Español English French Kwéyol

Ki wout ekip teknokrat yo ap pran ak tranzisyon politik la nan peyi dayiti?

Kominike Regwoupman Demokratik Popilè [1]

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 14 desanm 2004

Aprè plis pase 9 mwa gouvènman Alexandre-Boniface la gen sou pouvwa a, pèsonn poko wè klè nan fason y ap mennen tranzisyon politik la. Teknoktrat yo pa fè anyen pou amelyore kondisyon sosyal ak ekonomik moun ki pi pòv yo nan popilasyon an, nan vil kou nan mòn. Nan sa ki konsène anviwonman, malgre divès katastwòf ki pase sou peyi a, ki touye anpil moun nan Mapou, nan Fonvèrèt, nan Gonayiv, nan Nòdwès, teknokrat yo poko janm pran yon ti bout leson pou pwoteksyon anviwonman peyi a. Nou menm nan RDP, nou konstate:

Nan nivo politik, Gouvènman an montre enkapasite l nan dezame chimè lavalas ak lòt gwoup ame k ap fè move zak anndan peyi a, gouvènman menm rive pèdi kontwòl divès komin nan peyi a an patikilye kapital la, Pòtoprens, men, sa sanble pa bay minis enteryè ak minis lajistis la twòp pwoblèm. Diferan gwo chabrak lavalas toujou rete nan pòs yo san pwoblèm patikilyèman nan meri yo, malgre yo pote premye pri a nan koripsyon. Nan sa ki konsène diplomasi, gouvènman pwovizwa pa fè pyès chanjman, dayè moun pa menm konnen si minis afè etranjè egziste.

Gouvènman pwovizwa a jere dosye ansyen militè yo ak anpil demagoji, li senpman ap kreye komisyon sou komisyon pou demantibile aparèy leta yo epi deresponsabilze anplwaye yo, lajan pèp la ap peye.Nou wè klèman enpinite a toujou ap taye banda menm jan sa te ye sou pouvwa Lavalas la. Aprè pwosè maskarad Chanblen an, divès dosye tankou: lanmò Jan Dominik, pè Tijan, Briyòl Lendò toujou fèmen nan tiwa.

Nan nivo sosyal, diferan vil nan peyi a toujou nan blakawout, malgre divès pwomès premye minis lan fè chak jou nan laprès. Nan diferan katye popilè kote chimè lavalas yo kontwole, yon bokit dlo ap vann 7 goud, zòn tankou; Lasalin, Bèlè, Sanfil, ri Senmaten, moun yo preske pa jwenn dlo pou yo sèvi. Fatra toujou ap taye banda nan kapital la, se kòmsi enstans tankou : travo piblik, SNCRS, meri nan Dèlma, nan Pòtoprens pa egziste.

Aprè bakaloreya gagòt la, plizyè milye elèv pa ka rive gen aksè nan lekòl Leta yo. Anpil lise nan zòn kapital la pa fonksyone, akòz chimè lavalas yo k ap teworize popilasyon zòn sa yo ak operasyon bagdad la. Lise petyon, lise Danyèl Fiyole ak divès lòt lekòl prive tankou piblikj ki nan zòn chimè yo monte tant yo pa kapab fonksyone, malgre tout elèv nan peyi a dwe sibi menm eprèv nan egzamen leta yo.

Nan nivo ekonomik, la vi chè toujou ap vale teren, se toujou menm politik neyoliberal lavalas la k ap aplike. Teknokrat yo siyen kontre ak konpayi etranje (T&S Rice S.A) pou fè diri pèpè rantre nan peyi a, yon mannyè pou fini nèt ak diri Latibonit lan.

Pri gaz ak pri transpò ap monte pi rèd. Gouvènman an bay kòmèsan yo kat blanch pou yo monte pri yo jan yo pito. Menm jan sou zafè pri transpò piblik li pa pran ankenn responsabilite. Kisa ki anpeche pouvwa a fikse pri gaz ak lòt pwodwi premye nesesite yo? Manman ak papa pitit toujou gen tèt chaje pou peye lekòl pou ti moun yo. Pandan tan sa a, gouvènman ba boujwa avantaj pou 3 lane pou pa paye taks sou machandiz k ap antre anndan peyi a. Anpil konpatriyòt pa sispann pran lanmè sou po vant yo oubyen pase anba fil pou chache lavi nan lòt peyi nan move kondisyon, akoz move lavi k ap maltrete yo.

Aprè konferans òganizasyon ki konn prete Ayiti lajan yo nan Wachinton, nan mwa jiyè pase a, premye minis Latortue te anonse gouvènman l lan ta pral mete peyi a an chantye nan kreye dyòb, anyen pa fèt, ki kote dyòb sa yo pase? Sa montre aklè plan lanmò CCI a se blòf ak konplo pou kreye atantis piplis kay popilasyon an, epi mete peyi a anba bòt lokipasyon.

Nou menm òganizasyon ak enstitisyon manm RDP (Regwoupman Demokratik Popilè) nou mande gouvènman tranzisyon korije kaye l aprè plis pase 9 mwa yo genyen depi y ap jwi fri batay manch long, divès sektè òganize nan peyi a te mennen sou beton an pou kwape diktatè Aristide la sou pouvwa a.

RDP kwè, Sektè òganize nan soyete sivil la, gen responsabilite pou n kontinye òganize nou nan sendika, òganizasyon katye popilè, peyizan, chomè, elèv, etidyan ak pwofesyonèl, pou n fè presyon pou teknokrat yo rive satisfè bezwen imedya mas yo. Pandan nou dwe mete san Chalmay Peral ak Benwa Batravil nan venn nou pou n batay kont diktati ak lokipasyon.

Aba lavi chè ak ensekirite nan kontèks okipasyon an ! Aba moun k ap fè konplo sou do mas yo

Viv òganizasyon nan kan pèp la !

Viv yon lit pèp Granmoun, nan yon peyi Granmoun

Pou RDP

Antonal MORTIME, Kòdonatè

Carole P.P. JACOB, Pòt Pawòl


[1Nan regwoupman sa a, gen : KONAP, UNNOH, ACO, Antèn Ouvriye, Kay Fanm, Tèt Kole, SOFA, CHANDEL, KANPAN, Regwoupman Oganizasyon Popilè Granmoun yo, Enfo Fanm, MUPAC, Fwon Rezistans pou Refòm Inivèsite Leta a, BRESTEK, RAJES, CORENIP, GRAEP, RERKA, RAPL, KPN, KODENA, FOPOD, PAPDA, COREGA, FGPB, NASYON GINEN, KFPN, GERDDH, SAKS, MDPKS, Atak-Ayiti, CRAD