Analiz Mouvman Demokratik Popilè sou pwojè kontra sosyal Gwoup 184 la prepare
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 15 desanm 2004
’’Tout klas sosyal ki vize pouvwa politik la toujou fè pase enterè klas pa l tankou enterè lòt klas sosyal ki dirèkteman kanpe anfas li yo ak enterè tout lòt moun’’.
DE MO POU N Kà’MANSE
MODEP ki se Mouvman Demokratik Popilè ap pibliye tèks sa a apati yon kritik pwofesè Anil Lwijis te fè sou kontra sosyal Gwoup 184 la, pwojè ki ta mande pou sitwayen ak sitwayèn nan peyi a ta tabli nan mitan yo «yon lòt kalite rapò». Pwojè kontra sosyal sa a tou ap mande «yon lòt kalite leta». MODEP kwè yon pwojè konsa, mas yo, patikilyèman fanm yo, etidyan, peyizan ak ouvriye dwe konnen byen ki sa l pote. Nan sans sa a, mas yo dwe klè tankou yon filozòf alman te di l ’’Tout klas sosyal ki vize pouvwa politik la toujou fè pase enterè klas pa l tankou enterè lòt klas sosyal ki dirèkteman kanpe anfas li yo ak enterè tout lòt moun’’. Se konsa boujwazi peyi Lafrans lè li te bezwen ranvèse pouvwa feyodal la nan peyi sa a anvan 1789 te fè moun nan tout kouch nan sosyete a mache dèyè l tankou peyizan, ouvriye, moun nan ti legliz, ki te gwoupe nan sa yo te rele Tyè-Zeta a. Deviz li te itilize pou fè rasanbleman sa a se: ’’libète, egalite, fratènite’’. Libète pou tout moun, tout moun egal ego, tout moun se frè. Men yon fwa li pran pouvwa a, travayè yo pral konstate libète li t ap pale a se libète pou enpoze volonte l sou yo, pou l ka rapousiv pwosesis eksplwatasyon an. Chyen manje chyen rete mòd fonksyonman sistèm nan olye se relasyon frè ak frè ki domine.
Pwojè gwoup 184 la avèk nouvo kontra sosyal la enskri l nan yon pèspektiv konsa kote kapitalis ki gwoupe yo nan pwojè a, se dore y ap vin dore kapitalis la nan lide pou kontinye sistèm peze souse sou lòt fòm. [1]
Fòk nou di tou, laboujwazi ka pa gen pwoblèm pou ’’amelyore’’ kondisyon lavi travayè yo si li gen enterè nan sa, men yo kenbe anba men yo byen fò mwayen pwodiksyon yo ki se eleman fondamantal ki alabaz lamizè, eksplwatasyon.
Apre revolisyon kibèn nan, boujwazi nan Amerik Latin nan ak enperyalis meriken te fè refòm agrè pou amelyore kondisyon travayè agrikòl nan sèten peyi. Kalte refòm sa a, se pou te pèmèt boujwazi a louvri mache pou pwodui endistriyè l li yo. Se yon kalte refòm ki te pèmèt enperyalis la vann nan kad sa a, yon seri pwodui tankou byen dekipman agrikòl, kote tou yo te bezwen eksperimante ’’varyete angrè ki gen gwo randman’’ tankou sa te fèt pou diri, mayi ak lòt pwodui agrikòl. Refòm agrè sa a, se pa yon refòm agrè ki gen karaktè revolisyonè tankou sa ki te fèt Kiba apre revolisyon kibèn nan.
