Yon atik Ronald Colbert
Pòtoprens, 25 desanm 2016 [AlterPresse] --- Te gen plizyè milye moun nan lari, lannuit samdi 24 pou antre dimanch 25 desanm 2016 lan. Nou te ka wè timoun, jenn fanm, jenn gason, granmoun, ki te sòti : al disipe tèt yo, nan divès katye zòn metwopoliten Pòtoprens.
Pou fèt Nwèl, finisman ane 2016 lan, te gen plis moun ki te pran lari an pou yo. Malgre lavi chè an, malgre briganday politik lan, te gen pi plis moun ane sa a, pase ane anvan yo.
Yon sitiyasyon ki vin pi konplike, apre pasay siklòn Matthew an sou Ayiti, nan dat lendi 3 ak madi 4 oktòb 2016 lan.
Fèt nwèl 2016 lan pito pase ak anbyans tout koulè.
Gen moun ki t al dèyè achte dives kalte kado. Ten gen anpil animasyon. Moun yo te deside pran yon kanpo, chita pale, reyini ak paran, moun ki pre yo, zanmi fanm kou gason, san n pa bliye randevou lanmou ant jenn fanm ak jenn gason.
Toupatou, lari an te chaje ak anpil moun. Te gen anbouteyaj nan lari Pòtoprens ak rès vil zòn metwopoliten kapital lan, lannuit 24 desanm 2016 lan. Machin prive, kamyonèt ak lòt kalte tap pap t ap fè laviwonn dede, alantou divès katye.
Te gen tou lapolis nasyonal, ki te prezan yon seri kote. Gen nan polis sa yo ki te mande chofè machin yo pran prekosyon, si yo deside al fete : pa lage kò yo nan bwè alkòl, detan y al banboche, yon fason pou yo ka retounen lakay yo, san poblèm, san kè sote, san yo pa mete an danje lavi yo ak lavi lòt ki te sòti ak yo.
Anpil moun te an penpan, mete rad tou nèf yo. Gen nan yo ki te gen sou tèt yo bonèt wouj ak blan, bonèt ki gen koulè lò, koulè Nwèl. Gen jèn ki te abiye ak koulè limyè ki t ap flache.
Se vare, anpil nan jenn fanm ak jenn gason sa yo te vare nan boulanjri, nan kote ki prepare gato, pate, tat ak lòt sikre yo. Moun te debake anpil nan boutik, magazen.
Men, te gen anpil anpil moun ki t al jete kò yo nan bak fritay ti machann, pou al manje bannann peze, lam fri, akra, vyann griye, vyann poul, bèf, kodenn, vyann kochon, griyo ak tout pikliz.
Plizyè nan jenn fanm ak jenn gason sa yo te anvayi makèt yo : al dèyè krèm pou bwè ak divès kalte bweson.
Gen nan yo ki t al pase yon tan nan ba restoran. Gen nan yo ki t al danse nan klib ak lòt kote ki te gen pogram bal.
Mizik te fè kenken nan lari an
Lannuit samdi 24 pou antre dimanch 25 desanm 2016 sa a, moun te ka wè estann divès kote, ak wopalè ki t ap gaye mizik, souvan ak yon nivo ki t ap kalonnen zòrèy moun, ki souke tout kò w, an n di ki brannen tout kò w, tèlman mizik lan te twò fò, lè w ap pase. Jenn fanm ak jenn gason yo t ap chante, danse, sote ponpe.
Bweson te pèdi lavi yo, sitou : byè byen frape, diven, kremas, likè tout koulè, kola ak lòt.
Sa anpil moun ki t ap suiv pa t dakò, se anpil timoun yo te rive vann bweson danje, bweson ki chaje ak anpil alkòl.
Sou bò pa yo, moun, ki pa t sòti, te chèche kreye pwòp anbyan pa yo lakay yo.
