Español English French Kwéyol

Ayiti-Atak medya : Saks, Refraka ak Gwoup Medyaltènatif fè solidarite ak Radyo Tele Kiskeya

Kominike Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (Saks), Rezo Fanm nan Radyo Kominotè (Refraka) ak Gwoup Medyaltènatif (GM)

Nòt sa a vin jwenn AlterPresse 2 desanm 2015

Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (Saks), Rezo Fanm nan Radyo Kominotè (Refraka) ak Gwoup Medyaltènatif (GM), denonse atak ak bal ki fèt sou lokal Radyo Tele Kiskeya, nan lannuit 30 novanm pou rive premye Desanm 2015 lan.

Pou Saks, Refraka ak Gwoup Medyaltènatif, atak sa a montre gran bak peyi a fè nan 5 dènye lane sa yo sou kesyon respè libète lapawòl, libète laprès ak libète pou tout lide ak opinyon politik layite. Libète ak dwa fondamantal sa yo, se mak fabrik tout Eta ki chita sou dwa ak lalwa, se mak fabrik tout sosyete demokratik.

Tankou medya kominotè yo, Radyo Tele Kiskeya se yon medya altènatif, yon zouti kominikasyon konsekan, ki makònen ak batay pèp ayisyen an pou fè respèkte dwa l genyen pou l deside sou lavni l epi chwazi moun ki pou dirije l, atravè eleksyon lib, onèt ak demokratik.

Kòm enstitisyon patnè Radyo Tele Kiskeya, k ap fè pwomosyon dwa kominikasyon, Saks, Refraka ak Gwoup Medyaltènatif gen gwo kè kase. N ap poze tèt nou kesyon sou sitiyasyon ensekirite kont laprès endepandan nan peyi a, nan kontèks latwoublay elektoral n ap viv la.

Pandan n ap fè solidarite ak Radyo tele Kiskeya ak tout lòt medya k ap sibi menas ak atak pou travay yo, SAKS, REFRAKA ak Gwoup Medyaltènatif mande otorite yo ki fè sèman pou yo respekte ak fè respèkte dwa tout moun, libète lapawòl, libète laprès ak libète pou tout lide ak opinyon politik layite, pou yo mennen ankèt serye, prese prese, epi asire pwoteksyon tout medya ak jounalis nan peyi d Ayiti.

Baboukèt la p ap tounen !

Pòtoprens, premye desanm 2015

Pou Medyaltènatif : Gotson Pierre

Pou SAKS : Ary Régis

Pou REFRAKA Marie-Guyrlène Justin