Jeneral Josaphat Jean Joseph ap kòmande yon gwoup kako, ki deside mennen batay la, jis nan bout, kont lame ameriken k ap talonnen yo san rete. Twoup ameriken yo anba lòd kòmandan Butler.
Vè 7è nan maten jou 17 novanm nan, sòlda ameriken yo rive nan pye Fò Rivyè, pa lwen sitadèl la, sou tèt Milo, donk pa lwen Okap tou. Se la jeneral Josaphat Jean Joseph tabli katye jeneral li epi pran dispozisyon pou reziste anfas marin ameriken yo.
Men, èske zam kako yo ap itilize kab kòlta ak pa Ameriken yo ? Se yon seri gwo fizi lou ki pase mòd. Kako yo siye kanon yo pou yo kab miyò.
Gen anviwon 60 kako ki anndan fò a. Malgre zam ap tire, marin yo jwenn mwayen antre nan fò a. Zam kako y opa kab kenbe devan zam modèn marin yo. Yo mete ponyèt. Men se pa bann ak pa pakèt yo tonbe anba bal ameriken. Bilan, 50 mò.
Chèf kako a rive chape poul li. Li travèse an Repiblik Dominikèn. Men lè l aprann yo arete madanm li ak manman l, li rantre. Jijman koumasyal rapid. 7 an travo fòse.
Kwonik 100an debakman ameriken an Ayiti 14 septanm 2015 by Alterpresse on Mixcloud
Apre masak 17 novanm nan, Washington mande pou marin yo kanpe ofansiv y ap mennen kont kako yo. Malgre ensistans amiral Caperton, siperyè l yo di non.
Analiz k ap fèt, fè konprann se ta poutèt negosyasyon y ap mennen ak Repiblik Dominikèn y opa ta vle fè twòp san koule an Ayiti.
Jisteman, obsèvatè yo fè konnen yon santiman anti-ameriken ap grandi san rete kay vwazen pou sa yo wè Ayisyen ap sibi anba Ameriken. Dayè, dapre enfòmasyon nan bon ti mamit, gen Dominiken k ap pote kole ak rezistans la an Ayiti. Sanble menm lapolis dominiken ta ape de rebèl yo.
Èske santiman anti-ameriken k ap grandi kay vwazen an pap rann li pi difisil pou konvenk Dominiken yo siyen lòt akò ak Ameriken pou mete kanpe yon jandamri tounèf lakay yo ? Se egzakteman sa Ameriken vle.
Pou pa jennen negosyasyon yo, yo blije fè yon ti lache presyon an sou kako yo.
……..
Nan laprès Pòtoprens, se soulajman apre batay Fò Rivyè a. Kounye a, elit peyi a ap vivi yon detant ak Ameriken. Se fèt, se banbòch.
Kolonèl Waller ki alatèt tout operasyon kont kako yo fè konnen yo disparèt nèt nan zòn nò a, apre twoup yo fin lage dinamit sou plizyè fò kote kako te monte tant yo.
Men, malgre dispozisyon pou fè yon kanpe sou ofansiv kont kako yo, marin ameriken yo kontinye ap fè patwouy nan divès rejyon, sitou nan blòk nò a, epi y ap fè dezameman. 24 novanm, yo rive Ench.
.....
Kwonik sa a fèt granmesi seri liv "Les blancs débarquent" istoryen Roger Gaillard ekri. Groupe Medialternatif ak Radyo Kiskeya di Fondasyon Roger Gaillard mèsi poutèt li bay otorizasyon sèvi ak liv sa yo kòm materyo pou pwodui kwonik yo.