Español English French Kwéyol

KONAP : " Nou pap chita gade yo mennen peyi nou an aladeriv "

Deklarasyon Kodinasyon Nasyonal k ap Plede kòz Fanm (KONAP)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 15 desanm 2004

Apre plis pase 9 mwa chèf rejim òlalwa a fin ale, Kòdinasyon Nasyonal k ap Plede Kòz Fanm, KONAP, ap fè tout popilasyon yo konnen li pat achte yon kat pelouz pou l rete gade jwèt la k ap gate san li pa fè anyen. Jodi a KONAP vin devan Lanasyon, yon fwa ankò, pou fè konnen kijan li derefize kosyone jan enstans ki anchaje mennen bak peyi a pandan peryòd tranzisyon ap fonksyone. Apre rejim òlalwa lavalas la te fin pase souvrènte peyi anba pye, apre rejim sila a te vle fin mete sou kote tout aktè ak aktris sosyal yo, apre tout popilasyon yo te fin mobilize pou fè tande vwa yo, jounen jodi a nou pa ka rete de bra kwaze ap gade kijan peyi a prale aladeriv. Menm si nan dènye jou mobilizasyon kont rejim òlalwa lavalas la yo te vin lage gwoup ak zam nan pye nou, menm si militè entènasyonal te vin anvayi peyi a 29 fevriye 2004, nou konnen se sitwayen ak sitwayèn ki te mobilize pou voye chef òlalwa a ale.

Jodi a KONAP vin devan Lanasyon pou fikse pozisyon l sou fason peyi a ap dirije. Nou detèmine pou jwe wòl aktris, sitwayènte nou a ban nou, nou detèmine pou nou fè divès enstans ki anchaje mennen bak peyi a pandan peryòd tranzisyon an tande vwa popilasyon yo. Nou mande divès fòs viv nan peyi a pou fè tande vwa yo tou. Se sitwayen ak sitwayèn ki dwe detèmine kijan pou dirijan yo mennen bak peyi a, popilasyon yo pa senp espektatè ak espektatris!

KONAP derefize kosyone ajisman divès enstans ki enchaje mennen bak payi a pandan peryòd tranzisyon an. Nou derefize kosyone ajisman yo, kit se Konsèy Saj la, Gouvènman an, Prezidans lan oswa Konsèy Elektoral la, yo tout antann yo pou meprize revandikasyon popilasyon yo. Yo pa wè, yo pa tande. Anpil nan yo pale pou pa di anyen. Premye Minis pale pou joure popilasyon yo. Divès nan yo montre detèmisasyon yo pou kontinye mete sitwayen ak sitwayèn sou kote.

Dènye deklarasyon Premye Minis Latortue a montre n aklè kouman li deside gouvène peyi a san konsiderasyon pou 8 milyon abitan ak abitant ki fòme Nasyon ayisyèn nan. Dènye deklarasyon li an montre aklè ki valè mepri M Latortue genyen pou travay li sipoze fè pandan peryòd tranzisyon an. Yon tranzisyon ki ta sipòze divòse kare bare ak tout vye pratik politik otoritè, gwo ponyèt. Non sèlman gouvèman alexandre / Latortue a montre li vle enstale l nan gwo ponyèt, men tou yo poko montre volonte ak detèminasyon pou bay repons ak revandikasyon popilasyon yo.

- Apre 9 mwa gouvènman Alexandre / Latortue a fin monte, tout moun ka konstate kijan gouvèman an pa travay tankou yon ekip. Chak manm nan gouvèman sanble a jwe jwèt pa yo, sou bò pa yo. Pi mal, sanble youn ap monte sou jwèt lòt. Yon minis fin pran yon desizyon, yon lòt vin defè sa k te deside a. Pi mal toujou, malgre pinga KONAP, otorite Leta yo kontinye ap kache dèyè yo pakèt Komisyon pou pa pran reskonsablite yo.

- Plis pase 9 mwa apre gouvènman òlalwa lavalas la fin ale, ensekirite blayi pi mal nan peyi a. Chak jou chimè lavalas, swadizan ansyen miltè ak lòt gwoup ak zam ap simaye dèy, fè kadejak sou fanm, volè, boule mache ak kay, kraze brize. Yo enstale pwòp lalwa pa yo nan divès kote nan peyi a nan mepri otorite Leta a, pandan gouvèman Latortue a derefize pran pozisyon klè, derefize pran dispozisyon pou pèmèt Lapolis Nasyonal bay popilasyon yo sekirite.

