Español English French Kwéyol

Ayisyen nan Nouyòk ankouraje « rezistans kont eleksyon seleksyon » an Ayiti

Kominike Inisyativ Patriyotik (IP)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 11 janvye 2015

IP di non ak tout manèv Enperyalis yo an Ayiti !

Se ak endiyite Inisyativ Patriyotik, ki te fòme pou make 100 tan anivèsè okipasyon militè meriken an (1915-2015), ap konstate jounenjodi a kouman klas dominant yo ap goumen ant yo sanpransouf pou ranfòse pi plis dominasyon fòs reyaksyonè Entènasyonal yo an Ayiti.

Koukouwouj yon latriye òganis entènasyonal tankou « Core Group » la, Inyon Ewopeyèn, Nasyonzini ak OEA ap fè, montre aklè, se ankò sou fòs bayonèt yo menmjan ak an 1915 epi 2010, enperyalis yo vle enpoze volonte yo pou kenbe peyi a anba titèl meriken atravè MINISTA, pou yo kenbe pouvwa ekonomik ak pouvwa politik la anba grif oligachi a ak akolit politik li yo epi kontinye piye resous nou yo.

IP konstate dominasyon an ap vale anpil teren, malgre MINISTA gen pwòp radyo pa l, jounenjodia kèk medya ayisyen blije ouvè mikwo yo ak paj jounal yo bay reprezantan meriken an, pou l fè konnen eleksyon seleksyon yo kòrèk, pa gen fwod, selman kèk ti iregilarite.

IP pa vle rete endiferan fas ak nouvo devlopman sa yo nan konjonkti politik la, nonsèlman enjerans radiyès pèmèt anbasadè Meriken an Peter Mulrean men se delegasyon ki sòti Washington, Thomas Shannon ak Kenneth Merten ki vin pase lòd yo. Kòmkwa se Metwopòl la ki voye komisè l tankou Sonthonax ak Polverel, jan sa te konn fèt nan Sen Domeng nan epòk kolonizasyon yo. Manèv sa yo montre nou, dominasyon enperyalis Meriken yo pa chita selman sou eksplwatasyon richès peyi a ; men se pase souverennte nou anba pye. Pou fè nou konprann, nou pa mèt tèt nou ankò, se ajan ak ekspè Metwopòl yo k ap reflechi, deside pou nou. E se sa k fè, nan pran move dikte nan men nouvo kolon yo, komandè tankou Martelly ak anpil ki te pase avan l fini pa destabilize peyi a nètale, kraze tout endistri nasyonal nou yo pou kreye espas pou pwodui etranje yo patikilyèman pwodui dominiken yo layite kò yo.

12 janvye 2016, pral fè 6 lane depi yon tranblemanntè kraze plizyè vil peyi a. Kote lajan swadizan rekonstriksyon an pase ? Poukisa gen anpil moun k ap viv anba tant toujou. Jistis pou tout moun Ansapit yo k ap viv nan malsite, nan mizè, grangou ak povrete depi yo te sòti nan panyòl kay vwazen, yo lage yo la san sekou.

Douvan malè pandye ki sou tèt peyi a, IP mande Pèp Ayisyen an toujou rete veyatif kont kolabo yo, tyoul yo ak makout yo. IP te avize nou pou n fè atansyon ak neyodivalyeris sa yo ki vle retounen ak fòm gouvènman diktatorial, makoutik pou maspinen mas popilè a.

Pa gen anyen nou te kab atann nan men Martelly ak Evans Paul, tou de mare nan pye tab Tonton Sam. Se pa san rezon, tout kandida alaprezidans ki sou sèn politik la espere se yomenm Washington ta chwazi. Yo tout se enstriman Washington, Paris ak Ottawa ap sèvi pou asire sipremasi yo epi defann enterè yo paske yomenm yo pa gen zanmi, sèl zanmi yo se enterè yo.

Si jwèt politik la parèt konplèks, si li kreye konfizyon malgre tout viretounen elektoral yo, se paske Makout yo ak Kolabo enperyalis yo poko vle antann yo sou yon ajennda politik pou yo batay kont Pèp la. Yo chak di se yo ki pi bon, pi bon pou jwe wòl restavèk enperyalis la, pou kontinye aplike pwojè antinasyonal yo.

IP ap denonse yo ak tout fòs li, menmjan l ap denonse tou maskarad eleksyon malatyong dimanch 9 out ak dimanch 25 oktòb 2015 lan, kote peyi enperyalis yo a MINUSTAH fè kadejak sou vòt yo. Noumenm nan IP nou dako ak pèp la : pat gen premye tou, pa ka gen dezyèm tou. Men, si nou kite yo enstale palman kwoupyon sa a nou bannann menmsi yo mete nèg bannann nan deyò, menmsi yo mete sou pouvwa a Jude Célestin, Moise Jean Charles, Maryse Narcisse elatriye.

Atansyon ! Enperyalis yo kapab rive fè nou vale renmèd chwal la, si nou pa reziste kòmsadwa, si sektè popilè a pa òganize l pou l konbat yo toutbonvre, pwofite tout kontradiksyon ki genyen nan mitan klas dominant yo pou l bati pwòp altènativ pa l.

Se nan sans sa a IP ap mande pèp ayisyen an pou yo kontinye rezistans kont eleksyon seleksyon yo. Li lè li tan pou n sòti nan enpas sa a, pou n bati yon bonjan pwojè liberasyon nasyonal pou n anpeche enperyalis yo ak ajan l yo fin piye tout resous peyi a.

Se yon veritab fwon popilè nan mitan kan pèp la sou yon platfòm minimòm antienperyalis ak antiokipasyon ki kapab ede nou trase wout pou yon chanjman total kapital nan peyi a.
Aba okipasyon !

Aba Minista Kolera !
Aba eleksyon-seleksyon enperyalis yo !
Aba gouvènman Martelly-Evans Paul la !
Aba yon palman kwoupyon !
Aba tout kandida ki pa reprezante enterè pèp la !
VIV AYITI TOMA LIBE E LIBÈ !
VIV YON MOBILIZASYON MANCH LONG POU LIBERASYON PEP AYISYEN AN !

Pou Inisyativ Patriyotik Pou Make 100èm Anivèsè Okipasyon Militè meriken an Ayiti (1915-2015)
Kakola : Jan Estefen
Ayiti Djanm : Ernest Banatte
Ayiti Libète : Berthony Dupont

Siyati
Jackson Rateau
Maude L. Jean-Mary
Gladys T. Phillpotts
Bertin Jean-Mary
Jocelyn Gay
Jean Beliard Lucien
Roger Leduc
Edmund Bertin
Jean Augustin
Jude Ambroise
Stevenson Nosy
Daniel Germain
Daniel Huttinot
Marlène Jean-Noël
Marquez Osson
Marie Severin
Didier Leblanc
Pierre L. Florestal
Lavilaire Chéry
Kenneth Ives
Henriot Dorcent
Yves Camille
Bob Garoute
Ray Laforest
Elie Leblanc
Dr. Frantz Latour
Faguenston Gilsaint