Pòtoprens, 7 desanm [AlterPresse]--- 9 mwa apre diktati lavalas la tonbe an Ayiti, popilasyon an pa santi l an konfyans ak gouvènman tranzisyon an k ap trennen anpil nan plizyè dosye. Se konsa nenpòt ki moun kapab konsidere reyalite sitwayèn ak sitwayen yo ap viv nan finisman ane 2004 la.
Ekip tranzisyon an pa montre li gen kontak ak popilasyon an sou divès pwen : kesyon sekirite, lavi chè, pri transpò piblik, pwoblèm anviwonman, zafè sante, kesyon edikasyon. Nan dènye semenn sa yo, gouvènman an pa kominike ditou ak popilasyon an ki pa konnen ki sa l ap fè, ki plan li genyen pou peyi a ki parèt tankou yon bato san gouvènay.
Peyi d Ayiti parèt bloke, san otorite yo pa ka di ki kote blokaj la soti.
Se vre, kèk manm nan ekip k ap mache bwete a te deklare, sa gen kèk semenn, kominote entènasyonal la pa respekte angajman li te pran pou koumanse debloke, apati oktòb 2004, yon bon pati nan milya dola li te pwomèt an jen an. Men, èske estrateji Aleksann / Latòti a te dwe chita sèlman sou pwomès bourad lajan sous lajan etranje ?
Lajan èd la ki kwoke, kote popilasyon an pa konnen, fè wè Premye Minis Jera Latòti pran yon gwo baf. Latòti te sanble fè konprann li okouran tout lanvè landrèt sous lajan entènasyonal yo. Men, jan pwovèb la di an kreyòl, nad marinad, anyen pa mache.
Pa ekzanp, gouvènman an pa bay okenn presizyon sou vwayaj prezidan pwovizwa a, Bonifas Aleksann, al fè nan vil Pari apati dimanch 5 desanm ki sot pase a pou yon semenn.
Epitou, gen yon bann dosye nan sante, nan anviwonman, k ap soufri. Chak fwa gouvènman an pran yon desizyon, li oblije fè retrè, tankou yon moun ki pa t reflechi, ki pa t peze konsekans sa l ap fè.
Ki dispozisyon gouvènman an pran pou ankouraje popilasyon an defann tèt li devan menas sechrès ki deja ap fè peyi a lasisin nan peryòd nou ye kounye a ? Mwa desanm, janvye elatriye, se moman li konn difisil pou moun jwenn dlo. Se pa peryòd yo konseye pou peyizan plante.
Si nou rete nan agrikilti, ekip tranzisyon an plis enterese nan fonse ak tout boulin nan pwogram louvri vant peyi a bay pwodui peyi etranje, san okenn konsiderasyon pou richès natirèl, pwodui sa yo rele pwodui byolojik, ki ekziste nan divès kwen sou teritwa ayisyen an.
Konsa tou, gouvènman an te anonse l ap fèmen, apati koumansman novanm 2004, divès karyè sab ki reprezante danje pou zòn metwopoliten Pòtoprens. Men, li oblije retounen sou desizyon sa a epi bay yon delè 6 mwa pou moun k ap espwate karyè sab yo konfòme yo.
Sou presyon ki te koumanse fèt toupatou nan peyi a, gouvènman tranzisyon an oblije ranvwaye pou mwa janvye 2005 desizyon li te pran pou entèdi yo debake, nan pò vil pwovens yo, pwodui fre ak machin 2zyèm men.
Nan jou sa yo, chofè transpò piblik toupatou nan peyi a deside ogmante tarif yo poukont kò yo, apre pri gaz lan fin ogmante. Gouvènman an pa di anyen jiska prezan, ni li pa al chita ak sendika chofè yo pou gade èske li posib pou pri transpo piblik yo ogmante nan sans chofè yo ap mande l la.
Depi mèkredi premye desanm 2004, anplwaye ladwann yo ap fè yon grèv manch long pou mande ajisteman nan salè y ap touche. Se jis lendi 6 desanm 2004, gouvènman an koumanse chita pale ak anplwaye grevis yo. Grèv sa a lakoz yon bato kase tèt tounen nan peyi Etazini, vandredi pase 3 desanm, paske li pa t ka debake pase yon santèn konntenè èd imanitè li te pote pou vil Gonayiv, nou chonje ki te sibi anpil nan gwo inondasyon 18 septanm 2004 la.