- Plis pase 9 mwa apre popilasyon ayisyèn yo te manifeste volonte yo pou yo sispann viv nan rèy enpinite a, sistèm jidisyè a toujou pa ka mache kòmsadwa. Ankèt toujou ap rapouswib, dosye ap disparèt, tribinal yo pa mache.

- Apre gouvènman an fin fè yon CCI ak zakolit etranje l yo san li pa konsilte popilasyon yo, 6 mwa apre nou konstate tout gwo pwojè yo poko janm ka kòmanse. Popilasyon yo toujou nan mal site, ekonomi peyi a toujou poko ka demare.

Depi nan premye jou tranzisyon an KONAP ap konstate kijan tout aktè politik yo alèz nan mete gwoup moun sou kote. Menm jan ak anpil lòt gwoup nan soyete a, KONAP te angaje l nan mobilizasyon pou voye gouvènman òlalwa lavalas, ale paske rejim sa a te deside pase anba pye tout dwa nou kòm sitwayen ak sitwayèn. Nou te panse gwo danje sa a t ap sekwe konsyans sitwayen ak sitwayèn yo pou tabli sou lòt pratik politik. Men se pa sa ki pase. Chèf òlalwa a annik ale, tout tizè pouvwa rekòmanse tire fisèl pouvwa sou bò pa yo epi meprize popilasyon yo.

Granm bonè, popilasyon yo ap rete bouch be devan manèv tizè pouvwa tradisyonèl yo ki pase anba pye lespri Deklarasyon 30 sektanm nan, ki, malgre limit li, te sipoze bay prensip gouvènay peyi a pou peryòd tranzisyon an,. Tizè pouvwa yo pral siyen ant yo, yon deklarasyon 4 avril san yo pa konsilte divès fòs ki te mobilize pou fini ak rejim òlalwa lavalas la. KONAP deklare akò 4 avril la se premye panzou tizè pouvwa yo bay popilasyon yo.

Sa ki pi rèd la, menm Konsèy Saj la ki te sipoze la pou veye sou enterè divès sektè nan popilasyon an kosyone panzou sa a. Non sèlman Konsèy Saj la pat veyatif sou nesesite pou te gen yon veritrab patisipasyon tout fòs sosyal yo, men tou li kosyone nan siyen akò 4 avril la, wòl li tankou de depite japwouv. Yo transfòme tèt yo kòm yon enstans gouvènans ki pa gen okenn pouvwa pou oryante kijan gouvèman an ak prezidans lan ap mennen bak peyi a. Konsa, apre yo fin rete bèbè pandan lontan, Konsèy Saj la vin fonksyone tankou kenpòt ki òganizasyon Sosyete Sivil. Se nòt pou laprès y ap plede voye san gouvènman an pa jan pran dizon yo an konsiderasyon.

Nou menm nan KONAP n ap di nou refize kosyone jan konsèy Saj la ap fonksyone. Si nou te apiye Konsèy Saj la, se paske nou rete detèmine pou gen yon entans anndan espas gouvènans lan pou pote revandikasyon popilasyon yo pi lwen. Yon enstans pou oryante jan gouvènman tranzisyon an ap mennen bak peyi a. Konsèy Deta pa ekziste, enstans ki sipoze mete l kanpe a pa deside fè travay li. Konsèy Saj la Faya!

N ap fè sonje, Deklarasyon 31 sektanm lan, te mande tou pou Konsèy Saj la te transfòme tèt li nan yon Konsèy Deta ak patisipasyon divès lòt sektè nan sosyete a. Nou menm nan KONAP nou rete kwè yon sosyete demokratik dwe prevwa espas pou divès gwoup kapab bay dizon yo nan tout sa ki konsène peyi a. Konsa KONAP te angaje l , ak divès lòt òganizasyon fanm, nan yon demach pou nonmen yon reprezantant pou Sektè Fanm nan. Demach ki te abouti nan nominasyon Madam Elvire Eugène. Nou te sezi konstate kijan Konsèy Saj la meprize travay òganizasyon fanm yo. Ata yon akize resepsyon Mesyedam Konsèy Saj yo pa voye ba nou apre nou fin enfòme yo sou rezilta demach nominasyon reprezantant Sektè Fanm nan. Sa tou montre, yon fwa ankò ki valè mepri dirijan yo genyen pou sektè òganize yo. Sa montre tou kijan Konsèy Saj la derefize transfòme tèt li nan yon Konsèy Deta.