Kesyon enterè gwoup 184 genyen nan kontra sosyal la parèt aklè nan revelasyon Jan Edwa Bekè, youn nan gwo manm gwoup sa fè nan yon emisyon ’’enterè piblik’’ nan radyo Kiskeya. Misye fè konnen boujwazi peyi enperyalis yo mande yo pou amelyore kondisyon lavi ouvriye ayisyen yo, si yo pa fè l, yo ka koupe relasyon ak yo. Kidonk, boujwa ki nan gwoup 184 la pè pou yon bagay konsa pa rive yo, piske sa kapab fè yo pèdi yon seri privilèj yo genyen kòm eleman nan boujwazi a. Men boujwazi peyi etranje yo gen enterè pa l tou nan kesyon an. Sèke si kondisyon lavi travayè ayisyen «amelyore», nan kad politik baryè lib tout gouvènman ki pase yo ap aplike a, Ayiti ap vin yon debouche pi enpòtan toujou pou yo.
Kidonk, lè boujwazi sa a ki pa janm koupe fache ak politik vann peyi a, ak eksplwatasyon sou do mas travayè yo, ak pratik kontrebann k ap kraze ti pwodiksyon peyizan yo, ap pale de yon nouvo kontra sosyal, li enpòtan pou nou konnen sa sa vle di. Ki sa sa vle di tabli yon lòt kalite rapò sosyal nan mitan sitwayen ak sitwayèn peyi Dayiti ?
Nou sipoze ’’volonte pou viv ansanm nan ’’ta gen dèyè l yon sousi pou moun sa yo vin granmoun tèt yo, jere pwòp tèt yo, ak patisipasyon yo nan pratik sosyal ayiyèn nan. Konsa nou panse volonte sa a pral kapab ateri nan yon demach pou mas yo reprann libète yo. Nan sans sa a, viv ansanm nan vle di pou mas popilè yo koupe fache avèk sistèm ekonomik, sosyal ak politik ki egziste nan peyi Dayiti jounen jodi a. Nou pa kwè se konsa Gwoup 184 la wè kesyon an.
Konsa yon jan pou byen sènen kesyon yo, n ap chita kritik yo tou dabò sou jan Gwoup 184 la konpran pwoblèm ki ta alabaz pwojè l la. Ansuit n ap gade ki sa kontra sosyal la ye, kesyon an ap mennen nan gade otomatikman fason Gwoup 184 la monte nouvo kontra sosyal la. Pou n fini n ap gade diferan gwo objektif kontra sosyal la di l ap rapouib. Apre prezantasyon kritik sa a sou kontra sosyal Gwoup 184 la, n ap fè yon kout je sou nesesite yon kontra sosyal popilè. Pakse MODEP rete kwè gen nesesite efektivman yon lòt kontra sosyal nan peyi a, men se pa nan jan laboujwazi a wè l la.
1. Analiz gwo pwoblèm peyi a
Gwoup 184 la kòmanse tèks la nan idantifye twa (3) pwoblèm : pwoblèm inite pèp ayisyen an, pwoblèm blokaj devlopman peyi a, ak pwoblèm peyi a k ap depafini nan nivo politik, sosyal ak ekonomik. Ant (2) premye pwoblèm yo ak twazyèm nan, gwoup 184 la tabli yon rapò koz ak konsekans ki ale nan yon sèl direksyon.
’’Nan tèks sa a, Gwoup 184 la envite pèp ayisyen an atravè òganizasyon ki reprezante divès sektè sosyete sivil la pou leve defi antrav istorik ki anpeche inite ant moun nan peyi a reyalize, bloke devlopman l epi ki kontinye ap depafini sosyete a nan nivo politik, sosyal ak ekonomik’’.
Antrav istorik yo pase pou koz evènman yo. Yo parèt tankou pyèj ki vin kanpe ankwa sou wout pèp la pandan tout listwa l. Se kòmkwa, yon fwa antrav yo disparèt, inite, blokaj, ak reyabilitasyon ap jwenn plas yo nan evolisyon nòmal peyi a. Antrav istorik yo parèt kòm yon seri bagay ki depaman ki anpeche sosyete a evolye, listwa parèt la a tankou yon seri evènman kote youn vin apre lòt pandan yon peryòd. Nan lide gwoup 184 la, listwa sanble yon bagay ki fèt pou kont li, san pèsonn pa responsab anyen.