Depi apre lè diktati a tonbe nan dat 29 fevriye, gouvènman tranzisyon an te sipoze fè konsèy saj 7 manm yo tounen yon Konsèy d Eta 27 manm, ki t ap gen pou misyon voye je, kontwole zak gouvènman an ap poze, tankou yon palman. Sa pa rive fèt jis kounye a. Anpil moun gen dout sou posiblite pou Konsèy Saj la ta transfòme nan yon Konsèy d Eta tout bon vre, anvan finisman peryòd tranzisyon an yo prevwa pou 7 fevriye 2006. àˆske gen volonte tout bon ?
Gouvènman an plis chwazi lonmen divès komisyon sou yon bann dosye. Eske pwovèb ayisyen an pral verifye konsènan pwen ki vle « se pou antere kesyon an lè y ap plede mete komisyon pasi pala » ?
Repons lan pa lwen pou jwenn, lè yo konsidere mouvman k ap fèt yo. Eske popilasyon an kapab ret tann ankò ? Pou konbyen tan l ap asepte soufri san ayen pa fèt pou chanje sa tout bon ?
Epi, jan bagay yo ap mache a, anpil moun koumanse ap mande èske klima ki ekziste a pral pèmèt yo rive òganize eleksyon pou prezidan, senatè, depite, majistra ak konsèy administrasyon seksyon kominal an 2005.
An n rete yon ti moman sou koze eleksyon an. Poukisa, jiska prezan konseye elektoral ki te nan bouch louvri ak Wozlò Jilyen an, pa al fè wout yo andedan konsèy elektoral pwovizwa a ?
Pwoblèm prensip ak moralite
Se prensip ak moralite ki vin jwe nan dosye inivèsite a, kote gouvènman an asepte debloke 250 mil goud pou fè chonje 5 desanm 2003, lè atoufè lavalas te fin wè mò : kase pye rektè Pyè Pakyo, sakje lokal fakilte syans imèn ak Inage, montre inyorans yo genyen lè yo te konfonn òdinatè ak aparèy televizyon koulè blan. Ki kote yo jwenn lajan sa a ? Eske kòb sa a pa t kapab itilize pou lòt pwojè, tankou bay dlo potab nan yon seri kominote k ap monte lesyèl pa do pou jwenn byen sa a ?
Eske ekip tranzisyon an bay enfòmasyon sou konbyen lajan ki depanse nan vwayaj prezidan ak Premye minis. Epi konbyen lajan chak fonksyonè sa yo, minis yo, direktè jeneral yo touche ? Apre tou, se pa lajan tout sitwayèn ak sitwayen nan peyi a ?
Antouka, sitiyasyon sa a, ki genyen nan koumansman mwa desanm 2004 la, lakoz anpil moun koumanse leve lavwa pou mande demisyon ekip tranzisyon an, ki parèt ak 2 pye l nan yon sèl grenn soulye nan fason l ap jere peyi a.
Non sèlman ekip tranzisyon an pa rive dezame gwoup ak zam yo, men li kite yon reyalite kwochi sou ansyen militè yo ki kontinye gen zam nan men yo epi k ap bay sekirite nan anpil vil nan peyi a, espesyalman nan Plato Santral ak kèk vil sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominiken, tankou Beladè.
Klima ensekirite a ap ogmante chak jou nan zòn metwopoliten kapital la, san sitwayèn ak sitwayen yo pa wè okenn dispozisyon ki pran pou fè zak bandi yo sispann.
Lapolis nasyonal la, ki eseye fè ti jefò kont bandi yo, ap viktim chak semenn zak agresyon. Polisye yo parèt on ti jan fatige nan jou sa yo nan Pòtoprens. Gen youn ki mouri anba bal lannuit vandredi 3 pou antre samdi 4 desanm, apre yon operasyon yo te fin fè nan zòn Lasalin, sou bòdmè kapital la. 2 lòt blese anba bal bandi nan finisman semenn pase a.
