Plato Santral, Nòdwès, Nò, nou renouvle nesesite pou òganizasyon an kontinye sèvi yon zouti batay pou defann, pwoteje epi fè respekte dwa fanm onivo ekonomik, politik, sosyal ak kiltirèl.
Analiz ki fèt nan mitan nou montre sitiyasyon ekonomik fanm riske vin pi mal toujou ak chwa modèl devlopman nouvo prezidan an te anonse nan kanpay li. Yon devlopman ki chita sou agwobiznis ak ekspòtasyon.
Lè nou konnen se fòs retwograd yo atravè Tèt kale ak alye li yo ki kontwole pouvwa egzekitif, lejislatif ak jidisyè yo, nou wè byen ki sa k ap tann nou : tankou, move kondisyon travay pou fanm nan endistri agroalimantè yo, ti peyizan ki pral pèdi tè yo pou fè zòn franch, move eksplwatasyon richès (min, resous natirèl), likidasyon espas touristik yo bay blan kote fanm yo pral lage nan pwostitisyon.
Lè nou konsidere pozisyon antifanm yon seri otorite ak lòt sitwayen genyen nan sosyete a, sa lakòz kondisyon fanm pi vilnerab chak jou pi plis. Agresyon vèbal ak sikolojik, chantaj seksyèl, vyòl, pratik sa yo ki se mak fabrik sitèm patiyaka ki pèmèt nou we aklè nan ki kalite sosyete nap viv jounen jodi a.
40 lane depi Nasyonzini rekonèt 8 mas kòm jounen entènasyonal fanm, malgre batay nou mennen, malgre viktwa nou ranpòte, mòd pratik sa yo kontinye ravaje sosyete a. Sa montre aklè nesesite pou ranfòse mouvman feminis lan, yon fason pou nou kapab kontinye konbat kalte pouvwa matchis ak otoritè sa yo ki chita tou sou kòripsyon ak enpinite.
Depi nan lansman premye kanaval ofisyèl peyi a, prezidan Jovenel Moise montre aklè volonte li genyen pou kontinye suiv tras Michel Martelly, ansyen prezidan repiblik la. Egzanp ansyen prezidan Martelly, Sweet Micky, sot bay Okay la montre kijan prezidan Jovenel Moise koube anban lòd chèf li lè pa genyen okenn otorite lokal ak nasyonal ki te kapab kanpe mouche Martelly avèk pakèt gwo mo sal li t ap grennen nan vil Okay, kote yon lòt fwa ankò li manke fanm dega, li manke peyi a dega. SOFA kondane pratik itilize betiz sal pou denigre fanm, pou atake fanm yo nan kò yo. Tankou, li te fè nan kanaval li a ane sa ankò pou li atake Liliane Pierre Paul, yon fanm konsekan, yon jounalis ki konsakre lavi li pou sèvi pèp ayisyen an. Nou pa p bliye Jean Monard Métélus, yon lòt jounalis ansyen prezidan delenkan Martelly pa sispann atake paske li pakab achte li, jan li fè avèk yon pakèt nèg ak fanm san kolonn vètebral. Nou pwofite moman sa pou nou eksprime solidarite nou avèk 2 jounalis sa yo. Anplis, kalte betiz ki fè nannan kanaval li a, se li menm ki deside kilè l ap fèmen pakou kanaval la.
Tout sa yo montre nou SOFA genyen anpil defi k ap tann li nan jou k ap vini yo. Nan sans sa, asanble SOFA deklare li toujou rete soude ak 3 prensip sa yo : Libète, egalite, sororite/solidarite. Se sa ki fè nou reyafime volonte nou pou nou kontinye mennen aksyon atravè 4 chwal batay nou yo : Lit kont vyolans sou fanm, sante fanm, lit kont feminizasyon povrete, patisipasyon politik fanm nan espas desizyon. Pou sa rive fèt SOFA defini kèk eleman estratejik tankou :
• Asire lyen òganik ant òganizasyon an ak Pati Politik ki pataje menm vizyon ak nou
• Patisipe nan konsètasyon lajman laj k ap fèt ant divès aktè pou konstwi antant nasyonal k ap pèmèt nou jwenn yon chanjman dirab pou fanm yo ak peyi a
• Pote kole nan rechèch syantifik pou nou kapab genyen bon jan enfòmasyon sou kondisyon ak sitiyasyon fanm yo pou nou kab pi chita pledwaye sou dwa fanm yo
Lit fanm nan se lit tout mas pèp la !
Moun ki siyen nòt la :
Kòdinayon depatmantal Grandans :--------------------------------------------
Kòdinasyon depatmantal Latibonit :-------------------------------------------
Kòdinasyon depatmantal Nò :--------------------------------------------------
Kòdinasyon depatmantal Sidès :-----------------------------------------------
Kòdinasyon depatmantal Nòdwès :-------------------------------------------
Kòdinasyon depatmantal Lwès :-----------------------------------------------
Kòdinasyon depatmantal sant :------------------------------------------------
Kòdinasyon nasyonal SOFA :---------------------------------------------------