Yon lòt kote, Gwoup 184 la pran pèp la ak nasyon pou menm bagay. Lojik sa a montre yon fwa ankò li enterese plis nan rezilta (konsekans) pase demach ki bay rezilta yo (konsekans yo). Fè listwa, pase tankou yon maji (kou l cho l kwit) ki maske karaktè pasaje relasyon sosyal lezòm yo menm mete sou pye. Ak lòt mo nou ka di, se yon lide anlè anlè gwoup 184 la bannou sou kesyon pèp la. Menm si lè l pale sou lide sa a, li vle endike "diferan òganizasyon ki nan sektè ki fòmèl yo’’, li pa fin klè nèt pliske nan fouye je gade li fè yo, li kapab pa kapte enterè ekonomik, politik, sosyal ak kiltirèl ki sèvi kòm baz pou yo chapante chak sektè sosyal.
Gwoup 184 la poko parèt tèt li kòm yon leta, men li pataje lide jeneral ak inivèsèl leta a ki pèmèt li sèvi enterè patikilye yo avèk efikasite. Nan sans sa a, ki sa ki nouvo nan fason gwoup 184 la wè listwa ?
2. Ki sa Kontra Sosyal la ye ?
Karaktè jeneral ak inivèsèl fè kenken nan dizon gwoup 184 la, men karaktè inivèsèl sa a pa gen anyen pou l wè ak liberasyon moun an Ayiti, pliske yo plase aktè yo andeyò istwa peyi a :
Nan paj 2 dokiman an, Gwoup 184 la di : ’’Yon kontra se yon zak volontè kote moun ki siyen l yo dakò pou reyalize ansanm kèk aksyon oubyen pou pousuiv kèk objektif’’. Siyatè yo pa gen anyen pou wè ak moun k ap viv nan reyalite ayisyèn nan. Eske yo pap viv nan kondisyon ki depaman? Ä–ske yo lib nan relasyon an pou yo pretann siyen yon kontra sosyal? Kòm angajman kolektif, Kontra Sosyal gwoup 184 la vize definisyon kolektiv "prensip ki pou gide" manm yon menm kominote pou reyalize kèk objektif kolektif. Menmsi nouvo kontra sosyal sa a pa yon pwogram politik, li vle abouti nan fòmasyon yon kominote k ap gen yon lòt kalte leta ki pral sèvi Nasyon an ak tout ayisyen yo. Li se yon angajman sitwayen pou sosyete sivil la.
Toudabò, nou vle fè sonje pati politik yo se eleman andedan sosyete sivil la; manm li yo se sitwayen tou, paske yo defini yo daprè relasyon fòmèl yo genyen avèk leta. Men, nan reyalite a, yo kapab lòt moun, yo kapab gen figi diferan nan reyalite a. Antouka, enterè diferan yo kreye relasyon politik miwo - miba ant sitwayen yo epi leta se reprezantan ideyal relasyon miwo-miba sa a. Kontra Sosyal gwoup 184 la pa poze kesyon sou pouvwa kouch k ap domine andedan sosyete a ; li vle sèlman reyòganize dominasyon an, oubyen li vle kontinye dominasyon an sou lòt fòm (gade analiz sou objektif nouvo kontra sosyal la).
Nan kondisyon sa yo, ki kote yo ka kase kòd lonbrit ki mare yo ak sistèm politik otoritè a ?
