Nòt Pou Laprès Kòdinasyon Kanpay Nasyonal Sansibilizasyon Pou Kafe Ayisyen, ki gen ladann 11 òganizasyon ak enstitisyon nasyonal ak entènasyonal
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 25 janvier 2005
Kòdinasyon Kanpay Nasyonal Sansibilizasyon Pou Kafe Ayisyen leve vwa li pou atire atansyon responsab nan Leta a ak lopinyon piblik la anjeneral sou yon sitiyasyon anòmal k ap devlope nan tout zòn kote ki gen Kafe nan peyi a sitou nan zòn ki pi pre fontyè yo.
Apre demantibilay filyè kafe a nan kòmansman ane 90 yo, gen yon jefò ki te kòmanse fèt nan fen lane 90 yo pou te remonte filyè a. Plantè yo ki te regwoupe yo nan asosiyasyon ak koutmen kèk enstitisyon epi ak api leta (atravè fon STABEX) te chèche nouvo teknoloji pou transfòme kafe a epi rive vann li dirèkteman sou mache letranje. Se yon esperyans ki te charye anpil lespwa kote chif dafè koperativ ak asosiyasyon sa yo te anviwon 40 milyon goud nan rekòt kafe 2002-2003.
Jounen jodia, pou endistri nan peyi Sendomeng kapab satisfè mache touris ak mache espòtasyon lakay yo, yo travèse fontyè a rantre anndan peyi a san kè sote pou achte kafe jan yo vle san yo pa respekte ankenn nòm kalite, san konsidere okèn nòm kòmès entènasyonal. Apre yo fin monte balans yo toupatou pou ranmase kafe, koulye a, yo kòmanse achte rekòt kafe sou pye jan yo fè sa nan Fatima, yon lokalite ki chita nan 2e seksyon kominal Tyòt. Pou rekòt kafe ane 2004 sa a, akòz fason achtè Dominiken yo ap ranmase kafe anndan peyi a, koperativ yo pa kab kolekte kafe, gen ladan yo ki menm oblije fèmen pòt yo. Se menm sitiyasyon an pou lòt espòtatè ak torefaktè nan peyi a ki pa rive achte kafe, pandan gen plis pase 150,000 sak kafe ki deja travèse fontyè.
Komès ilegal sa a, montre aklè jan peyi a pa gen souverènte nan anyen, menmjan an tou, li charye anpil move konsekans pou filyè kafe a tankou :
a. Redui a zewo efò tout envestisman Leta deja fè atravè fon STABEX yo ki reprezante plis pase 150 milyon goud, san konte kantite api ONG k ap kore koperativ yo envesti pou bay pwodiksyon ak komèsyalizasyon kafe a jarèt anndan peyi a,
b. Kraze tout efò ki deja fèt sou zafè kilti kafe anjeneral,
c. Retire Ayiti sou lis peyi ki espòte kafe ets.
Lè nou konsidere istwa relasyon kòmèsyal kafe a sou fontyè ayisyen ak dominiken, se toujou yon sèl konpayi ki okipe 97% mache a. Se li ki monte pri, se li ki desann pri. Lè Ayisyen te konn al vann kafe lòt bò fontyè a, non sèlman yo te konn bay yo fo mamit, kout balans, men tou yo te konn pakab antre lakay yo ak kòb lavant la, paske yo pran l nan men yo ; Gen pafwa, yo bat yo.
Ak nouvèl apwòch ki devlope nan sa ki konsène zafè kafe a nan peyi a depi anviwon 6 lane, achtè Dominiken sa yo oblije chanje estrateji, yo vini sou plas epi yo menm ogmante pri kafe a. A pati istwa sa a nan relasyon komèsyal de peyi yo, apati lwa mache a, nou deja konnen depi koperativ ak asosiyasyon yo bese lebra, Panyòl ap retounen ak pri yo vle menm jan sa te toujou fèt.
Lè nou konsidere Kafe a se pwodui ki rantre plis nan ti kras deviz peyi a, nou mande Reponsab Leta yo, anpatikilye Ministè Komès, Ministè Enteryè, Ministè Agrikilti, Kanpay Kafe a deja mete dosye devan li, pou yo pran bonjan mezi pou frennen komès ilegal sa a, ki reprezante yon gwo malè pandye pou komès kafe ak pou filyè a. Nan sans sa a, nou pwopoze kèk nan mezi Responsab nan Leta yo dwe pran prese prese :
Mennen ankèt sou sitiyasyon an sitou nan zòn fontyè yo,
Fè achtè Dominiken yo respekte règleman lwa peyi a ki gen awè ak komès entènasyonal, anpatikilye komès kafe, ki se yon pwodui estratejik pou peyi a,
Fè respekte lwa sou migrasyon ki anvigè anndan peyi a,
Mete ajan dwanye ak kontwolè danre sou fontyè a.
Pòtoprens, 24 janvye 2005
Pou Kòdinasyon Kanpay Kafe a :
Behal Joseph
Frito Merisier
Oganisasyon ak Enstitisyon ki angaje nan Kanpay kafe a :
APCAB Association des Planteurs de Café de l’Arrondissement de Belle-Anse
CAB Coopérative Agro-commerciale de Baptiste
COOPCAB Konbit des Coopératives des Petits Planteurs de Café de l’Arrondissement de Belle-Anse
FACN Fédération des Associations Caféières Natives
FOPLAB Fédération des Organisations de Planteurs de l’Arrondissement de Belle-Anse
PAPDA Plate forme Haitienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif
RECOCARNO Réseau des Coopératives Caféières de la Région Nord / Nord-Est
ACTION AID
FLM Fédération Luthérienne Mondiale
ICEF Institut de Consultation, d’Evaluation et de Formation
OXFAM Grande Bretagne