Atik Claude Joseph*
Espesyal pou AlterPresse
Tradiksyon lib an Kreyòl: Roody Barthèlemy
Afè BCEN ki transpòte nan Sant tabilasyon pou al fè verifikasyon 12% pwosèvèbal (PV) sou baz aleyatwa a, pran yon lòt nivo nan kriz pòs elektoral k ap pase la a. Si desizyon sa a konfòm ak dispozisyon atik 74 règleman kontansye elektoral amande a, toutfwa nan sa ki gen pou wè avèk teknik estatistik yo, gen aspè ladan ki pa fin twò klè ki pa ta dwe nonplis neglije. Pou kòmanse, desizyon an nan fondman li bay kèk konfizyon. Echantiyon 1560 pwosèvèbal ki dwe obligatwaman gen ladan 27 kopi orijinal Pitit Dessalines yo ak 364 sa kandida Jude Celestin te depoze yo pa kab kalifye kòm chwa ki fèt sou baz aleyatwa. E si toutfwa lide tiraj aleyatwa a se ta pou dedui karakteristik yon popilasyon apati yon echantiyon yo chwazi pran pou obsève, ebyen fason BCEN nan konstitiye echantiyon pa li a pa p pèmèt li rive estime paramèt enterè popilasyon an kòrèkteman piske total 391 PV Pitit Dessalines ak Jude Celestin sa yo, se ta deja sou baz iregilarite yo jwenn yo gen ladan yo ki fè yo te chwazi seleksyone yo. Fay mòd seleksyon sa a deja gen dwa sèvi pou defòme reyalite popilasyon an. Pou n di sa yon lòt jan, sa deja rann li posib pou sirestime pwopòsyon iregilarite ki gen nan ansanm tout pwosèvèbal yo apati yon echantiyon kote 25% gen iregilarite anlagan. Anplis, se pa san rezon gen moun ki pral di 12% tout 10618 PV yo bay 1275; lè w ajoute 391 sa Jean Charles Moise ak Jude Celestin depoze yo, sa bay total 1666 PV; kidonk se pa 1560 PV sa bay, tankou jan BCEN nan enskri sa nan desizyon li pran an.
Men gen yon lòt pwoblèm ki enpòtan tou. Daprè ki lojik BCEN nan òdone se verifikasyon 12% PV yo ki dwe fèt? Pouki sa li pa 5% oswa 30%? Jeneralman, chwa gwosè tay echantiyon toujou baze sou plizyè faktè tankou maj erè ak sèy konfyans. Nan ka verifikasyon sa a, moun pa gen okenn ide ki jan yo fè pou detèmine tay 12% echantiyon sa a. Pakonsekan, si se nan syèl chif sa a sòti li tonbe atè, sa t ap difisil anpil pou estime, menm ak yon sèten degre sètitid (nivo konfyans), paramèt popilasyon an apati estatistik echantiyon an.
Mete tout preyokipasyon sa yo sou kote, li enpòtan pou konprann byenfonde verifikasyon an. Pouki sa pou n verifye? Repons BCEN nan klè sou sa: nou oblije fè yon verifikasyon paske li “nesesè pou BCEN nan fè limyè blayi, pou kab tabli senserite vòt yo.” Men ki jan BCEN nan pral fè limyè blayi ak tabli senserite vòt yo apati sèlman 12% PV yo? Lojikman, sa ta dwe fèt apati iregilarite yo jwenn nan echantiyon an. Men, ki nivo yo pa dwe depase? Andotretèm, ki sa yo ta dwe konsidere kòm iregilarite grav, epi ki nivo iregilarite done ki ta kab chanje konfigirasyon rezilta eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016 yo? Lè pa gen repons ki bay pou kalite kesyon sa yo, w ap jwenn tout kalite entèpretasyon posib pou y. Desizyon ki pral pran yo pral fèt sou baz enpwovizasyon. Se jijman k ap fèt sou baz “rapòdefòs” yo k ap pase nan plas verite sa ki ta dwe sòti nan bwat bilten vòt yo kòm vèdik. Kidonk, pou n pale nan menm sans ak Otto Von Bismarck ki te di « les grandes questions de notre temps ne se décideront pas par des discours et des votes à la majorité, mais par le fer et le sang », nou kab di: “Se pa ni pale anpil ni bilten vòt yon majorite ki pral rezoud gwo kesyon k ap soulve nan epòk n ap viv la a, men se rachekoupe”.
* Adjunct professor
Fordham University
Cjoseph20@fordhma.edu