3.- Fason Gwoup 184 la fabrike nouvo kontra sosyal la
Gwoup 184 la di li chwazi yon demach ’’patisipatif’’ pou travay nouvo Kontra Sosyal li a : toudabò li pwopoze bay nasyon ayisyèn nan, epi li chèche ansanm eleman solisyon yo; se yon ’’ekzèsis sitwayen’’ sou ’’gran dosye yo’’. Anplis li di lòt òganizasyon yo, ladan yo sa ki nan dyaspora yo, yo envite yo pwopoze tout lòt pwen pou yo menm, yo kapab ajoute nan nèf sa yo prezante yo. Lè nou gade pre, Gwoup 184 la parèt chwazi diskisyon ak dyalòg kòm prensip pedagojik - politik, men pratik gran rasanbleman an sanble plis ak yon kanpay pwopagann pase yon rankont pou fasilite patisipasyon yon gwoup moun nan yon pwojè ? Li t ap difisil pou « ekspè yo » nan Gwoup 184 la obsève alevini nan foul la, pliske nan kalite fòwòm sa yo, se oratè yo sèlman ki rete mèt lapawòl.
Yon lòt kote, lè nou li byen sa ki di nan paj 2 ak 3, Gwoup 184 la sanble trayi entansyon li te genyen pou dyalòg la nan ’’defini modalite pou reyalize kontra sosyal la’’, paske yon fwa li rive nan ’’gwo pwoblèm ak gran objektif li fin idantifye’’ - travay ki deja fèt nan pwojè a limenm, Gwoup la pa pran chans pou detèmine metòd l ap adopte pou analize pwoblèm yo, idantifye koz yo, jwenn solisyon yo ansanm. Se pa konnen li pa konnen mekanis ti gwoup. Senpman, nan nivo sa a, espesyalis yo ak ekspè gwoup la pa kapab pa demaske tèt yo. Alòske yo pretann ’’nouvo kontra sosyal la’’ se yon pwodui òganizasyon ak enstitisyon, yo kontante yo fè sòti nesesite ki genyen pou detèmine metòd pou yo pousuiv operasyon yo. Poukisa yo pa fòme ti gwoup refleksyon ki sòti nan divès sektè nan sikonstans sa a?
Li klè : analize pwoblèm yo, idantifye koz yo ak chèche solisyon yo, mande yon konpetans wo nivo selon ideyoloji dominant nan. Anplis, yon fwa gen nesesite ekspè, nou pa kapab pa tonbe nan biwokrasi. Kidonk sèl metòd rechèch - aksyon, ki se yon seri seminè ak reyinyon kote edikatè popilè ak gwoup baz yo, idantifye pwoblèm yo apati pratik gwoup sa yo, apwofondi etid sou yo nan objektif pou jwenn ansanm solisyon pou yo, chwazi ansanm aksyon ki pou fèt nan sans sa a ak operasyon ki dwe fèt nan lavni, kapab sèvi nan yon demach konsa. Pliske, aktivite popilè a, se yon aktivite patisipativ depi nan kòmansman jouk nan bout.
4.- Objektif nouvo Kontra Sosyal la
Jouk jounen jodi a, gen nèf objektif, men nou kapab regwoupe yo nan kat (4) ribrik : politik, kiltirèl, sosyal ak ekonomik.
A. Objektif politik
Nan paj 4, Pwojè a anonse nouvo relasyon ekonomik, sosyal, politik ak kiltirèl nan sans pou’’remanyen nan rasin li, relasyon ki genyen ant leta, sosyete ak sitwayen yo’’, men chanjman yo anonse yo, rete " nan aplikasyon yon jistis kòrèk pou tout moun’’. Kidonk, kesyon jistis sosyal la pa figire nan ajennda Gwoup 184 la. Men, depi fòmasyon pèp la, l ap sibi yon seri enjistis ekonomik, sosyal, politik ak kiltirèl ki nan avantaj klas dominant yo. Nan sans sa a, diskou yo kenbe ki di ’’depi endepandans peyi a, leta tradisyonèl la pa janm sèvi pèp ayisyen an’’, se yon diskou anlè ki pa gen anyen pou l wè ak reyalite sosyopolitik ayisyèn nan. Konstwi yon lòt leta, se koupe fache avèk yon pratik politik otoritè ak patipri ki genyen (kontradiksyon) nan tout relasyon sosyal ayisyèn yo. Sa pa vle di anyen, ’’defini yon pwojè tèt ansanm pou devlopman peyi a’’ si leta nouvo a pral remete kanpe yon sosyete kote gen patipri sou plan kiltirèl, esplwatasyon ekonomik ak dominasyon politik nan kad yon kwasans ekonomik y ap tann.
