Pòtoprens, 28 oktòb 2015 [AlterPresse] --- Anpil moun, sou rezo sosyal yo, ap bay lide pa yo sou kandida yo panse ki fè gany nan eleksyon pou prezidan 25 oktòb 2015 lan an Ayiti.
Dimanch ki sot pase a, popilasyon an te gen pou vote tou pou senatè, depite ak pou konsèy lakomin, sou tout teritwa peyi a.
Antretan, mèkredi maten ak apremidi 28 oktòb 2015, moun te ka wè divès tras kawotchou yo t ap boule divès kote nan kapital la (sant vil Pòtoprens, Dèlma, Taba, elatriye).
Pèsonn pa konnen ki sa k te dèyè tras kawotchou yo t ap boule yo toupatou nan kapital la. Gen anpil kesyon y ap poze sou danje yon lòt kriz nan peyi d Ayiti, apre eleksyon 25 oktòb 2015 lan.
Sanble, se apre yo fin fèmen biwo vòt yo, apati 4 trè apremidi, kèk gwo chabrak ta koumanse fè divès kalte magouy ak lòt bagay kwochi.
Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep), limenm, pa di anyen sou kantite moun, ki nan laj pou vote, ki te patisipe nan eleksyon dimanch yo.
Kep a sèlman di tout bagay te byen pase. Epi, li avèti tout moun se sèl limenm, kòm òganis ki anchaje eleksyon yo, ki gen dwa bay rezilta eleksyon li sot òganize 25 oktòb 2015 lan.
Plizyè pati politik deja leve lavwa, pou denonse mannèv yo kwè gwo chabrak ap fè pou vòlè vòt dimanch yo.
Kep a mande popilasyon an evite fè manifestasyon nan lari, dekwa pou yo pa sibi pinisyon, dapre dekrè elektoral la.
Kep a anonse l ap bay rezilta eleksyon yo nan yon tan ki pa twò lwen, san l pa di ki dat.
Anpil moun pa konprann poukisa, nan moman pwogrè nan teknoloji yo, Kep a pa ka bay okenn chif sou sa k pase 25 oktòb yo, alòske, nan lòt peyi sou latè, yo rann piblik rezilta eleksyon tousuit apre.
Nan yon moman kote tout moun ap sèvi ak materyèl teknoloji dènye modèl yo, moun yo sa yo di yo sispèk, gen magouy ak lòt bagay kwochi yo ka fè, depi y ap trennen pou bay rezilta eleksyon 25 oktòb 2015 yo.
Kep a leve yon defi, nan yon moman difisil, dapre sa Pierre-Louis Opont deklare nan finisman jounen vòt 25 oktòb lan.
Gouvènman an mande popilasyon an pran pasyans pou tann rezilta eleksyon yo.
Antretan, misyon obsèvasyon Inyon peyi Ewòp yo ak Oganizasyon Leta ameriken yo (Oea) kwè eleksyon 25 oktòb yo te byen pase. [jep rc apr 28/10/2015 1:00]