Nan wikenn nan tou, Lapolis Nasyonal te al fè yon operasyon nan Solino, youn nan katye cho nan Pòtoprens, kote bandi ak zam yo konn al kache lè yo fin komèt yon seri zak nan lari a.
Men, bandi yo simen kout zam lendi 6 desanm sou yon patwouy Lapolis, ki ta pral gade si se vre gen kadav yon bandi nan zòn Bèlè, youn nan katye danje ki an fas Palè nasyonal la.
Nouvèl, laprès pa rive konfime, fè konnen gen 6 chimè lavalas ki ta pèdi lavi yo nan lese frape ant yomenm. 6 bandi sa yo, ki ta mouri, te trè fon nan operasyon Bagdad, yon mouvman patizan ansyen rejim nan mete sou pye depi 30 septanm 2004.
Depi dat sa a, se toulejou chimè yo kreye panik nan divès katye avèk gwo zam lou yo gen nan men yo, zam rejim lavalas la te distribye ba yo pou yo defann ni.
Nan kapital Pòtoprens, plizyè katye entèdi pou yon bon pati popilasyon an. Malè yon moun si l oze ale nan katye sa yo, sa l pran se pa l. Epi ki lès ki pral rann ni jistis ?
Lajistis la deja p ap mache. Ou pa tande se yon ti ponyen prizonye (50 konsa) ki gen kondanasyon sou tèt yo, sou pase mil ki andedan gran prizon nou rele penitansye Nasyonal ? Epi, ki sa k fèt kont pakèt vòlò tè nan zòn metwopoliten an ? Gen avoka k ap pibliye nan laprès fo jijman divòs. Nou pa bezwen ale pi lwen nan dosye jistis la.
Jeneral brezilyen Helleno Ribero, k ap dirije fòs Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon an Ayiti (MINUSTAH), demanti jodia nouvèl ki te fè kwè li p ap janm itilize lafòs kont bandi ak zam yo. Jeneral la deklare madi maten 7 desanm, ajans près ent`enasyonal yo pa mete nan kontèks li deklarasyon li te fè devan palmantè nan peyi Brezil.
Li di, MINUSTAH pral kontinye travay epi l ap itilize lafòs, lè sa nesesè, kont bandi. Men, dapre sa jeneral Ribero deklare, se pa yon pwoblèm ki ka rezoud fasil nan kèk mwa, kesyon pou elimine nèt klima laterè bandi ak zam yo mete nan kapital Pòtoprens lan depi 30 septanm 2004.
Sitiyasyon boulvès, tèt chaje nan kapital la, pa anpeche Chanpyona nasyonal football Premye divizyon an rive reprann, malgre tou, wikenn pase, apre yon lane kote pa t gen konpetisyon, kote balon won an pa t woule pou mesye yo. Fanatik foutbòl yo espere sa pral pèmèt remonte nivo jwè ayisyen yo, sitou lè y ap gen pou kwaze ak lòt ekip etranje.
Espozisyon ekotouristik binasyonal ant Ayisyen ak Dominiken fini dimanch 5 desanm nan nan lokalite Fon parizyen, an prezans reprezantan 2 gouvènman zile a. Anpil dominiken ak ayisyen te mete tèt yo ansanm pou òganize espozisyon sa a. Yo bay randevou pou 19 novanm 2005 nan vil Dajabon, nan peyi Dominikani, pou yon lòt espozisyon menm jan an.
Antretan, otorite dominiken yo anonse y ap ranfòse prezans militè yo nan zòn fwontyè ak Ayiti, pou anpeche moun san papye antre sou teritwa dominiken an. Desizyon sa a antre nan kad politik peyi Repiblik Dominiken sou zafè migrasyon, ki toujou anonse kalite desizyon sa a chak fwa peryòd zafra (operasyon pou al koupe kann) pral koumanse. Se nan mwa novanm ki sot pase a operasyon zafra a koumanse. Epitou, se otorite dominiken, ki toulejou sou tout liy fwontyè ak Ayiti, soti nan Wanament / Dajabon rive nan Ansapit / Pedernales ki toujou peye entèmedyè, pou ranmase an kachèt mendèv ayisyen san papye pou al travay an Repiblik Dominiken. [rc apr 08/11/04 12:00]