Daprè sa ki di nan paj 5 dokiman an, Gwoup 184 la vle pou ’’Fè politik, tounen yon aktivite nòmal’’ nan mete sou pye ’’yon sistèm pati politik chapante ki valorize, ki devlope kapasite jesyon efikas reyèl’’. Pwojè sa a, se yon pwojè demokratizasyon sistèm politik la, men modènizasyon sistèm sa a p ap transfòme nannan relasyon yo ki otoritè epi ki fè kesyon esplwatasyon travayè yo pase tankou yon bagay ki nòmal ak natirèl. Nan sousi gwoup 184 la genyen pou maske karaktè dominan sa a, ki genyen nan sistèm sosyal ayisyen an, li pa kache entansyon l pou pase sèlman yon kouch penti sou sistèm nan, san li pa dechouke rasin li.
Pretann wòl leta se pou ’’defann enterè siperyè nasyon an ak enterè divès kategori sosyal yo’’, se pase bonsans mas popilè yo nan betiz. Kèk òganizasyon popilè ki granmoun tèt yo, fè deja esperyans privilèj yo bay klas dominant yo; kèk sektè majoritè nan popilasyon an konnen byen sosyete sivil la pa fè yon sèl, jan gwoup 184 la prezante l la, klas sosyal yo pa sèlman depaman, men yo pa antann yo nan batay y ap mennen pou repwodui tèt yo. Tout listwa peyi a, se listwa yon batay ant peyizan ak grandon, ant ouvriye ak boujwa konpradò. Avèk entegrasyon seksis nan modèl esplwatasyon ak degradasyon anviwonman an, lit la layite l kay moun k ap goumen pou egalite ant fanm ak gason, ak moun k ap goumen pou pwoteje lanati. Lòt rapò pral tabli nan respekte ekilib ant lanati ak moun, ki se yon kalite nou jwenn anndan kilti popilè ayisyèn nan. Sa vle di nan elimine esplwatasyon k ap fèt sou gason, fanm ak lanati.
B. Objektif nan nivo kiltirèl
Nan paj 2 ak 4 , Gwoup 184 la abòde kesyon kiltirèl la nan sans pou ’’ konbat prejije , demokratize savwa, konbat iyorans’’. Gwoup la ap pwofite kontra sosyal la nan ’’jire yo pral konbat tout fòm prejije, patipri, ak fòm eksklizyon, san yo pa neglije tou sa ki gen pou wè ak orijin sosyal ou rejyonal, laj, aparans, kwayans relijyez ak pratik kiltirèl ’’. Men, kisa ki bay prejije, patipri ak esklizyon sa yo jarèt ? Nan enterè ki moun yo egziste? Poukisa peyizan yo analfabèt depi desanzan ? Gwoup la pa bay repons.
Poutan li vle demokratize savwa, menmsi li pa antann fini nètalkole ak zafè ti moun ki pa ka ale lekòl yo, moun ki analfabèt, diferans sosyal :’’genyen twòp ti moun ki nan laj pou ale lekòl ki pa ka ale. Gen twòp analfabèt toujou nan peyi a. Gen twòp diferans nan kalite edikasyon lekòl yo ap bay ti moun yo nan menm peyi a’’. Se vre, moun pa dwe tolere reyalite kiltirèl sa yo, men pou ’’rive fè yo disparèt’’, gwoup 184 la pa atake rasin prejije, patipri kiltirèl ak esklizyon yo pliske se mache a li prevwa pou rezoud yo. Pou defini lòt baliz yo, gwoup 184 la anfouraye nan respè moun dwe genyen pou pwopyete prive ki se valè moral moun dwe prezève, selon Gwoup la. Valè siprèm gwoup 184 la (kesyon pwopyete prive a) parèt jouk nan dènye liy kontra sosyal la. Poukisa sèvo ki prepare travay sa a, adopte lojik diskou sa a ?
