Atik Michel-Ange Hyppolite
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan finisman ane 2004
Eske nou konnen ki kantite peyi ki pale menm kalite kreyòl ak sa ki pale Ayiti a?
Kesyon sa a parèt senp. Poutan li gen anpil vire tounen ladan. Alaverite, se Ayiti sèlman ki pale kalite kreyòl nou an. Nan rankont mwen ak mounn Matinik, Gwadloup, Sentlisi epi Ladominik, mwen remake kreyòl yo pale a gen anpil resanblans ak kreyòl pa nou an. Sepandan, nan ka Matininik ak Gwadloup, de zile ki pale lanng franse menm jan ak Ayiti, si mounn ki ap adrese nou lapawòl la pale youn kreyòl ki genyen anpil mo franse ladan li, nou ap konprann li san pwoblèm. Men nou dwe ajoute tou, nan de ka sa yo, se kòmsi se franse mounn lan ta pe pale ak youn chapant kreyòl. Sepandan, nou pakab sèvi ak menm teknik lan pou nou pale ak mounn Sentlisi osnon Ladominik, paske gen lontan depi zile sa yo te rantre sou lobedyans Angletè.
Nou ap kontinye pou nou di gen apeprè 12 peyi ki pale youn kreyòl ak baz leksikal franse, sa vle di: mo yo sèvi yo soti an majorite nan lanng franse a. Nou dwe sonje tou, se pa lanng franse a sèlman ki founi lanng kreyòl sa yo ak mo. Yo genyen mo ki soti nan divès lanng afriken yo ansanm ak nan divès peyi ewopeyen ki te tabli dominasyon yo ak fòs gwo ponyèt yo sou peyi sa yo. Anplisdesa, se tanzantan nou jwenn kèk mo lanng endyen Ayiti yo nan kreyòl ki pale Ayiti a.
Piske 12 peyi ki pale kreyòl ak baz mo franse yo pa pale li menm jan, sa vin lakòz youn ekip save, pami yo pwofesè alaretrèt Maximilien Laroche, chwazi rele kreyòl nou pale Ayiti a: Ayisyen. Bò kote pa nou, lè nou vle mete presizyon nan langay nou, nou senpman di: kreyòl Ayisyen. Se menm jan an tou, nou konn di: kreyòl Matinik, Gwadloup, Sentlisi eksetera.
Malgre tout pale anpil nou tande sou koze leksikal lanng kreyòl yo, tout lanng sa yo gen menm chapant. Yo genyen youn chapant ki soti nan lanng afriken yo. Kòm se chapant gramatikal youn lanng ki defini li, tout espesyalis natifnatal konsekan yo admèt kreyòl la se youn lanng afriken. Sa vin lakòz lenguis kou Serge Fuertès, di kreyòl Ayiti a se youn kreyòl Afriken. Pou Serge Fuertès te pwouve pwen li an, li te ekri youn dokiman ki rele: Introduction au créole afrohaitien: Origine et structure ( 1995 ).
Kolonizasyon mennen Dominasyon kiltirèl
Kesyon youn mounn kab poze nou kounye a se: poukisa peyi ki pale kreyòl ki gen baz mo yo nan lanng franse a pa pale kreyòl la menm jan? Repons lan senp. Se paske nanpwen okenn nan peyi kreyòl yo ki te al kolonize ni tou ki te tabli dominasyon kiltirèl yo sou okenn lòt peyi sou latè. Si tout mounn ki pale franse estanda, angle estanda, panyòl ak pòtigè estanda yo pale divès lanng sa yo menm jan, gen rezon pou sa. Rezon an se paske peyi kou:Lafrans, Angletè, Lespay ak Pòtigal te jwenn pwoteksyon epi pèmisyon Lepap, pou yo te sèvi ak pisans militè yo epi ponmennen vòlè tè ak kouray pou yo te tabli fòtin yo. Poudayè, nan epòk sa yo se Lepap, reprezantan bondye sou latè ki te gen dwa separe tout tè sou latè ant divès wa gwo peyi ewòp yo. Se menm zak gwo ponyèt sa a nou ap viv jounen jodi a anba men Etazini pandan nou ap li atik sa a. Kanta esklavay la menm, Etazini tabli li sou youn lòt fòm. Li sèvi ak gwo konpayi miltinasyonal yo pou eksplwate kouray travayè peyi yo rele peyi sou devlope yo pou po pistach. Se konsa gwo konpayi sa yo fè timounn piti tounen travayè, kant yo ta dwe ale lekòlk pou yo tounen sitwayen konsekan nan peyi kote yo ap viv la. (Sa se travay youn konpayi kou Nayki, endistri "sucre" Repiblik dominikèn lan ak anpil lòt konpayi ankò).