Chak grenn moun te jwenn pretès pa yo pou fè reveyon : nan mitan fanmi pa yo, ansanm ak paran, ansanm ak moun ki pre yo, ansanm ak zanmi fanm ak zanmi gason, ansanm ak vwazin ak vwazen.
Nan chak kay, chak kote, te gen kalte manje pa yo, ki t ap ankouraje moun k ap pase yo vire je gade, chèche konnen, chèche konprann ki kalte manje sa yo, ki kalte manje yo t ap prepare nan zòn sa yo.
Pandan jounen samdi 24 desanm 2016 lan, anpil moun t al fè pwovizyon nan mache, al achte manje, vesèl, aparèy, rad nèf ak rad pèpè, ak lòt materyèl yo te plis bezwen.
Nou konnen, finisman mwa desanm, nan peyi d Ayiti, se peryòd : kote anpil moun eseye fè plan, pou achte sa yo pa t ka achte pandan ane ki pral fini an, paske mwayen lajan yo pa t pèmèt yo fè sa anvan.
Toupatou, ou te jwenn moun, ki te reyini : nan ti fèt salon, ti fèt nan lakou lakay, andedan espas kote yo konn òganize espektak, ni nan lari an menm, kote machin ap pase.
Lannuit 24 pou antre 25 desanm 2016 lan, se te okazyon pou anpil moun eseye bliye traka toulejou yo, chire pit politik yo, ki pa janm sispann, ak vye pawòl lanvè landrèt yo.
Nou pa t ka konte konbyen dividal moun, ki t al esepe pase yon bon moman kote ki gen plas piblik.
Menm si kote ki gen plas piblik sa yo pa gen bon jan ekleraj, moun yo t ap ri, bay blag, manje fritay, bwè byè ak lòt kalte bweson, san gade dèyè.
Nou p ap bliye legliz yo, katolik women kou pwotestan, ki te gen aktivite oswa pogram pa yo.
Gen nan yo, se te moman lapriyè pou yo. Gen lòt, ki te ankouraje fidèl yo fè kotizasyon, pou ka rive, lannuit 24 pou antre25 desanm 2016 lan, ofri yon manje ansanm, detan y ap bay timoun yo kado, detan granmoun yo, yomenm, ap separe kado ant yo.
Yon bon bagay, jou 24 desanm 2016 lan, nan zòn metwopoliten Pòtoprens, te gen kouran bonè, pa t gen blakawout.
Sa k te pèmèt moun yo rive jwenn bweson byen frape, byen glase, mete CD epitou konekte radyo ak televizyon, pou suiv kèk pogram oswsa pou tande mizik.
Gen kèk kote, moun te tande boum peta, sa yo rele fe datifis, boum peta ki klere nan syèl lan ak divès koulè.
Se te yon fason, pou moun sa yo salye jou Nwèl lan, yo rive viv, magre menas, malgre kè kase ak kè sere, malgre lavi chè ak latwoublay politik, ki pa fè wè posiblite pou lespwa ta rive blayi, nan jou ak mwa k ap vini yo, nan peyi d Ayiti.
Se te anbyans tout koulè, lannuit samdi 24 pou antre dimanch 25 desanm 2016 lan, nan divès katye, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Fason foul moun sa yo te anvayi lari an, te desann nan lari Potoprens, sanble vle montre jan moun yo te anvi jete estrès lan, kaba peryòd latwoublay lan, fini ak pawòl anpil yo.
Petèt, se yon fason pou yo eseye pase finisman ane 2016 lan ak plis kè kotan, plis kè poze, san hing hang, epi pou gade lane 2017, k ap vin an, ak lòt je.
An atandan yo kapab bwè soup joumoun an, lannuit samdi 31 desanm 2016 lan pou antre dimanch premye janvye 2017 lan, detan y ap swete chak moun larezonnen, bon jan lasante ak pi bon kondisyon viv ansanm, pou mwa k ap vini yo nan peyi d Ayiti. [rc apr 25/12/2016 10:00]