Kontrandi Mouvman Oganizasyon pou Desantralizasyon ak Devlopman Depatman Nò ak Nòdès
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 13 septanm 2016
Jounen samedi 13 dawout 2016 la, nan lokal Fakilte Dwa, Syans Ekonomik ak Jesyon Okap la, MODOD fè yon kokenn chenn seremoni pou klotire pwogwam fòmasyon 2 lane li te mete kanpe depi 2013 sou Ekonomi Sosyal Solidè.
Nan pwogram jounen an, dwayen Fakilte a, Jusnerd NELSON, te pran lapawòl, te gen youn ti bilan Lekòl Fòmasyon an, temwayaj patisipan yo, twoup teyat Lakou te prezante youn sosyodram ki rele Dezolasyon tout moun bèbè, remiz sètifika bay patisipan yo epi remèsiman ak tout kamarad, tout zanmi ki te pote kole nan reyiisit eksperyans sa epi youn ti bat bouch.
Yon kout je rapid sou MODOD
MODOD se non jwèt Mouvman Oganizasyon pou Desantralizasyon ak Devlopman Depatman Nò ak Nòdès.
MODOD se yon rezo òganizasyon peyizan, jenn etidyan, jenn nan katye popilè ki pran nesans nan vil Okap nan mwa septanm 2010.
MODOD prezan nan divès Komin nan depatman Nò (Balenbe, Lenbe, Granrivyèdinò, Lakildinò, Kap Ayisyen…) ak Nòdès (Sentsizan, Ferye…).
Objektif estratejik mouvman an se :
• Batay pou desantralizasyon peyi a vin yon reyalite tout bon vre, patikilyèman nan depatman Nò ak Nòdès ;
• Mete plis relasyon echanj nan mitan divès òganizasyon ki manm mouvman an ;
• Devlope kapasite analiz ak kritik tout manm ak tout òganizasyon ki manm mouvman;
• Patisipe nan batay pou konstri yon veritab mouvman sosyal popilè ki granmoun tèt li nan rejyon ak nan rès peyi;
• Pote kole nan batay pou amelyore kondisyon lavi mas popilè yo ak pou transfòmasyon sosyete peze souse a;
• Devlope kreyativite ak pouvwa envansyon lakay manm yo ak tout òganizasyon ki manm mouvman an.
Konsa, MODOD se youn nan òganizasyon nan mouvman sosyal popilè, revandikatif, pwogresis k ap batay pou amelyore kondisyon lavi mas popilè yo ak pou transfòmasyon sosyete pezesouse a.
Mouvman an chita sou solidarite, otonomi, demokrasi popilè. Li bay tèt li pou misyon : fòme manm li yo epi kreye inisyativ k ap ede mouvman grandi an pandan l ap rete gramoun tèt li. Se nan lojik sa mouvman an gen yon seri aktivite tankou :
alfabetizasyon pou manm li yo,
akonpayman òganizasyon manm li yo,
mete kanpe youn Koperativ ki rele Koperativ Finans Solidè MODOD,
youn pak kochon,
epi Pwogram fòmasyon 2 lane sou ekonomi sosyalsolidè a.
MODOD gen youn estrikti ki chita sou patisipasyon tout òganizasyon manm li yo ak miltan yo. Tout gwo desizyon mouvman an pran nan Kongrè l ki fèt chak 2 lane. Apre sa nan chapant mouvman an, nou jwenn Asanble jeneral tout òganizasyon yo ki reyini chak ane, Asanble Kominal ki kanpe ak divès òganizasyon manm mouvman an ki nan youn menm Komin, Komisyon ak Asanble Komisyon yo epi Konsèy Ekzekitif la ki fòme ak delege ki soti nan tout komin yo epi ki reyini chak 2 mwa.
Ki sa ki Lekòl Fòmasyon MODOD la (LFM)?
LFM nan se youn nan gwo reyalizayon MODOD. LFM se youn inisyativ ki pran depi mwa desanm 2013 apre youn fòmasyon sou ekonomi sosyal solidè. Gen youn ti ekip kap kowòdone l epi ki mete kanpe youn Pwogwam fòmasyon sou Ekonomi Sosyal Solidè.
