Español English French Kwéyol

Ayiti : Eleksyon yo ap refèt nan 4 sant vòt Obòy, akoz atak bandi

Pòtoprens, 27 oktòb 2015 [AlterPresse] --- Nan yon lòt dat li poko fikse, Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep) ap reprann eleksyon pou senatè, depite, ak konsèy lakomin yo, nan 4 sant vòt Obòy, poutèt bandi te boule materyèl eleksyon yo.

Samdi 24 oktòb 2015 la, plizyè bandi, yo pa t rive idantifye, te atake yon machin ki t ap pote materyèl pou sant vòt nan Tibouk Obòy, dapre sa Kep a fè konnen.

Se sèlman nan 4 sant vòt, nan Molas ak Kotdefè, kote yo te boule bilten yo, Kep a gen pou refè eleksyon yo.

4 sant vòt sa yo reprezante 8 biwo, pou apeprè 2 mil 500 moun ki gen laj pou vote.

Malgre poblèm sa a, eleksyon yo te fèt, dimanch 25 oktòb 2015, nan 11 lòt sant vòt Obòy. [jep rc apr 27/10/2015 10:00]

Se nan .