Pὸtoprens, 17 septanm 2015 [AlterPresse]--- Apati premye oktob 2015, k ap vini an, ministè ekonomi ak finans peyi dayiti entèdi 23 pwodui [1] antre nan machin sou fontyè ak Repiblik Dominiken.
Dispozisyon sa a, ladwann te dwe koumanse aplike l apati dat mèkredi 16 septanm 2015.
Men, piske gouvènman an te pran reta pou fè konnen desizyon sa a, se apati jedi premye oktòb 2015, k ap vini an, moun p ap kapab antre ak 23 pwodui sa yo, nan machin sou fontyè a.
Se sèlman sou bato ak nan avyon pwodui sa yo ap kapab vini an Ayiti. Y ap kapab resevwa yo sou waf Pòtoprens ak waf Okap.
Ministè ekonomi ak finans deklare li pran desizyon sa a pou l rive ransmase tout lajan takas, leta ayisyen pèdi nan machandiz k ap antre nan kontrebann nan peyi a.
Gouvènman dominiken an voye pye kont desizyon gouvènman ayisyen an
Gouvènman dominiken an montre li fache pou desizyon sa a. Li di gouvènman ayisyen an pa t pale avè l, anvan li deside entèdi moun antre ak 23 pwodui sa yo, nan machin, sou fontyè ak Repiblik Dominiken.
Gouvènman dominiken an kwè se yon dispozisyon ki pral deranje komès ant 2 pyi ki sou zile Ayiti a, men tou komèsan pa bò isit an Ayiti.
Pou rezon sa a, gouvènman dominiken an deside, nan dat mèkredi 16 septanm 2015, rele anbasadè Ruben Silie Valdez li genyen an Ayiti, pou poze l kesyon sou sa k ap pase la a. [sj emb rc apr 17/09/2015 16:15]
[1] Men lis 23 pwodui sa yo, moun pa ka antre ak yo nan machin sou fontyè a :
1. Farin,
2. siman gri pou konstriksyon,
3. luil manje,
4. savon pou lesiv,
5. fab,
6. anbalaj fom,
7. dlo potab,
8. penti ak pwodui pou douko machin,
9. bè kizin,
10. mantèg,
11. fè pou konstriksyon,
12. espageti, makawoni elatriye,
13. metal deplwaye ak tòl,
14. tiyo PVC,
15. poud pou fè ji,
16. gazez,
17. byè,
18. chiko,
19. mayi moulen,
20. matla,
21. ekipman lou pou konstriksyon (menm sila yo konn lwe pou konstriksyon yo),
22. vesèl ak tout lòt kalite veso an plastik.
23. Bisuit