Español English French Kwéyol

Ayiti-Eleksyon : Lapolis nasyonal arete 278 moun nan moman vòt 26 oktòb 2015 lan

Pòtoprens, 27 oktòb 2015 [AlterPresse] --- Lapolis nasyonal d Ayiti arete 278 moun sou tout teritwa peyi a, nan okazyon jounen eleksyon pou depite, senatè ak pou prezidan, dimanch 25 oktòb 2015 lan.

Lapolis fè konnen tou li sezi 13 zam ak 4 machin ki pa t nan plas yo, nan zòn biwo vòt yo.

Lapolis arete tou yon polisye nasyonal, nan Site Solèy la, yo te jwenn ap pote plizyè bilten vòt nan machin li.

Premye minis Evans Paul te deklare y ap aplike zewo tolerans pou tout moun, yo ta jwenn ki t ap pasedekrè elektoral la anba pye.

Ni gouvènman an, ni divès òganizasyon, nasyonal kou entènasyonal, di yo satisfè sou jan bagay yo te pase, dimanch 25 oktòb lan, malgre kèk bagy kwochi yo te wè.

Pou jounen vòt dimanch 25 oktòb 2015 lan, lapolis nasyonal te mobilize plis pase 10 mil polisye sou tout teritwa peyi a.

Yo te jwenn bourad nan men plis pase 2 mil 500 militè ak polisye, ki se manm Misyon nasyon zini pou estabilize Ayiti (Minista). .

Pami dispozisyon lapolis nasyonal te pran, li te fouye moun, entèdi machin ak motosiklèt kanpe toupre biwo vòt yo.

Yo te enstale tou kamera, ki t ap filme sant vòt yo. Sa ki sanse te pèmèt yo gen enfomasyon sou tout biwo vòt yo alè.

Pandan tout tan vòt la, yo te fèmen fwontyè Ayiti ak Repiblik dominiken an. Se jis lendi 26 oktob 2015 lan, yo te relouvri fwontyè ant 2 peyi yo. .

Ministè edikasyon nasyonal te pran desizyon bay elèv, lekòl piblik ak prive, konje pou lendi 26 oktòb 2015 lan. Se te yon fason pou fasilite aktivite netwayay plizyè lekòl, yo te itilize pou eleksyon dimanch yo. [jep rc apr 27/10/2015 10:10]