Gwoup 184 la separe patipri kiltirèl yo ak tout lòt reyalite ki nan fòmasyon sosyal ayisyèn nan. Mòd pwodiksyon ak echanj depandan nou genyen an, pa gen okenn wòl nan sitirasyon sa a lè nou konsidere demonstrasyon Gwoup 184 la. Yo trete kesyon kiltirèl yo apa, tankou nan tradisyon fonksyonalis la kote gwoup 184 rale koze egalite chans pou tout moun nan, pou rezoud pwoblèm patipri ak esklizyon.
.
CH. Objektif nan nivo sosyal
Nan paj 6 ak 7, nou li :’’Lite kont lamizè’’ epi ’’ranfòse dwa travayè yo’’, se 2 prensipal pwen sou kesyon sosyal yo, nan nouvo kontra sosyal la.
Men, yon diferans enpòtan nou ka souliyen nan dekri 2 objektif sa yo : gwoup 184 la pa pale anpil sou sitirasyon travayè yo. Povrete, mizè, grangou ak maladi, se fenomèn pou konbat, men li pa kesyon pou abòde pwoblèm sa yo nan rasin yo menmsi yo rekonèt "distans la twò gran ant moun ki pi rich ak moun ki pi pòv yo", menm jan diferans ant vil ak kanpay yo twò gran tou. Isit la tou, teyori nòmalite a sèvi gwoup 184 la pou jistifye pratik sosyal ki chita sou esplwatasyon ki kreye kontradiksyon sa yo.
Yon lòt kote, Gwoup 184 ap chèche libète nan relasyon travay yo. Egalite devan kontra yo vin apiye teyori liberal la : ’’nouvo kontra sosyal la ap garanti libète sendikal ak respè dwa travayè yo (Â….). Men, garanti sa a chita sou yon bagay ki egziste nan tèt moun, sou kesyon ’’salè kòrèk la’’. Pa gen jistis nan rapò salaryal yo, paske patwon yo evalye fòs kouray travayè yo daprè kantite byen ak sèvis ki nesesè pou travayè yo repwodui tèt yo, se pa daprè kantite byen ak sèvis travayè yo pwodui reyèlman. Patwon yo akapare pwodiksyon anplis la oubyen valè anplis la, pou repwodui pwòp tèt pa yo (repwodiksyon kapital).
Kapital la, gwoup 184 la sanble ta vle repwodui l nan lojik ekilib liberal la. ’’Yon sistèm sekirite sosyal’’, se yon dwa ki pa egziste ann Ayiti. Pale sou sa nan kad yon nouvo kontra sosyal anndan kontèks neyoliberal la, sa parèt yon pwogrè nan peyi Dayiti.
5.4.- Kesyon Ekonomik
Gwoup 184 la antann ’’sove anviwonman an epi ’’devlope peyi a’’. Fòk nou ’’adopte, ansanm, konpòtman ki kapab frennen destriksyon nètale, espas kote n ap viv la epi rekonstwi l’’. Konsa, n ap jwenn ’’yon kad ekonomik k ap pouse moun envesti, k ap pèmèt ogmante pwodiksyon nasyonal la ak kreye travay’’ nan objektif pou ’’angaje peyi a nan yon demach devlopman pou anpil tan ’’.
Malgre yo site peyizan nan ’’2 pwen yo’’, kesyon tè a pa parèt. ’’Devlopman an’’ dwe yon ’’devlopman ki dire anpil tan’’, tankou ’’respè pwopyete prive a’’ rete yon valè siprèm, sa vle di pwofi a rete objektif majè a, menmsi gwoup la souliyen : ’’filanmezi, kantite moun ki kapab jwenn sèvis bazik yo : sekirite, sante, ijyèn, dlo pou bwè, elektrisiteÂ… Devlopman ki dire anpil tan osnon devlopman tou kou ak amelyorasyon kalite lavi a, se 2 objektif sosyal ki pa nan ajennda kapitalis yo, pliske kapital la ap devore alafwa lanati ak moun.