Non menm nan KONAP lè nou konsidere kijan Konsèy Saj la pap jwe wòl li te sipoze jwe a, kijan li pa gen okenn preyokipasyon pou transfòme tèt li nan yon enstans k ap pèmèt patisipasyon divès gwoup anndan sosyete a nou di Konsèy Saj la pa gen okenn lejitimite ankò. Nou derefize kosyone Konsèy Saj la ki tounen yon veritab maskarad. Konsa KONAP, apre konsiltasyon divès òganizasyon ki te patisipe nan demach pou nonmen reprezantant Sektè Fanm nan deside retire nominasyon sila a. Sektè Fanm nan retire nominasyon reprezantant li an pou Konsèy Deta a.

KONAP pran desizyon sa a apre anpil refleksyon. Se nan respè nou genyen pou wòl aktris sosyal nou ye a nou pran desizyon sa a. Nou asime responsablite n kòm sitwayèn konsekan!

Bon jan eleksyon demokratik ak patisipasyon tout sitwayen ak sitwayèn se youn nan gwo travay ki dwe fèt pandan peryòd tranzisyon an. Konsèy Elektoral la se enstans ki anchaje mennen peyi a nan bonjan eleksyon. La ankò enstans sa a montre kijan li gen anpil fikilte pou reyisi livre machandiz lan. Nou te konstate kijan Konsèy elektoral la te mete sou kote yon valè òganizasyon lè li t ap fè atelye ak sosyete sivil la nan mwa oktob la. Jounen jodi a pandan li di li mete yon pwojè lwa pou apwobasyon, Konsèy Elektotal la tou bay tèt li dwa pou li pa konsidere kòmantè li ta jije ki pa pote anyen. Sa tou montre nou kijan manm Konsèy Elektoral la, yo menm tou, pa deside travay pou gen yon veritab patisipasyon sitwayen ak sitwayèn yo nan zafè eleksyon an. Nou konstate yo pito mete tout enèji yo nan chire pit nan mitan yo. Sanble manm Konsèy elektoral yo pa gen okenn volonte, okenn moralite pou mennen peyi a sou ray bonjan eleksyon. KONAP di pinga, peyi pa bezwen eleksyon malatchong ankò.

Nou menm nan KONAP nou pap kite gouvènman Alexandre/Latotrtue transfòme nou an espektatris! Nou detèmine pou nou kontinye asime wòl sitwayèn nou ak tout detèminasyon nou. N ap kontinye fè tande vwa nou pou nou pote revandikasyon fanm yo pi devan. Konsa nou siyen ayè yon pwotokol dakò ak Minis Kondisyon Fanm sou pwoblèm vyolans k ap fèt sou fanm. KONAP ap patisipe nan Konsètasyon Leta / Sosyete Sivil / Ajans Entènasyonal yo sou menm koze vyolans lan. Nou detèmine pou nou mennen yon kanpay kont piblisite k ap sèvi ak kò fanm kòm machandiz. Se fason pa nou pou nou fè tande vwa nou kòm sitwayèn.

Nan menm lespri sa a, nou kwè li enpòtan pou Konferans Nasyonal ki pou detèmine sou ki ray peyi a dwe mache rive fèt nan bon kondisyon. N ap mande yon fwa ankò pou otorite Leta yo, prese prese, mete anplas mekanis pou Konferans sa a rive fèt ak bonjan patispasyon diferan gwoup nan popilasyon an.

KONAP pa t pran yon kat pelouz, nou pap chita gade yo mennen peyi nou an aladeriv. Nou menm nan KONAP nou te detèmine pou kontinye jwe wòl nou kòm sitwayèn konsekan!

Pòtoprens, 15 desanm 2004

Pou Konite Kòdinasyon KONAP
(ENFOFANM, Fanm Deside Jakmèl, Fanm Yo la, Kay Fanm, SOFA)

Olga Benoit, SOFA

Myriam Merlet, ENFOFANM