Pòtoprens., 4 Déc. 04 [AlterPresse]--- Sekretè Leta meriken an Colin Powell fè yon visit tou kout an Ayiti premye desanm 2004, yon fason pou l te renouvle soutyen Washington bay gouvènman pwovizwa ayisyen an ansanm ak tranzisyon politik la an Ayiti.
Patizan ak zam ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide yo te chwazi okazyon visit sila pou te komèt anpil zak vyolans nan Pòtoprens. Bilan : plizyè moun mouri ak plizyè lòt blese.
Dyalog ak rekonsilyasyon
Dapre Colin Powell, san yon klima sekirite an Ayiti, demokrasi a ap an danje. Sekretè Leta meriken a mande pou gen dyalog ak rekonsilyasyon nasyonal, yon fason pou prepare chimen ki dwe mennen nan eleksyon jeneral nan lane 2005. Men Colin Powell fè konnen moun ki tranpe nan vyolans kap fèt nan peyi a pa ta dwe patisipe nan dyalog sila.
Panik nan bab Powell
Chimè lavalas ki rete fidèl ak ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide te bay Colin Powell yon demonstrasyon sou kapasite yo genyen pou mete latwoublay nan peyi a. Yo te fè zam otomatik chante toupre Palè nasyonal nan moman sekretè Leta meriken an t ap fè chita pale ak dirijan ayisyen yo. Kasble Nasyonzini yo te blije replike nan fè zam chante tou, yon fason pou yo te ka pran konwòl sitiyasyon an. Gen plizyè sitwayen ki blese pandan fiziyad sa a.
Fè wont sèvi kòlè
Dapre gouvènman ayisyen an ki pa vle montre li panike, se kèk bandi ki te kache dèyè yon kamyonèt ki te tire, "men yo jwenn yon replik solid nan men ajan MINUSTAH yo".
Rat [1] toupatou
Anplis panik douvan Palè nasyonal, chimè lavalas yo te fè lòt gwo zak vyolans jounen premye desanm lan nan divès katye nan Pòtoprens ki te lakòz plizyè moun mouri ak plizyè kretyen vivan blese. Pami moun ki blese yo, ou jwen 2 ti elèv lekòl ki pran bal nan sal klas yo, nan Lise Petyon, ak yon doktè ki pran bal sou lakou Lopital jeneral, pi gwo lopital Leta nan peyi Dayiti.
San koule nan pi gwo prizon Ayiti
Nan finisman jounen premye desanm lan, vyolans yo ta pral rapouswiv nan Penitansye nasyonal, pi gwo prizon nan Pòtoprens, kote divès prizonye te koumanse yon rebelyon. Yo te eseye mete dife nan prizon an, yo pete baryè prizon yo ak kouvèti chodyè, yo itilize pik ak divès lòt zam ki ka blese moun yo fè ak bwòs dan epi divès lòt zouti pou yo te ka fòse lòt prizonye yo antre nan leve kanpe a. Moun te tande anpil kout zam chante nan moman an tou andedan prizon a. Bilan rebelyon sa a : poupiti 7 moun mouri ak yon senkantèn lòt blese.
Bri kouri
Responsab penitansyè yo te konnen gen yon plan ki t ap prepare pou pèmèt prizonye Penitansye nasyonal yo sove nan okazyon fèt fen lane yo.
Se nan moman otorite yo ta pral pran desizyon pou transfere prizonye ki te dèyè plan sa a, yon seri prizonye ki tranpe nan krim ak "kidnapping", leve kanpe an te koumanse.
Prekosyon pa kapon
Dapre Kwalisyon nasyonal dwamoun (NCHR), ensidan sila rive nan prizon an lakòz otorite yo pat pran nan yon ti tan tou kout dispozisyon serye pou te anpeche sa. Lòt rezon ki ka eksplike rebelyon sa a tou, dapre NCHR, se konpòtman kèk ajan nan prizon an ki bay kèk prizonye yon tretman paspouki, kidonk divès privilèj yo pa ta dwe genyen andedan yon prizon, annechanj yon ti grese pat, yon ti tchotcho.
Otorite Lete sou lagraba
Pou direktè Sant ekimenik dwamoun lan, sa ki rive nan Penitansye nasyonal la se yon ekzanp anplis ki montre koze otorite Leta ap dekrenmen. Rebelyon prizonye yo reflete yon sitiyasyon jeneral kote gen yon gouvènman ki pa ka fè repekte desizyon l. Jean Claude Bajeux pran kòm ekzanp enkapasite gouvènman an pou l rezoud yon bò pwoblèm ansyen militè yo, yon lòt bò pwoblèm geriya chimè lavalas yo ap mennen nan Pòtoprens depi 30 septanm 2004.
Malè pandye
Sou plis pase milnèfsan prizonye ki gen nan tout peyi a, penitansye nasyonal gen, pou kò pal sèlman, yon milye. Twaka ladan yo se prevni ki pa janm parèt douvan Kabinè enstriksyon. Sa ki reprezante, dapre divès save nan zafè lalwa, yon male pandye. [vs apr 04/12/04 12 : 53]
[1] « rat pa kaka » : chimè lavalas