Pwogram sa a mennen ak 8 modil: Prensip Ekonomi Politik, Prensip Ekonomi Sosyal Solidè, Ekonomi Ayisyèn, Enstitisyon Ekonomi Sosysal Solidè yo, Prensip Kontabilite, Finans Solidè ak Politik Kredi, Planifikasyon Estratejik, Jesyon ak Jesyon Moun .
Fòk nou di seri refleksyon sa yo te koumanse ak plis pase 20 militan MODOD ki sòti nan dives òganizasyon sou 4 komin nan depatman Nò ak 2 komin nan Nòdès kote mouvman ap layite kò l. Men disiplin ak rigè LFM nan mete ak lòt pwoblèm fè kantite patisipan yo tonbe nan 10. Anjeneral, patisipan yo bay sèlman youn kontribisyon 250 goud pou manje ak achte lakrè plis lajan machin ale-retou yo. Epi animatè seminè oswa modil yo pote koutmen yo nan anime seyans fòmasyon yo, men tou se yo ki peye pi frè transpò epi pafwa menm otèl pou yo desann. Kidonk, se youn Pwogram ki makonnen benevola, militans ak solidarite.
Preske chak twa mwa, refleksyon yo tanmen sou yon sijè diferan men ki toujou makonnen ak kesyon Ekonomi Sosyal Solidè. Manm tout òganizasyon ki nan MODOD ki vle ka vin patisipe nan youn fòmasyon oswa youn lòt, men se kòm oditè.
Pwogram sa te rive posib ak enplikasyon GRAD (Gwoup rechèch ak Apui pou Devlopman Kolektivite Teritoryal yo), yon òganizasyon etidyan ki tabli nan fakilte syanzimén nan Pòtopwèns, plis koutmen anpil kamarad etidyan, pwofesè, manm kèk òganizasyon zanmi tankou MODEP, FRAKA, GREDESH ak Lakou.
Pwogram fòmasyon sa t ap pousuiv yon seri objektif tankou:
Ede patisipan yo pran konsyans sou sitiyasyon lavi yo;
Mennen refleksyon sou ekonomi kapitalis la ak fòmasyon sosyal ayisyen an ;
Poze baz kritik pou refleksyon ak konstriksyon yon altènativ ekonomik, yon pwojè sosyete san fòs kote ;
Fòme kad pou inisyativ mouvman an ap pran nan keksyon Ekonomi Sosyal Solidè, yon fason pou ranfòse, devlope plis solidarite nan mouvman an, epi kontribye nan fè mouvman an vin pi djanm, pi granmoun tèt li, tankou Koperativ Finans Solidè MODOD (KFSM).
Demach animatè yo te itilize pou rive bay fòmasyon sa a, chita sou metòd edikasyon popilè a. Se yon fòmasyon ki te chita anpil sou boukantay lide ant patisan ak animatè. Nan yon egzèsis makonnay teyori nan liv ak reyalite chak jou patisipan yo ak animatè yo.
Apre chak modil patisipan yo evalye apati diferan atelye refleksyon ki fèt sou modil la, osinon apati travay teren yo al fè nan kominote yo, oswa tou nan refè modil la nan zòn pa yo.
Apre chak 4 modil, yon seyans evalyasyon epi rapèl fèt sou diferan pwen ki parèt flou pou patisipan yo. Nan fen pwogwam lan, kèk mwa apre nou rive fè yon evalyasyon global sou tout modil yo.
Boutofen, dis (10) kanmarad rive boukle fòmasyon an jiskoubou.
Kòm rezilta: yon inisyativ ekonomi sosyal solidè rive ponn anndan mouvman an ki pote non KFSM (Koperativ Finans Solidè MODOD). Tout moun k ap jere koperativ la te patisipe nan Lekòl Fòmasyon an.
Pou lane 2016-2017 la, LFM nan ap mete kanpe youn pwogram fòmasyon kontini pou ekip ki fini ak Pwogram nan pandan refleksyon ap bwase sou repriz Pwogram nan ak youn lòt pwomosyon nan lane 2018.
Pwogwam fòmasyon 2 lane sa, se yon premye pa MODOD fè nan wout long lap pousuiv pou rive nan konstriksyon yon sosyete san fòs kote.