VI. - Pou yon viv ansanm revolisyonè
Dyanostik Gwoup 184 la, fèt sou 2 tan. Li dekri sitirasyon koulye a epi li anvizaje lavni. Kidonk li pa abòde reyalite ayisyèn yo nan twa dimansyon l. Men, lè l ap pale sou sa ki pase, li fè l nan yon fason enpèsonèl.
Gwoup 184 la fè analiz li yo nan yon lojik idantite ki « mete sou kote » demach istorik yo: moman kote enterè sosyal yo ap fè chòk youn ak lòt (kontre youn ak lòt), yo disparèt nan tantativ yo fè pou konprann reyalite sosyal yo. Paregzanp, yo pa gade nan nivo ekonomik ak politik karaktè klas, patipri kiltirèl yo ak degradasyon anviwonman an genyen atravè listwa.
Kontra Sosyal Gwoup 184 la sanble ak yon demach oligachi ayisyèn nan (ti gwoup moun rich andedan peyi a) fè pou kontwòle pi byen pouvwa politik la. Objektif viv ansanm nan se yon senp pretèks pou atenn objektif sa a.
Pwojè revolisyonè a dwe chita sou pwen sa yo :
1. Jistis agrè ak jistis fiskal. Paske li pa posib pou gen yon kontra sosyal serye an Ayiti, san nou pa rezoud kesyon tè a. Epi tou, depi dikdantan, se klas popilè yo ki plis kotize nan bidjè leta. Fòk sitwayen klas popilè yo peye leta selon kantite lajan yo genyen.
2. Sèvis sosyal ak pwoteksyon anviwonman. Nan peyi a, lavi a sibi gwo soukous. Vil yo tounen didonvil paske enjistis ki genyen nan milye riral yo, blije peyizan kite lakay yo, peyizan yo ap viv san lekòl, san dispansè, san lojman, san lwazi, san transpò. Yo oblije eksplwate anviwonman an jan yo konprann dekwa pou yo kapab kenbe souf lavi yo. Nan bidonvil yo, kondisyon lavi moun yo pa pi miyò. Sévi klas popilè yo epi pwoteje anviwonman peyi a, dwe yon lòt pwen fondamantal nan kontra sosyal revolisyonè a.
3. Demokrasi kiltirèl ak patisipasyon politik. Tout moun fèt pou jwenn kondisyon pou devlope kò yo ak lespri yo selon kilti popilè a. Tout ti moun yo dwe ale lekòl, granmoun yo dwe ale nan sant alfa. Pa dwe gen diferans nan lekòl yo. Se kondisyon pou sitwayen yo kapab patisipe nan lavi politik peyi a.
4. Liberasyon fanm ak travayè. Depi lontan fanm yo ap sibi anba gason yo ki chita sou grenn siperyè yo. Pouvwa dominasyon sa a sèvi pezesouse yo, ki eksplwate fanm yo nan faktori yo pou fè plis tiyon toujou. Konsa li pa posib pou nou pale sou kondidyon travayè nan faktori yo san nou pa gade kondisyon travay fanm yo.
5. Inivèsite a dwe granmoun tèt li. Yon lòt kontra sosyal vle di koupe fache avèk depandans lan. Se pou Inivèsite a kapab fòme sitwayen ki mèt tèt yo. Konsa yo va mete kanpe politik ki pou rebati nasyon an sou fondasyon libète ak kilti popilè.
[1] Nòt redaksyon : Gade detay sou pwojè kontra sosyal la nan sit entènèt http://www.group184.org/kontra.html.