An nou retounen nan chan lenguistik la. Lè peyi kolonyal sa yo te rive retire kò yo anba kolon sousè sa yo, dominasyon lenguistik la te rive fèt youn lòt fason. Yo voye liv, plak ak tout kalite machandiz vann nou. Anplisdesa, sou pretèks yo ap ban nou èd, yo ranje kò yo youn fason pou sistèm edikasyon nou an danse kole ak sistèm edikasyon pa yo. Konsa, menm lè yo pa la, yo toujou la. Mwen pa konn si nou remake sa, nan divès ka nou mansyone yo. Se toujou lajan ki ap soti lakay nou pou l’ al kontinye angrese ekonomi ansyen peyi ki te kolonize nou yo.
Kòm kilti ak lanng mache men nan lamen, peyi kolonize yo vin oblije kenbe lanng kolon yo ak tout ti antre soti ki ladan yo a. Se konsa ou tande: franse estanda, panyòl estanda, angle estanda elatriye.
Kòm kolonizasyon kiltirèl la mache ak youn depandans sikolojik, anpil nan save peyi kolonize yo vin delala. Se kondisyon mantal delala sa a tou ki lakòz elajisman lanng kreyòl ayisyen an nan divès sektè biwo leta yo kontinye sèvi youn pongongon pou fonksyonè ayisyen yo ansanm ak leta ayisyen. Sa vle di. Leta Ayisyen pa vrèman pran okenn aksyon konsekan pou pèmèt lanng kreyòl Ayiti a jwe wòl lanng ofisyèl li kòmsa dwa. Jounen jodi a ankò, nou ap mande leta Ayiti a pou li pran responsablite li nan avansman lanng kreyòl la.
Jounen jodi a nou ap mande Edikasyon nasyonal pou li pase youn regleman, kote nan ekzamen bakaloreya, seksyon literati Ayiti, ap gen youn sijè obligatwa sou branch kreyòl literati Ayiti a. Kalite regleman sa a, ki pa mande okenn deprans, pral ankouraje elèv yo sèvi ak lanng kreyòl la pou demontre kapasite yo nan lanng manman yo a epitou li pral fasilite devlopman literati kreyòl la toupatou anndan peyi a, paske elèv yo pral sèvi ak modèl travay yo jwenn yo pou yo kontinye pwodui zèv literè nan lanng kreyòl la.
Pou nou tounen sou koze nòmalizasyon an, nòmalize youn lanng pou li pale menm jan toupatou sou latè, se aksyon ki mache ak dominasyon youn pèp sou youn lòt. Se youn aksyon ki fòse nou bliye tèt nou, rasin nou, pou nou tounen youn lòt mounn ki ap travay nan enterè youn lòt pèp san nou pa rann nou kont. Peyi ki pale kreyòl yo pa gen kalite pouvwa konsa nan men yo. Kidonk, chak zouti kreyòl ki pran lari, se youn pa nou fè sou chemen anrasinman pèsonèl nou nan pwòp enterè pa nou epi nan avantaj peyi nou, youn fason pou nou rive demonte mantalite prete a,ki ap neye lespri nou pous pa pous jouk nou rive antere pwòp tèt nou ak pwòp men pa nou san nou pa janm rann nou kont.
Michel-ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Ottawa