Youn kòmantè Michel-Ange Hyppolite [1] sou remak AlterPresse parapò ak lanng kreyòl la [2]
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 7 oktòb 2004
Si lanng ak kitlti kreyòl ap pran pataswèl anndan Ayiti, se paske pyès mounn osnon pyès gwoup òganize anndan peyi a poko vrèman leve lavwa pou fè respekte atik 5 konstitisyon 1987 la, ki di aklè :«Ayiti gen de lanng ofisyèl, kreyòl ak franse.» Pandan nou ap presize pou tout mounn ki ta genyen dout: Nou pa gen okenn je wouj ak itilizasyon lanng franse anndan peyi a, nou ap ensiste pou leta ayisyen bay lanng kreyòl la plas ki revyen li dedwa kòm lanng ofisyèl ki simante tout Ayisyen anndan peyi a.
Nou rete kwè ,noumenm kreyolis pa dwe chita ap tann bòn volonte okenn mounn pou fè anyen pou nou nan domèn avansman lanng kreyòl la. Si kreyòl ap pran brimad, se responsablite nou tout pou nou touse manch chemiz nou epi tabli tout estrateji nou santi ki kab ban nou rezilta pozitif pou nou abòde dosye a.
Eske li nòmal pou ekip teknokrat yo, ki konnen aklè enpòtans kominikasyon nan mitan youn sosyete, aksepte pou Televizyon Nasyonal Ayiti ap bay nouvèl youn fason pou mete sèten mounn nan blakawout enfòmasyon andan peyi a? Nou ap kouri reponn non epi non ankò. Nou kwè ekip SAKS la dwe chèche youn mwayen pou alète tout gwoup ak ekip mounn ki konsène pou nou lonje dwèt nou kote nou dwe lonje li epi denonse aksyon malonnèt , ki ap fèt kont manmanlwa peyi a, kont mas pèp la ap viv nan youn peyi kote, younnn pami divès dwa fondamantal li yo, dwa pou li gen enfòmasyon, tounen tòchon anba pye teknokrat, ki ap fè lanng kreyòl fè bak sou batay li te fin deje genyen.
Nou ap repete li ankò, se pa an grenn senk pou nou abòde batay sa a. Se an ekip ak bon jan planifikasyon.
Se la nou kanpe ak refleksyon sou koze lanng lan pou jodi a. Nou swete lòt kreyolis konsekan yo va fè pawòl la mache pou kreyòl la reprann plas li sou teren an, epi pou li kontinye grandi nan respè konstitisyon an rekonèt li a.
[1] Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), Manm Sosyete Koukouy Kanada
[2] Fè yon kout je sou tèks sa yo :
Tèt chaje pou jan lang ak kilti kreyòl la ap pran pataswèl
Haiti : La journée internationale du Créole.