Español English French Kwéyol

Mouvman Solidarite Entènasyonal Pou Dechouke Lamizè Ann Ayiti

Kominike Fonkoze

AlterPresse resevwa dokiman sa a 19 novanm 2004

Sou inisyativ Fonkoze ak Zanmi Lasante, plizyè Espesyalis entènasyonal k ap goumen kont lamizè nan peyi pa yo (tankou Benngladèch, Kamewoun an Afrik, Bolivi ak Repiblik Dominikèn) te reyini pandan semèn lan nan Tomonn, yon kominote nan Plato Santral - Ayiti, pou bati yon pwogram kote yo kab rive dechouke lamizè ann Ayiti nan 10 lane k ap vini yo.

Fonkoze, se youn nan pi gwo enstitisyon mikwofinans ki egziste ann Ayiti - Zanmi Lasante, se youn nan pi gwo enstitisyon prive k ap bay swen sante nan zòn riral yo nan Plato Santral la. De enstitisyon sa yo te mete tèt yo ansanm avèk plizyè Ayisyen ak Espesyalis yo k ap travay nan domèn sa yo: mikwofinans, lasante, mobilizasyon kominotè, edikasyon, dlo potab, pwòpte, ak agrikilti pou reflechi ansanm sou yon pwogram dechoukaj lamizè nan peyi d Ayiti.

"Mwen pa ka kontinye geri moun ki manke mouri akoz de tibèkilòz, SIDA oubyen yon lòt maladi, epi kounye a yo kapab travay, men, y ap soufri paske yo pa gen mwayen pou viv," se sa Doktè Paul Farmer te di. Doktè Farmer se fondatè Zanmi Lasante, ki ap sèvi deja 75% moun ki afekte ak VIH ak lòt maladi nan Plato Santral ann Ayiti. Genyen yon liv ki rele "Dèyè Mòn Gen Mòn", ki pale de travay Doktè Farmer ap fè nan domèn sante avèk moun pòv ann Ayiti. Se Tracy Kidder, yon ekriven ki te resevwa prim Pulitzer, ki ekri liv sa a.

"Reyinyon sa a te sèvi ak esperyans ki fèt pami lòt nasyon yo pou kraze lide ki ta fè kwè, nou pa konn jan pou fè moun sòti nan gwo lamizè, se sa Anne Hastings, direktris Fonkoze, te di. "Pèsonn pa ka di nou ankò li pa posib."

"N ap kase chenn lamizè a nan 5 an k ap vini yo. N ap fè sa nan akonpaye fanmi ki pi pòv yo ak fwaye ki enfekte ak afekte ak VIH ak TB. Pwogram sa ap genyen plizyè aspè tankou asistans sosyal ki koresponn ak bezwen yo, fòmasyon ak ankourajman pou fè biznis, pou yo genyen posiblite pou ede tèt yo ekonomikman."

Inisyativ sa pral sèvi avèk modèl BRAC Benngladèch te lanse nan peyi l la pou diminye lamizè. Inisyativ sa a ap sèvi tou avèk esperyans lòt peyi yo, men l ap adapte l avèk reyalite Ayisyen an. Patisipan yo nan reyinyon an te rekonèt lamizè pa parèt menm jan tout kote. Poutèt sa , yo te devlope nouvo pwogram ki touche moun ki pi riske yo: fanmi k ap viv nan gwo lamize ak fwaye k ap viv avèk VIH ak tibèkilòz.

"Sa make kòmansman " Mouvman Solidarite Entènasyonal Pou Dechouke Lamizè a," se sa Doktè Robert Davis nan Freedom from Hunger te deklare. Doktè Davis, ki se vis-prezidan sèvis pwogram nan Freedom from Hunger, se youn nan fasilitatè ki te travay nan reyinyon an. "N ap adapte modèl ki deja mache toupatou sou latè pou rezoud pwoblèm gwo lamizè ann Ayiti."

Men kèk enstitisyon ki pral travay ansanm pou ekzekite Pwogram dechoukaj lamizè nan peyi d Ayiti a : Fonkoze, Pwoje Medishare, Zanmi Lasante, ak Concern Worldwide. Patnè ki soti nan lòt peyi k ap patisipe ladann inisyativ sa se Grameen Bank ak BRAC nan Bengladech, Pro Mujer nan Bolivi ak Afriland/MC2/Muffa nan peyi Kamewoun. Patnè estratejik se: FINNET ak HAP ki finansye pa USAID, Save the Children, Plan International, Haiti Outreach, MEDA, Freedom from Hunger and Grameen Foundation USA.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rezilta ki te soti nan reyinyon an, ekri nan adres imel summit@fonkoze.org

Pòtoprens, Ayiti, 19 novanm 2004

Ref : Anne Hastings

(509) 556-3910

director@fonkoze.org